Renmen se youn nan vèb batman kè m konjige pi byen nan gramè lanmou. Jouk jounen jodi a, mwen pa janmen bliye lò m te konn al keyi grap bon konprann pa bann ak pakèt nan jaden lakonesans. Mwen te lekòl nan lise Anri Kristòf, Tirivyè latibonit. Mwen pa t janm gen fanm ki ènmi m, se te toujou bon zanmi m, bwat sekrè m, tiboubout mwen tou.
Chak yon lanne lekòl tounèf rantre, ban m chwazi pou m fè repozwa m nan toujou plengrennen aliyen ak yon batle bèl lòlòz, ti diri san pay, fanm lekzistans pran kòm referans bote. Chak kout souri yo kont pou twouble memwa tan an. Fò m pa krent di nou sa, se mouri medàm y ap mouri pou mwen. Se pa djòlè m ap fè non! M gen yon mòd, depi m pa gen senk lesko pou m bwè yon fresko, medàm yo konnen, paske m p ap soti nan rekreyasyon jou sa a pyès. Lè konsa, se rete m rete m wè medàm yo ap deplwaye ak griyo, bannann, akra, fwa di, ragou, làm... Tout nèt pou vye mwen menm nan! M souri nan moustach. M konn fè ti tankou wi.
_ M p ap manje.
Publicité — faites défiler pour poursuivre la lecture
Si vous avez déjà créé un compte, connectez-vous GRATUITEMENT pour lire la suite de cet article.
Pas encore de compte ? Inscrivez-vous
0 commentaire
Les échanges courtois et argumentés font la qualité du débat.
Connectez-vous pour commenter. Un compte garantit que votre nom n'est utilisé que par vous.
Se connecter Créer un compte
Aucun commentaire pour l'instant. Soyez la première personne à réagir.