Radio Pacific 101.5 fm

Culture 8 min de lecture

Lapriyè nan bouji nwa

Lapriyè nan bouji nwa

An bon chèlbèdèk, se konsa mwenmenm, Tibonnonm ak Bòb te chita anba gwo pye tamaren an, n ap  valkande bonnèt nou nan nannan diskisyon Janbafre ak Tètzo ap fè sou koze vodou.  Yon tikadè mwen wè Tètzo leve kanpe brap epi l frape lestomak li an bon pedan, an bon konesè, pou l di li konn langaj tout lwa nan lakou kote kòd lonbrit li tere a, ooo nenpòt ti gangan dèyè manman pa ka kanpe tennfas sanpwennfepa pou konte vanyan ak li, l ale pi lwen pou l di ; li se yon majòjon, yon gwo konesè nan koze vodou ann Ayiti. Lè misye ap di sa a Janbafre anfouraye nan silans  pou l pa pèdi yon yota nan goutyè lapawoli nonm lan. Apresa, Janbafre mande miche ki kote l jwenn tout ladrès sa yo ki fè lespri l madre jouk nan nannan konsa a. Misye reponn byen serye << Ann Afrik frè m nan >>.  Janbafre dekachte yon rega demeplè fè nonm nan kado san okenn lakrentif pa bay kalinda nan kafou zobwatèt li. Paske li te konnen fen ebyen se avanyè la a, yo bay miche yon vye bout  batistè  nan chirepit, nan wounouwounou pou l jwenn fonksyone legalman. Janbafre di miche :

-  Tankou oumenm Tètzo, lè w ap bay manti ki kote w pran van ? Mwen remake chak ou fin manje degrenn penitans prizonye mal pou jwenn anndan penitansye, fò w vin bafre moun isit la. Mwen pa menm kwè w konn lapriyè Boukman te fè 14 dawou 1791 la, nan seremoni bwakayiman an.

- O ! Tifrekan, pa ranse avè m tande. Se Ayisyen natif natal m ye wi.

Publicité — faites défiler pour poursuivre la lecture

Si vous avez déjà créé un compte, connectez-vous GRATUITEMENT pour lire la suite de cet article.

Connectez-vous

Pas encore de compte ? Inscrivez-vous

Suivez-nous sur WhatsApp

0 commentaire

Les échanges courtois et argumentés font la qualité du débat.

Connectez-vous pour commenter. Un compte garantit que votre nom n'est utilisé que par vous.

Se connecter Créer un compte

Aucun commentaire pour l'instant. Soyez la première personne à réagir.

À lire également

Toute la rubrique Culture

Alertes du National

Recevez une notification sur votre téléphone ou votre ordinateur dès qu'un article paraît dans les rubriques de votre choix. Gratuit, avec votre compte lecteur.

Rubriques à suivre