Écrire à la rédaction
Radio Pacific 101.5 fm
Société

Peyi volkan yo, yon ayisyen nan Gwatemala An 2024,

Peyi volkan yo, yon ayisyen nan Gwatemala An 2024,

Écouter l'article

Nan lane 2024, Asosiyasyon Medikal Ayisyen Aletranje (AMHE) te òganize senkann-dezyèm reyinyon syantifik li abitye fè chak ane a men fwa sa li te fèt nan Gwatemala. Apre avyon an te fin ateri nan ayewopò entènasyonal La Aurora yon nan vil Gwatemala, nou te pran yon bis pou nou ale nan yon bèl ti bouk ki rele Conacaste nan Puerto de Iztapa. La a nou te desann nan konplèks Oceana Resort, ki genyen tout bagay nèt, e ki se youn nan pi bon kote nou kapab nou wè pi byen kijan oseyan pasifik la bèl.

Kapital Gwatemala twouve l a 1500 mèt altitid anwo lanmè a, sa ki fè nou bat 120 kilomèt wout nan 2 a 3 è tan, pou nou kapab rive nan otèl la. Pandan nou sou wout la genyen de bagay ki rete nan lespri mwen. Tout mòn yo Cuauhtēmallān, nan lang Nahault sa vle di, yo tou vèt ak pye bwa. Dapre gid nou an, zòn cuauhtēmallān nan genyen prèske 200 mikroklima diferan ke w kapab wè ak je w. Mwen te wè tou plizyè gwo vòlkan sou wout la, e genyen de nan yo ki genyen aktivite. Yon ti kè sote pou anime vwayaj la!

Mwen t ap sonje dantan m ,epòk mwen ta p etidye medsin nan Inivèsite Nasyonal Otonòm Meksik la, mwen t ap reviv vwayaj mwen te fè nan lane 1968, kote m te sòti nan nan kapital Meksiko pou mwen ale Acapulco yon vil nan Eta Gerrero. Kapital Meksiko a twouuve l sou yon plato ki a 2240 mèt altitid ak Acapulco li menm ki sou kòt oseyan pasifik la. Sou bò goch mwen genyen de vòlkan ki domine vil Meksiko a, dapre lejand Nahuatl la, se prensès Iztaccíhuatl, " fanm k ap dòmi an", ansanm ak vanyan sòlda Popocatépetl, ki se "montay k ap bay lafimen an”, ki makonnen ansanm nan lanmou pou tout tan gen tan. Xóchilt yon gwatemaltèk, kanmarad inivèsite m, te vin wete m nan panse m yo pou l fè m sonje Gwatemala, se youn nan peyi amerik santral la, e li pataje fwontyè li asanm ak Meksik, Beliz, Salvadò epi Ondiras, li di mwen : se Gwatemala ki peyi vòlkan an tout bon vre. Depi lè sa a eripsyon vòlkanik nan Gwatemala pat sispann fè chimen yo nan lespri m, e se pa t sèlman paske li te fè chalè nan Gwatemala.

Yon jou maten nou deplase byen bonè kite Oceana Resort pou nou ale viv  yon avanti nan lak Atitlán nan. Lè nou rive, espetak volkan Atitlán, Tolimán ak San Pedro yo, ki ansanm fòme peyizaj yo rele "Twa Jeyan yo" te koupe souf nou. Towo sa yo, se 3 nan pami 300 vòlkan ki fè pati chèn vòlkanik Gwatemala a. Vòlkan Atitlán li menm pat kamarad rès yo akòz 3,535 mèt wotè la e tou ansanm ak listwa l nan zafè aktivite vòlkanik. Sistèm vòlkanik sa a se yon pati nan ak volkanik amerik santral la, li rele ceinture de feu , se zòn kote vòlkan ki pi aktif nan monn nan toujou ap taye banda. Se yon espektak ki ka koupe souf ou e pa sèlman a kòz wòtè a!

Se fwotman plak litosferik ki chita nan zòn nan ki lakòz pil aktivite vòlkanik Volcán de Fuego a. Zòn sila se, se yo zòn kote plak tektonik yo toujou ap fwote sa ki ka lakòz genyen, tranblemanntè, tsunami ak eripsyon vòlkanik.

