Nan okazyon jounen entènasyonal lang matènèl, jou ki te 21 fevriye a, MENFP soti yon nòt pou deklare li sispann finanse liv lekòl an franse nan premye nivo fondamantal ann Ayiti. Se yon desizyon ki pouse nou reflechi plis sou ki lang edikasyon ta dwe fèt ann Ayiti. Se yon desizyon ki mande n founi je gade pou n ka byen konprann analiz ki dèyè desizyon sa a paske li chita sou yon volonte politik ki makònen ak kilti, edikasyon ansanm ak lang.
Alòs, pale lang se yonn nan premye pwogrè limanite fè apre « leve kanpe ». Nan echanj ant moun ak moun, nan chache konprann yonn lòt, moun rive devlope plizyè mwayen pou yo kominike selon esperyans yo nan anviwònman yo. Kon sa, lang nan listwa limanite vin mwayen ki pi efikas pou moun kominike. Lang ini moun plis antre yo epi ede yo kreye kilti. Se kon sa moun vin twouve yo nan nesesite pou yo transmèt bay nouvo jenerasyon yo kilti sa a ki tabli nan abitid ak jan y ap viv chak jou, estrateji pou yo adapte yo ak divès fòs nan lanati epi kontinye rann lavi yo miyò. Se tou sa ki mennen nesesite pou edikasyon kòm mwayen pou transmèt konesans, kilti, teknoloji e latriye. Zouti ki pi efikas pou fè edikasyon sa a se lang. Nan sans sa a, lang pa sèlman mwayen pou n kominike, men, lang se nannan kilti tou, se zouti pou lapanse, se rezèvwa listwa. Kilti se nanm yon nasyon, lang se nanm yon kilti. Pandan yon gran pati nan istwa limanite, moun te konn suiv prensip « nanm » sa a pou yo sèvi ak lang ansanm ak kilti pou ede nan fòme chak nouvo jenerasyon k ap vini. Se sèlman akoz kolonizasyon, esklavaj ak lòt zak briganday nan lespri ak kò moun, nasyon viktim yo vin oblije fè edikasyon nan yon lang ki pa nanm kilti yo.
Se kon sa, apre plis pase 3 syèk kolonizasyon franse, malgre endepandans Ayiti an 1804, ki se divòs ak tout estrikti kolonyal la, se menm lang franse sa a ki te sèvi kòm zouti pou kwochi sèvèl esklav yo, ki kontinye ap domine reyalite sosyokiltirèl ak lengwistik la. Dominasyon sa a se pwolonjman dominasyon milat, nèg ki gen talan ak domestik ki te gen chans fwote ak blan franse. Se menm dominasyon sa a nou vin jwenn nan dokiman legal yo tou. Menm lè Dessalines te fè chwa estratejik pwoteje blan franse ki te medsen oswa pwofesè lekòl lè lame endijèn nan t ap rele chalbare dèyè kolon yo, lang franse a te yon jan timid fas a lang kreyòl la ki te sèvi kòm siman ki te soude revolisyonè yo — menm lè se an franse deklarasyon endepandans lan te ekri (pou Dessalines te ka voye pinga bay blan yo). Sonje lang kreyòl la se te yonn nan premye zouti nan siksè revolisyon kont sistèm esklavajis la. Men, malerezman, Konkòda Damyen Prezidan Geffrard te siyen an 1860 te pèmèt edikatè fransè retounen pou ede nan edikasyon ann Ayiti. Konkòda sa a ranfòse wòl fòmèl lang franse a kòm lang pou fè edikasyon ann Ayiti. Si franse se yon lang ki fè pati reyalite sosyokiltirèl ayisyen an, ki rezilta sa pote lè nou itilize l pou fè edikasyon ? Èske teyorikman, se yon repons nou jwenn nan rechèch syantifik ? Ki sa lengwis, edikatè di nan kesyon sa a ?
Publicité — faites défiler pour poursuivre la lecture
Si vous avez déjà créé un compte, connectez-vous GRATUITEMENT pour lire la suite de cet article.
Pas encore de compte ? Inscrivez-vous
8 commentaires
Les échanges courtois et argumentés font la qualité du débat.
Connectez-vous pour commenter. Un compte garantit que votre nom n'est utilisé que par vous.
Se connecter Créer un compte
Wilder D.
Atik sa se yon nesesite
John
Se yon tèks enteresan anpilil
John
Se yon tèks enteresan anpilil
vil Antonio
Bèl tèks
Etienne Widelin
Entegrasyon prese promosyon 2015-2019 la (ENS/UEH) Lekòl paka tann!
2 réponses
Vernet Etienne
Lekòl pa dwe tann!
Vernet
Lekòl pa ka tann
Lourdemia Antoine
Enteresan