Radio Pacific 101.5 fm

Culture 6 min de lecture

AKA lanse ofisyèlman Mwa lang manman 2026 la

AKA lanse ofisyèlman Mwa lang manman 2026 la

Mèkredi 4 fevriye 2026 la, nan lokal li sou Bwavèna, Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA) lanse ofisyèlman yon mwa aktivite nan okazyon selebrasyon Jounen entènasyonal lang manman k ap rive 21 fevriye pwochen. Pou mwa a, daprè prezidan Akademi an, Akademisyèn Rosilia François Corneille, enstitisyon an « deside limen pwojektè sou travay ak angajman Akademisyen Michel-Ange Hyppolite, gran kònòsò ki pa sispann fè valwa, fè valè lang manman nou nan domèn literati ak rechèch ». La a, nou pote pou ou diskou prezidan an pou sikonstans lan.

Nan non tout ògàn Akademi Kreyòl Ayisyen, prensipalman nan non Konsèy Administrasyon an mwen gen onè prezide, mwen ap di chapo ba pou tout manm Laprès ki prezan maten an, nan kad lansman seri aktivite pou selebre 26è Jounen entènasyonal lang matènèl nan peyi Ayiti.

Selebre lang manman gen yon enpòtans kapital pou Akademi Kreyòl Ayisyen. Pou sa, olye nou konsidere sèlman 21 fevriye ki se tradisyonèlman Jounen entènasyonal lang manman, nou prefere konsakre tout mwa fevriye a pou nou selebre lang kreyòl, lang manman nou. Dabò, nou ap raple UNESCO kreye Jounen entènasyonal lang matènèl la nan ane 2000. Se te nan memwa kat (4) etidyan yo te touye nan peyi Bangladèch nan dat 21 fevriye 1952. Yo te touye etidyan sa yo paske yo te pran beton pou manifeste pou yo mande rekonèt Bengali lang matènèl yo, kòm lang.

Publicité — faites défiler pour poursuivre la lecture

Si vous avez déjà créé un compte, connectez-vous GRATUITEMENT pour lire la suite de cet article.

Connectez-vous

Pas encore de compte ? Inscrivez-vous

Suivez-nous sur WhatsApp

0 commentaire

Les échanges courtois et argumentés font la qualité du débat.

Connectez-vous pour commenter. Un compte garantit que votre nom n'est utilisé que par vous.

Se connecter Créer un compte

Aucun commentaire pour l'instant. Soyez la première personne à réagir.

À lire également

Toute la rubrique Culture

Alertes du National

Recevez une notification sur votre téléphone ou votre ordinateur dès qu'un article paraît dans les rubriques de votre choix. Gratuit, avec votre compte lecteur.

Rubriques à suivre