Radio Pacific 101.5 fm

Culture 8 min de lecture

Zetrenn

Zetrenn

Savalouwe tout moun : tout bizawèl ; tout tatawèl ; tout fanmi, zanmi, ras, tokay ak vye sò. Malaba Pitit Plim ranmase yon krèy mo wòdpòte ki t ap valkande sou twotwa lekzistans, li pote yo nan bèk plim li, vin pentire vizaj nou ak lajwa.

Depi janvye pral mete pye, tout ri, tout riyèl, tout katye, tout blòk, tout zòn, tout vil lote plezi. Plezi lote 2 pou 5, 3 pou 15, 4 pou 25. Plezi fè galmatcha. Angwo ak andetay. Granmoun kou timoun ap bwote plezi, pa gode, pa mamit, pa barik. Y al pran plezi tout kote : nan lekòl, nan legliz, anba peristil, nan sant kiltirèl, nan tisourit elatriye. Kote plezi a ye yo prale.

Nan moman sa yo, sant bèlte gaye anba tounen chak vil ki plòtonnen nan zokòt peyi a. Tout kay rat mouri. Kay rat sitwonèl, tout ap pwòpte. Vye divan klopi klopan. Kabann katpikèt, kabann an fè, tout ap kouvri ak bèl dra, bèl lenn, bèl dòmidous k ap anbeli rèv nan mitan lannuit.

Publicité — faites défiler pour poursuivre la lecture

Si vous avez déjà créé un compte, connectez-vous GRATUITEMENT pour lire la suite de cet article.

Connectez-vous

Pas encore de compte ? Inscrivez-vous

Suivez-nous sur WhatsApp

0 commentaire

Les échanges courtois et argumentés font la qualité du débat.

Connectez-vous pour commenter. Un compte garantit que votre nom n'est utilisé que par vous.

Se connecter Créer un compte

Aucun commentaire pour l'instant. Soyez la première personne à réagir.

À lire également

Toute la rubrique Culture

Alertes du National

Recevez une notification sur votre téléphone ou votre ordinateur dès qu'un article paraît dans les rubriques de votre choix. Gratuit, avec votre compte lecteur.

Rubriques à suivre