Se pa de twa payèt lespri m pa bay nan dans douvanjou, anvan m resi rive depoze lapat sou yon bann mo wòdpòte, ki t ap flannen nan terasman lavi. Mwen kole tout vèb ak vokabilè ki anndan vant lodyans lan ak lèt kandelanm. Ak kreziklou, pou yo ka kanpe tennfas san pwenn fèpa, pou fredone chan revolisyon sou batman kè nou chak.
Depi lè m te konn ap kouri pye atè, san kanson nan jwèt lago kache, m tande, depite, senatè, prezidan ap pale de eleksyon demokratik nan radyo. Sa fè tout lajounen, tout lannuit, mo sa a pran valkande, bay kalinda, jwe jon nan tout kafou ki anndan kòkòlòs tèt mwen.
Lè m kòmanse ap keyi grap bon konprann pa bann ak pakèt nan jaden lakonesans, mwen wè aklè se eleksyon tèt bòchèt, eleksyon machòkèt, eleksyon tèt gridap, eleksyon aloufa, eleksyon madigra, eleksyon pèpè, eleksyon grennsenk, eleksyon danrachòt...
Publicité — faites défiler pour poursuivre la lecture
Si vous avez déjà créé un compte, connectez-vous GRATUITEMENT pour lire la suite de cet article.
Pas encore de compte ? Inscrivez-vous
1 commentaire
Les échanges courtois et argumentés font la qualité du débat.
Connectez-vous pour commenter. Un compte garantit que votre nom n'est utilisé que par vous.
Se connecter Créer un compte
Jimmytry
Byennèt pou tout Moun Fyète lokal PRA nan dow fils de plume