radiotelepacific@gmail.com
Radio Pacific 101.5 fm
Société

Yon fanm nan Bwodken k ap gade kouman entelijans atifisyèl la ap chanje lavi l

Yon fanm nan Bwodken k ap gade kouman entelijans atifisyèl la ap chanje lavi l

Yon diaspora nan peyi Dayiti

Nan Bwodken, twazyèm seksyon kominal Aken, yo rele m Youyou oswa Ti Da. Non yo chanje men lavi nou sanble. Van an vante menm jan pou tout moun, tout moun jwenn menm kout gouyad la. Sa ki fè nou sanble a pi enpòtan pase sa ki fè diferans lan nan mitan nou. Pa bò isit se aksyon yo ki enpòtan, se yo ki genyen sans.

Sa nou aprann depi lè nou te ti katkat, sa nou toujou ap repete jounen jodiya, se ak yo nou mare senti nou pou nou kapab kenbe djougan. Pou m soti Aken pou m al lakay mwen nan Bwodken mwen pase nan wout tè a, apre 2 kilomèt li tounen on ti chimen nan mòn nan. Sa ki rele kouran nou poko janm wè sa, pou m byen di w menm yon kout pawòl tafya yo poko rache ba nou  santi. Ou wè kote sa a, tan an pa ni dat ni lè, tan an se sezon lapli, sezon sechrès, lè nou resi tande sa pale de sa k ap pase yon lòt kote se toujou lè yo pase mòd, kòmsi bagay sa ki rele nouvèl pa sanble n.

Mwen fèt isi a nan Bwodken. Mwen grandi la. E se la tou m pouse pitit mwen yo. Mwen plante mayi, pwa kongo, mwen gade kabrit menm jan w ap voye je sou mayi ki nan solèy kote ki chaje pou l. Lavi m chita sou menm bagay yo : menm ti chimen yo, menm mache yo, menm espwa yo. E se menm penpenp la tou pou sa m pa genyen yo : se toujou menm bagay, menm ti chimen yo,  pa genyen Leta, pa genyen doktè e w toujou paka wè yon demen miyò.

Pa bò isit la nou pa pale de zafè demen miyò. Demen miyò se pou Aken, se pou moun Pòtoprens, pou etranje, pou dyaspora. Pa bò isit pou pi lwen nou pale de lajounen demen an, de lapli ki pral tonbe, de rekòt k ap vini, de sante, sitou lè w koumanse kanyank kanyank. Epi yon jou menm jan nou pa konn kote dlo pase li antre nan kokoye se konsa san zatann demen miyò parèt sou nou.

Yon jou yon vwa ki soti nan yon lòt kote te konsilte m

Jou sa m pa t mache jouk mayi mi pou m rive nan klinik lopital kominotè Aken an.  E malgre sa lè m rive, klinik la toujou gen tan fèmen. Jou sa mwen pa t tann jouk m tounen pwa tann yon doktè ki pa parèt pwent tèt li. Jou sa mwen pat priye, ni rele tout sen ki genyen pou doulè a pase pou kòl jan l konn abitye fè a.

Yo mete m chita devan yon ekran. Yo di m li rele tablet. Yon esplike m son zouti ki mache ak solèy la. Yon koneksyon ki soti nan syèl la. Epi yon vwa. Dous. Dirèk. Ki koute tout sa m di. Vwa sa a sanble pa soti bò isit la. Vwa sa a soti byen lwen. Alewè se Aken li soti. Oswa nan yon lòt peyi. M paka dou w. Men se premye fwa nan vi m yon moun pran tan l pou l poze m kesyon san l pa prese. Moun nan pran tan l pou l tande sa m ap di yo. Li koute sentom, jès, silans mwen yo, san l pa fatige. Aprese yo mande m pou m depose pla menm sou yon telefonn, m pat santi anyen, yo pa pike m, ni fè m mal, apre yon ti tan tou kout, genyen chif ak liy ki parèt sou ekran an, yo esplike m se rezilta analiz san m ak elektwokadyogram mwen yo ye.

Yo konsilte m gras ak yon sistèm telemedsin ak entelijans atifisyèl nan kad yon pwojè Haitian Resource Development Foundation (HRDF) mete sou pye. Lè m fenk tande pale de koze sa m te bwè pwa, paske mo sa yo : entelijans atifisyèl, algorit, dyagnostik akonpaye, pat vle di A nan fèy malanga pou mwen. Men sèl sa m te konnen e sèl sa m te santi se ke yo te resi pran m o serye.

Mwen toujou rete menm moun nan, men, monn nan te chanje pou mwen. Mwen pa t tounen yon lòt fanm jou sa a, se toujou menm mwen menm nan ki abitye leve douvan jou, ki konn ki tè ki ki tè sèlman ak sant li sèlman, ki konn kilè yon bèt malad avan l lonje tou long. Men genyen yon bagay ki transfòme lakay mwen.