Foto Manuel Salvador Galdamèz Aguirre, te fè nan dat 28 desanm 2021, gid jeneral touris nan Gwatelamala No 798.

 

 Lak Atitlán nan twouve l a 1500 mèt altitid anwo lanmè a, li sa fòme sa genye 84 000 lane apre yon gwo bout tonton eripsyon vòlkanik. Longè li se 18 kilomèt epi pwofondè l se 341 mèt. Se lak ki pi fon nan amerik santral la, li layite  kòl sou 130 kilomèt kare. Li pote non "pi bèl nan monn lan” akoz gwo dlo ble ak vèt li yo. Nan lantouray li genyen douz vilaj Maya, se Cakchiqueles ak Tzutujiles yo ki rete ladan yo kounya. Pou rezon mistik ak pou rale touris yo bay vilaj sa yo pote non douz apot Jezi Kris yo. Anplis de sa, lak la charye yon lejann sou de mou ki damou: istwa "Xocomil" la, yon vèsyon lokal istwa Romeo ak Jilyèt la. Lejann nan rakonte, se de jènn ki damou, men yo chak sòti nan yon bouk diferan, e bouk sila yo youn lennmi ak lòt. De jèn sa yo konn kontre nan mitan lak la malgre zigzani ki genyen nan mitan fanmi ak de bouk kote yo soti yo, pou kapab fè pou lanmou yo dire tout tan gen tan. Trajedi ak lapènn ak lanmou sa vin ajoute sou bote bèl ti kote sila.

Nan demen maten, nou te ale nan La Antigua ki se premye kapital e ki se pi gwo sant nan zafè edikasyon, ekonomi, politik ak relijyon nan amerik santral la. La Antigua te fonde nan dat 10 mas 1543 e UNESCO te deklare li se yon eritaj kiltirèl pou limanite nan lane 1979. Ki donk La Antigua se yon trezò istororik. Pandan m ap mache nan lari La Antigua se kòmsi m te tounen senk san lane dèyè, nan bèl istwa vil sa. Pandan esperyans sa a, mwen t al admire ansyen tanp ak monastè yo, batiman sizyèm syèk yo, ansyen ri yo, Plaza Major, Mize Jad la, ansyen katedral Gwatemala tout sa yo a pandan m ap gade gwo bout tonton vòlkan Fuego ak Acatenango yo.   Mwen pat ka pa fè yon ti sèlfi ak Sen Pyè nan yon monastè pou si zanka papa! Ou pa janm konnen, prèv zanmitay ak gwo potanta nan syèl la kapab itil wi yon jou.

Mwen te sezi wè tout kalte chay aktivite ekonomik sa yo nan Gwatemala ki se premye ekonomi nan amerik santral la, dizyèm ekonomi nan amerik latin nan ak swasant senkyèm ekonomi nan monn lan. Li te genyen pwodwi enteryè brit 92,7 milya dola nan lane 2022. Malgre tout aktivite sa yo ki montre genyen yon kwasans ekonomik ki te a 4.1% nan lane 2022, e ki pase a 3.5% nan lane 2023, e tou previzyon ki montre ap gen ogmantasyon ekonomik ankò nan lane 2024 la,  malgre tout pil aktivite sa yo nan lane 2023 yo te estime se 55.1% popilasyon an ki t ap viv nan mizè e genyen ladan yo ki te menm nan mizè rere. Nan Gwatemala ekonomi enfòmèl la reprezante 49% nan PIB, epi 71.1% nan popilasyon an ap degaje yo jan yo kapab.

Ak 1 mèt 81 wotè m nan, mwen pat pase pami la foul menm nan mitan popilasyon endijèn nan zonn an Conacaste la. Fanm yo tou kout, bèl souri, epi anpil ladan yo te mete lò nan dan yo. Nan kèk ti bat bouch mwen te genyen ak kèk nan medam yo, yo te di m ke nan lane 2014 yo te Gwatemala klase kòm katriyèm peyi nan amerik latin, ak nevyèm peyi nan monn nan kote ki genyen plis inegalite. Li genyen yon kowefisyan Gini 48,3 %. Nan kowefisyan Gini an 0 a reprezante egalite tout kote, pandan valè 100 li menm se pi gwo degre inegalite ki ka posib. Yo te ban m yon enfòmasyon ke m pat kapab kwè. Yo di m ke Ayiti malgre tout pwoblèm li yo, genyen endis devlopman imen ki pi ba nan amerik latin nan, sa ki fè li genyen yon kowefisyan Gini nan 41.1%, e sa ki fè tou a li se youn nan peyi ki genyen plis egalite nan rejyon.

