Se liv Jazz Imaj Kesler Bien Aimé ki pouse n fè ti refleksyon sa a. Yon liv foto men ki pa yon albòm foto pousa. Se yon liv ki inisye yon lòt fason travay fotografi kapab fèt nan peyi a anpi ki kapab enspire lòt fotograf.
Fotografi twouve sans li nan legzistans lòm. Li pèmèt li transmèt siy yo, kominike lide, emosyon, konsèp, elatriye. Si lontan li te difisil pou n tire yon pakèt imaj, jounen jodi a gras ak teknoloji, monn fotografi a kapab temwanye satisfaksyon li. Pratik fotografi a vin abite lemon nan tout konpatiman li. Sa vle di, jounen jodi a gen yon demokratizasyon nan zafè fè foto ak pran foto. Nenpòt moun avèk telefòn li, tablèt li, òdinatè li kapab pran foto oubyen fè foto. Se pou youn nan rezon yon nonm tankou Marc Proust kapab deklare « li pi fasil pou yon moun fè foto pase aprann li ak ekri. «Nou fè yo fotografe n oubyen nou fotografe tèt nou, nou fotografe moun oubyen anviwonman nou nan tout okazyon ak pou tout okazyon. Keseswa se pou yon dokimantè, yon souvni, pou n kominike, pou terapi, elatriye.
Tout sa pou n di, fotografi pataje vivasyon, eksperyans lòm. S on demach ki enskri l nan vize pou l pote ede mantal la fikse vanite tan an anpi pèmèt lòm viv yo pi byen. Fotografi pèmèt lòm non sèlman wè monn lan nan fason li, li pèmèt nou wè tou kisa fotograf la te vle montre nou. San n pa gen dwa bliye objektif yon foto se pouse espektatè a gade men tou reflechi anpi pou bay pwòp siyifikasyon li.
Publicité — faites défiler pour poursuivre la lecture
Si vous avez déjà créé un compte, connectez-vous GRATUITEMENT pour lire la suite de cet article.
Pas encore de compte ? Inscrivez-vous
1 commentaire
Les échanges courtois et argumentés font la qualité du débat.
Connectez-vous pour commenter. Un compte garantit que votre nom n'est utilisé que par vous.
Se connecter Créer un compte
Kesler Bien-Aimé
Ewaaa...! Mèsi Orso Antonio DORELUS