Stephanie Larrieux pa pote wòb li pou bèl twal. S on fanm djanm k ap taye banda nan kominote ayisyen an nan depatman zile Frans lan. Feminis, entrepenè, jounalis, ekonimis, militan politik, Mètrès Stephanie Larrieux pa sispann travay pou fè pwomosyon kilti ayisyen an ak enspire lòt fanm ki pran li pou modèl.
Mètrès Stephanie Larrieux, se yon moun ki pote relijyon popilè ayisyen an nan nanm li. Li pa janm rate yon okazyon pou montre bèlte ak dimansyon espirityèl vodou a ki chita sou lanmou youn pou lòt ak lanati a anpi pataj. Se pou sa, li kreye yon Magazin ki pote non Nèg Aleman kote misyon l se demistifye vodou a, fè pwomosyon keseswa sou rezo soyo yo ak divès aktivite kiltirèl li fè nan kominote ayisyen an nan peyi Lafrans. Pou Manzè Larrieux : « Pale vodou se pale idantite ayisyen an. Se kominye ak nanm pèp ayisyen an. Se nan lide sa a mwen kreye platfòm sa a ki kapab sèvi pon ant vodouyizan ki Ayiti ak sa ki nan dyaspora yo ».
Fòk nou di tou, keseswa se Wa vodou a Augustin St Clou, Ewòl Josué, Manbo Euvonie ki fenk travèse, yo toujou retire chapo pou travay Stephanie Larrieux ap fè pou vodou a nan kominote Lafrans lan. Dayè sa pa gen lontan, depi limenm ak kèk lòt vodouyizan te chante Bohoun pou Manbo Euvonie ki ale nan ginen. Youn nan pwojè li vle mete sou pye, se pèmèt lè yon vodouyizan ki Lafrans mouri se pa legliz pou yo ale chante antèman li men pou vodouyizan yo kapab reyini yo pou yo fè sa kòmsadwa nan lojik vèdilèn vodou a. Pou Erol Josué : « Mètrès Stephanie Larrieux se gadyenbi jenerasyon vodou a pou moman konyeya».
Jan n te di l pi wo a, Mètrès Stephanie Larrieux se fanm ki gen plizyè chapo. Yon lòt chapo li genyen, se militan politik la, kote li se reprezantan pati politik Pitit Desalin nan Lafrans. « Entegrasyon m nan pati politik Pitit Desalin, se pa yon aza. Se yon konstriksyon ideyolojik. Paske depi m piti, paran m te toujou ap fè eksperyans politik devan je m. Anpi fanmiy lan te toujou gen yon sansibilite pou ideyoloji moun goch yo », pou n site li.
Publicité — faites défiler pour poursuivre la lecture
Si vous avez déjà créé un compte, connectez-vous GRATUITEMENT pour lire la suite de cet article.
Pas encore de compte ? Inscrivez-vous
2 commentaires
Les échanges courtois et argumentés font la qualité du débat.
Connectez-vous pour commenter. Un compte garantit que votre nom n'est utilisé que par vous.
Se connecter Créer un compte
Marguerite OKD VODOU
Félicitations MA MERVEILLE Tu es et restera une grande dame. 🤝👍👊Continue dans ce beau travail que tu fais durement avec rigueur chaque jour.
Ismael de Kerby
Lè yon moun li tèks sa, li fasil pou rive konprann kiyès ki te zansèt nou yo ki pat fè separasyon ant aktivite politik,aktivite kiltirèl chak fwa li te nesesè pou defann tèt yo ak lòt moun ki te bò kote yo. Mèsi Stéphanie Larrieux pou tout sa ou ye e pou tout sa wap fè pou kominote ayisyen an tout kote sou latè, espsyalman nan peyi Lafrans.