Te genyen yon bon jan kòkòday nan mitan nou menm ayisyen yo ansanm ak moun nan vilaj Conacaste yo. Èske se paske nou menm ayisyen nou genyen bon jan oswa paske listwa pase peyi nou yo sanble? Mwen te pwofite di yo nan lane 1789, Médéric Louis Élie Moreau de Saint-Méry, nan liv li "Deskripsyon topografik, fizik, sivil, politik ak istorik pati fransè zile Sendomeng lan," te montre 28 konbinezon nou kapab jwenn lè blan ak nwa fè pitit. E li montre 28 konbinezon sa yo bay 9 kategori. : sacatra, grif, marabou, milat, quadroon, metis, mamluk poun site sa yo sèman. Pa egzanp, “blan ak nwa bay milat; milatrès ak blan bay quarteron; nwa ak milat bay  capre; blan ak quarteronne a bay misti" eatriye. Klasifiksyon sila chita sou kantite san nwa moun nan genyen. Objektif Moreau de Saint-Méry se te kreye yon "aristokrasi koulè po", ki mete kolon  blan an k ap fè esklav la nan tèt piramid sosyal la, sa ki t ap pèmt yo kreye yon segregasyon nan mitan nwa ak milat yo, sa tou ki t ap nan avantaj kolon blan yo, paske esklav nwa yo te pi plis pase yo nan Sendomeng. Sou mache a plis yon esklav genyen po klè plid li vann chè.

Yo te di m ke nan Gwatemala, depi dominasyon espayòl yo, te genyen yon bagay konsa ki te parèt nan mitan twa gwoup ki te genyen yo : blan, Endyen ak nwa yo. Nan melanj sa yo te vin genyen sèz konbinezon ki sòti ladan yo ansanm ak anpil lòt varyasyon epi non diferan tankou calpamulato, coyote, cuarterón, genízaro, jarocho, tresalbo, zambo, elatriye. Pa egzanp, yon espayòl ak yon fanm endyen bay yon mestizo; yon mestizo ak yon fanm espanyòl bay yon castizo ; yon spayòl ak yon maure bay yon mulato.

Ayiti, menm jan ak Gwatemala, pa t chape anba dominasyon zafè san sa, kote valè yon moun sanble depann plis de kantite melanin li genyen nan plas karaktè li. Menm jan ak nan peyi Dayiti, yo te mennen esklav nwa tou nan Gwatemala pou ranplase endijèn lokal yo nan travay fòse a. Mèkredi 3 janvye 1543, yo sòt ak 150 esklav nan sendomeng e yo mennen yo Gwatemala. 27 novanm 1602 yo entèdi endyen yo travay nan min yo, paske yo te mete nwa travay nan plas yo. Dapre resansman 2018 la, 0.3% nan popilasyon Gwatemala se desandan afriken kreyòl ak garifuna yo ye.

Anvan mwen te ale Gwatemala, mwen te chèche konnen tout sa m ta dwe konnen sou peyi sa. Anplis lekti mwen te fè yo, mwen te mande zanmi m Harold ki rete nan Weston yon nan Eta Florid, kote m abite a, si l te kapab prezante m kèk Gwatemaltèk. Mwen te sezi wè jan te gen anpil Gwatemaltèk nan Weston. Jounen jodiya genyen prèske 3.5 milyon Gwatemaltèk ki rezide nan peyi Etazini. Menm jan ak dyaspora ayisyen an, dyaspora Gwatemaltèk yo jwe yon gwo wòl nan devlopman ekonomik, envestisman dirèk ak kreyasyon antrepriz nan peyi yo gras ak lajan yo voye. Nan lane 2023 transfè lajan gwatemaltèk yo te fè bay fanmi yo sòti Etazini pou rive Gwatemala te yon afè 18,039 milyan dola, poutan ayisyen yo yo menm voye 3,28 milya soti dola Etazini pou rive Ayiti. Lajan sila lè l rive Ayiti li plis sèvi pou lamanjay, edikasyon, kay ak laswenyay.