Mwen konpran ke monn nan pa avanse menm jan an ankò. Ke distans yo pa respekte ankò tou. Ke yo pa mande wout kraze ak ti rakwen pèmisyon ankò. Mwen menm ki t ap viv menm jan ak manman m, papa m, ki yo menm t ap viv menm jan ak grann, ak granpè m, mwen vin konprann menm moman ke m deja ap viv nan lane 2026, nan yon lot epòk, pandan anpil lòt moun panse chanjman poko rive sou yo.

Yo toujoun di evolisyon pran tan, ke l avanse ti pa ti pa. Ke nou ap bezwen plizyè jenrasyon pou yon evolisyon pran plas yon lòt. Mwen te kwè sa tou, paske se konsa m te toujou wè lavi a ap avanse pa bò isit. Lakay nou bagay yo pran anpil tan pou yo chanje. Tè a pa prese. Chak sezon yo ale yo retounen menm jan. E sa yo te aprann mwen lè m te timoun, se menm bagay sa yo grann mwen te aprann manman l lè l te piti.

Lè lèzòm te sispann chase pou yo te kapab travay latè, lavi yo pa t chanje yon sè l jou, sa te pran plizyè syèk. Lè machin yo te koumanse pran plas fòs ponyèt moun yo nan jaden ak nan izin yo nan lòt peyi, lè sa a chanjman te fèt ti pa ti pa. Li te ba w tan pou w abitye ak bri, ak lafimen yo. E jous kounya papa nou toujou rekonèt monn sa pitit yo grandi ladan an.

Men jounen jodiya tan sa pa egziste ankò. Mwen konprann sa san radio, san jounal, san konesè pou vin esplike m. Mwen konprann sa jou yon machin te konnen kisa m genyen pandan okenn doktè pa t janm met pwent pye pa bò isi.

Chanjman pa voye komisyon ankò

Mwen pa konn tande radyo, pa genyen tou nan Bwodken, men pawòl yo mache kan mèm malgre nou pa genyen antènn. Yo pase bouch an bouch, nan radio dyòl, soti nan on mache ale nan yon lòt, yo soti nan bouch moun ki pral pi lwen pase nou. Genyen yon pawòl m toujou ap tande y ap di : monn nan chanje twò vit. Yo gen rezon. E mwen kwè ke yo poko konprann byen sa y ap di a.

Sa ki rive jounen jodiya se pa yon chanjman ki pran anpil tan. Se tankou yon sezon ki ap kouri dèyè yon lòt. Se tankou yon inondasyon. Li pa avèti w. Li pa ba w tan pou w chape poul ou. Genyen metye ki disparèt san bri san kont. Se pa yon katastwòf ki fè sa, ni paske moun yo fè bagay yo mal. Men, se paske jodiya yon machin kapab fè de seri de travay pi byen, pi vit san l pa fatige. Yon entelijans atifisyèl ki pap domi, ki pa konn gen kè kase, ki pap vyeyi. 

Kontab. Jounalis. Avoka. Pwofesè. E menm doktè. Nou te kwè ke metye sa yo tèlman djanm ke esperyans, konsyans, santiman, ap pwoteje yo. Nou te wè 2 b nou te panse se byen bon poutan se te bat bouda n. Machin yo aprann. Yo analize. Yo bay konsè. Yo bay dyagnostik. E yo amelyore tèt yo pou kont yo. Sa revolisyon pase yo pran plizyè jenerasyon pou yo transfòme, jounen jodiya chanjman sa yo pran kèk rekòt kafe ase pou l fèt. Pa bò isit dis lane pa anyen. Poutan nan dis lane anpil moun ap reveye epi y ap dekouvri ke tout sa k te bay lavi yo sans fin disparèt tou dousman.

Mwen konprann perèz sa yo. Pèdi metye, pèdi travay, pèdi plas ou, pèdi gwo estati sosyal ou te genyen pa yon janm on bagay piti. Mwen konn sa sa vle di lè w santi tè a ap chavire anba pye w, menm si lakay nou sa poko janm fèt vre.

Sa moun lavil yo pè se li menm moun andeyò yo renmen

Nan vil yo y ap pale de entelijans atifisyèl ak perèz. Perèz pou yo pa pèdi travay yo. Perèz pou yo vin pa itil anyen. Perèz pou yon lòt moun pa pran plas yo. Nan Bwoden nou pa genyen anyen pou nou pèdi. E gen dwa se sa ki fòs nou. Lè yon entelijans atifisyèl ede w konn ki maladi ou genyen nan yon zòn doktè pa te janm parèt yon jou, se pa yon danje. Se yon reparasyon. Lè yon teknoloji konekte yon ti rakwen andeyò ak konesans medikal ki genyen nan monn nan, se pa yon pèd, se jistis menm si li vini byen ta.

