Radio Pacific 101.5 fm

Culture 29 min de lecture

Tradiksyon nan lang kreyòl aysien : kisa li ye, ki pwoblèm li gen ladan l, metòd li, pèspektiv li

Tradiksyon nan lang kreyòl aysien : kisa li ye, ki pwoblèm li gen ladan l, metòd li, pèspektiv li

Tradiksyon nan lang kreyòl ayisyen an ta vle sanble deplasman yon sòlda k ap kouri pye atè sou yon teren chaje ak eksplozif, k ap degaje li fè sa li kapab. Si gen anpil moun bileng, ki konnen franse ak kreyòl, ki ta vle fè ou konprann ou pa ka fè «erè» nan ekriti kreyòl, menm jan an ou pa ka rete konsa pou di ou kapab tradui nan lang kreyòl paske lang kreyòl se pa ou li ye. Eske li posib jounen jodi a pou nou rive idantifye eleman esansyèl pou sèvis tradiksyon nan peyi dAyiti? Ki karakteristik jeneral yon tradiktè ki ap travay sou yon baz pwofesyonèl? Nou tradui soti nan ki lang al nan ki lang anjeneral? Èske genyen, nan peyi dAyiti, yon enstitisyon ki bay yon fòmasyon dirèk nan tradiksyon? Nan dokiman sa a n ap chèche wè dapre premye gwo travay ki fèt nan domèn tradiksyon an si n ap kapab reponn kesyon nou sot poze la yo. N ap chèche idantifye tou enpi analize kèk pwoblèm ki poze nan zafè tradiksyon. Apre sa, n a bay kèk lide pou devlopman yon fòmasyon akademik ak pwofesyonèl. 

1. An nou gade nan ki kontèks aktivite tradiksyon ap fèt

Tradiksyon defason jeneral, oswa tradiksyon teknik ak syantifik an kreyòl ayisyen ap soufri paske manke fòmasyon nan domèn nan parapò ak enstitisyon nou yo. Pwoblèm tradiksyon soti nan yon lang (L1) (franse) al nan yon lòt lang (L2) (kreyòl ayisyen) klè nan egzanp sa a nou jwenn nan yon anons pou yon ekspozisyon ki te fèt nan Monreyal : « Ayiti en scène – samedi 10 janvier. Conférences, kiosques et diverses activités sont prévues. Participez au vernissage de Casque noir / Kas nwa ki fèt an Ayiti, réalisée par des jeunes créateurs haïtiens et québécois de 12 à 18 ans, dans le cadre d’un vaste projet pédagogique et artistique de mutations urbaines.1»  Jan anons la fèt la se pa sèlman yon kesyon sou òganizasyon entèn pwodiksyon an (tradiksyon elèv ki nan lekòl segondè fè oswa ki se travay tradiktè pwofesyonèl): n ap analize tradiksyon ki fèt la enpi ki pibliye casque noir / *kas nwa ki fèt ann Ayiti,  parapò ak kontèks jeneral tradiksyon nan Kebèk ak nan peyi dAyiti.

Publicité — faites défiler pour poursuivre la lecture

Si vous avez déjà créé un compte, connectez-vous GRATUITEMENT pour lire la suite de cet article.

Connectez-vous

Pas encore de compte ? Inscrivez-vous

Suivez-nous sur WhatsApp

0 commentaire

Les échanges courtois et argumentés font la qualité du débat.

Connectez-vous pour commenter. Un compte garantit que votre nom n'est utilisé que par vous.

Se connecter Créer un compte

Aucun commentaire pour l'instant. Soyez la première personne à réagir.

À lire également

Toute la rubrique Culture

Alertes du National

Recevez une notification sur votre téléphone ou votre ordinateur dès qu'un article paraît dans les rubriques de votre choix. Gratuit, avec votre compte lecteur.

Rubriques à suivre