Gen kèk abitid tankou koripsyon, ki difisil anpil pou elimine. Nan lane 2023, Transparency International te klase Gwatemala 154 èm sou 180 peyi nan endèks pèsepsyon koripsyon, sa ki te fè li genyen yon nòt 23 sou 100 sou echèl koripsyon an, kote 0 reprezante yon ki nivo wo anpil nan koripsyon an epi 100 li menm se yon nivo ki fèb anpil.

Pandan tan mwen te pase Gwatemala a, mwen te santi m an sekirite anpil malgre aktivite gang ki genyen nan kèk zòn. Gwo gang yo, Mara Salvatrucha (MS-13) ak Barrio 18, reprezante 95% manm gang nan peyi a. Nan kapital Gwatemala anplis 2 gang sa yo genyen yon 53 lòt gang ankò k ap frape. Gang sa yo pran jarèt nan katye popilè ki pòv anpil yo, kote ki prèske pa genyen sèvis leta, tankou sèvis sosyal yo. Vyolans gang sa yo fòse anpil fanmi kite kay yo, pou al jete yo nan lòt peyi pou y al cheche sekirite.

Nan mitan lane 2000 nan Gwatemala akòz zak kriminèl gang yo e ki te menm rive rantre nan enstitisyon Leta yo, te rive genyen 44  zak sasinay pou 100 000 abitan nan Gwatemala e se menm chif sa nou jwenn nan peyi Dayiti jounen jodiya. Ayiti te kapab sèvi ak modèl Gwatemala a epi pran kèk mezi menm jan ak li pou konbat gang ak koripsyon.. Lè nou marye esperyans entènasyonal ak resous lokal yo, n ap kapab tabli lapè ak la jistis nan peyi a, pandan n ap respekte souverènte nasyonal peyi a epi bay enstitisyon yo plis jarèt.  Mezi sa yo t ap pèmèt nou bay ayisyen ki viktim anba koripsyon ak vyolans yo jistis nan yon fason ki respekte rit mit kwayans peyi a.

 

Lè mwen retounen nan Weston, Florid, Harold, yon ki sòti Cali nan peyi Kolonbi, ki se yon manm nan Rotary Club nan Weston menm avè m, te envite m pran yon ti kafe ak yon lòt manm Rotary Club la Vista Hermosa ki nan Gwatemala. Men fwa sa de nan lavni nou t ap pale, kote nou t al gade pil posiblite ak kolaborasyon ki kapab genyen. Gras ak vwayaj mwen e ak leson mwen aprann nan  peyi volkan yo, mwen kwè, ke gras a koperasyon entènasyonal e ak echanj kiltirèl, nou ka bati pon pou nou youn konprann lòt epi avanse pi pike douvan youn ak lòt.  Ou gen dwa wè nou ta ka kreye yon "Route des volcans Rotary" sa ki t ap mande pou nou ale wè tanzantan wè bèl e wo bout tonton peyizaj nan Gwatemala yo ansanm ak nouvo zanmi nou genyen nan Conacaste la. Apre reyinyon mwen vin konprann menm si nou poko ka vwayaje nan tan k ap vini yo, zanmitay ak kowoperasyon se machin ki mennen nou tout bon nan demen miyò. Alòs vòlkan yo nou met chita tann rotariens yo wout  ap vini.

 

Aldy Castor MD, aldyc@att.net

Prezidan, Haitian Resource Development Foundation (HRDF)

Direktè, Emergency Medical Services for Haiti Medical Relief Mission, Association of Haitian Physicians Abroad.

Manm, United Front Haitian Diaspora

 

25 dawout 2024

Mwen voye yon gwo kout chapo bay Manuel Salvador Galdámez Aguirre pou enfòmasyon li te pèmèt mwen jwenn pou m te kapa ekri atik sa.

Bibliographie :

0 commentaire

Les échanges courtois et argumentés font la qualité du débat.

Connectez-vous pour commenter. Un compte garantit que votre nom n'est utilisé que par vous.

Se connecter Créer un compte

Aucun commentaire pour l'instant. Soyez la première personne à réagir.

À lire également

Toute la rubrique Société

Alertes du National

Recevez une notification sur votre téléphone ou votre ordinateur dès qu'un article paraît dans les rubriques de votre choix. Gratuit, sans inscription.

Rubriques à suivre