Nou pa te janm genyen sa moun yo twouve ki nòmal, e yo menm pè pou pa disparèt jounen jodiya. Nou pat janm gen anyen : pa te janm genyen laswenyay, nou pat janm genyen enstitisyon, ni nou pat janm gen repons pou pwoblèm nou yo. Epi gade jounen jodiya nou koumanse nou jwenn kichòy. Nou pa jwenn li nan menm wout yo konn abitye jwenn li an, men yo jwenn gras ak on kout volan teknoloji a.

E sanble se sa monn nan poko konprann : sa ki ap manje sistèm sa ki déjà pa kapab ankò a, kapab tounen yon chans pou ti rakwen yo pa te janm bay enpòtans, ni vire gade yo make listwa.

E si Ayiti antre nan tan k ap vini yo yon lòt jan

Yo toujou ap di Ayiti an reta. Reta nan ekonomi, reta nan enstitisyon, reta nan teknoloji. E si reta sa a se yon libète tou ? Nou pa genyen gwo enfrastrikti pou nou defann, nou pat janm genyen on sistèm  pou nou pwoteje , ni ansyen metòd pou ki pa bay rezilta pou nou kontinye kenbe. Gen etap nou kapab sote.

Si entelijans atifisyèl la jwenn bon jan ankadreman, si yo byen panse li, byen mete l chita, byen jere l, Ayiti kapab tounen laboratwa chanjman pou tan k ap vini. Ayiti kapab se premye peyi k ap koumanse mouvman sa a, li pap fè sa ak fòs, men ak kran. Yon peyi ki ap bay laswenyay kote pèsòn pa t gen laswenyay, ki ap bay moun edikasyon kote ki manke lekòl ak pwofesè, kote ti bouk yo byen òganize pandan administrasyon an fè bèk atè, e kote ki vin konekte pandan yo te bliye yo.

Teknoloji a toujou gen pas pou ki

Mwen pa yon enbesil mwen konnen byen yon machin pa ni yon bon ni yon move bagay. Tout bagay la depann de moun ki fè l la, de moun ki panse l la,  de moun ki pwograme l la, de moun ki ap kontwole l la e de moun ki deside a kisa l ap sèvi a. Entelijans atifisyèl la ka bay libète menm jan l ka mete nan chèn tou. Li kapab wete kote ki genyen twòp e mete kote ki pa genyen ase. Konsa tou li kapab anpire maleng nan e kraze tout bagay plat atè.

Si li rete nan men kèk gwo konpayi, kèk grenn peyi, kèk grenn gwo potanta, l ap fouye yon tou pèsonn pap ka ranbleye. Men, si yo pran li pou byen tout moun l ap tounen yo zouti ki ap ede lèzòm releve kanpe ankò, li kapab transfòme peyi tankou Ayiti yo an premye referans nan zafè  devlopman.

Men kisa entelijans atifisyèl  la pap janm kapab ranplase

Genyen kèk bagay entèlijans atifisyèl pap janm kapab fè. Li pap janm konn sa ki rele tann lapli ak kè kase. Li pap konn sa ki rele pèdi yon pitit paske l pa t jwenn laswenyay. Li pa konn sak rele viv nan yon bouk tout moun bliye men, ke w deside rete paske kòd lonbrik ou mare ak tè a. Li pap janm ranplase listwa, li pap janm ranplase souvni yo, lanmou nou genyen pou tè a ni lanmou nou genyen pou tèt ansanm nou an. Se sak fè l dwe rete yon zouti nou pa dwe janm kite l vin mèt nou.

Soti nan Bwodken pou w bout nan kat kwen monn nan

Mwen pa janm kite ti bouk kote mwen fèt la, mwen pa chanje jan mwen konn viv, poutan monn nan vin jwenn mwen. Jou sa a, douvan ekran sa k ap fonksyone gras ak solèy la mwen konprann yon bagay ki enpòtan anpil anpil : se pa moun k ap fè gwo gòj, frape lestomak yo ki mèt tan k ap vini yo men se moun ki konn resevwa l san yo pa pèdi nanm yo.

Si entelijans atifisyèl kapab rive jouk Bwodken, sa montre okenn peyi pa kondane pou li rete nan ke kamyonèt la. Monn nan gen tan chanje deja. Bon kesyon an se, si nou menm ayisyen n ap rete chita gade transfòmasyon sa yo oswa si na p mete men nan pat la pou n kapab genyen yon demen miyò.

Yon fanm Bwodken, twazyèm seksyon kominal Aken.

 

Doktè Aldy Castor

Fevriye 2026

0 commentaire

Les échanges courtois et argumentés font la qualité du débat.

Connectez-vous pour commenter. Un compte garantit que votre nom n'est utilisé que par vous.

Se connecter Créer un compte

Aucun commentaire pour l'instant. Soyez la première personne à réagir.

À lire également

Toute la rubrique Société

Alertes du National

Recevez une notification sur votre téléphone ou votre ordinateur dès qu'un article paraît dans les rubriques de votre choix. Gratuit, sans inscription.

Rubriques à suivre