Radio Pacific 101.5 fm

Culture 4 min de lecture

Kreyòl se lang nou

Kreyòl se lang nou

Se sou tèm sa a Kolèj Roger Anglade te akeyi twazyèm edisyon Festival entènasyonal literati kreyòl k ap selebre ane sa a anba tèm « Literati nan Konstriksyon Moun ».

Depi byen bonè nan maten vandredi 3 septanm 2021 an, dekò a te gentan plante. Tout chèz yo te gentan enstale, tab pou resevwa espozisyon diferan edisyon tankou : «  Communication Plus », « Kopivit L’Action Sociale » pou n site sa yo sèlman. Bò 8è30 banè yo te plake sou mi yo avèk lide fèt la pral kòmanse. A 8è50 klòch lekòl la  te sonnen. Elèv yo te gentan ap defile sou lakou a avèk direktè, pwofesè ak tout lòt moun ki te envite yo.

Defile elèv yo sèlman te gentan montre kontantman, satisfaksyon, angouman bèl moman sa a pote pou yo. Se kòmsi se te yon jou yo t ap tann avèk anpil enpasyans nan lekòl la. Edisyon yo te gen anpil demann. Anpil elèv t ap chwazi otè pa  yo, liv pa yo, tit liv ki plis kapte lespri yo.

Pandan tout alevini sa a yo ap fèt sou lakou a, Direktè pedagojik lekòl la, Patrice Dalencourt nan yon ti koze an prive fè konnen se yon jounen istorik li ye pou lekòl la paske se pou premye fwa lekòl la resevwa yon aktivite ki konsakre sèlman avèk literati nan lang nasyonal peyi a. Li raple tou aktivite sa a gen yon enpòtans kapital paske l ap pèmèt timoun yo gen yon ouvèti pi bonè sou pwodiksyon literè nan lang kreyòl la.

Publicité — faites défiler pour poursuivre la lecture

Si vous avez déjà créé un compte, connectez-vous GRATUITEMENT pour lire la suite de cet article.

Connectez-vous

Pas encore de compte ? Inscrivez-vous

Suivez-nous sur WhatsApp

2 commentaires

Les échanges courtois et argumentés font la qualité du débat.

Connectez-vous pour commenter. Un compte garantit que votre nom n'est utilisé que par vous.

Se connecter Créer un compte

Djerry DOLCE

Nou bezwen plis aktivite konsa nan lekôl nou yo an Ayiti. Bon travay Jonathan

Allan SAINTOT

Mwen salye w Zanmi m. Mwen felisite w poutèt ou pran san w pou te ka ekri bèl tèks sa nan Lang kreyòl ayisyen an . Sa montre nou gen moun toujou. An n kontinye bay kreyòl ayisyen an jarèt!!! Allan SAINTOT, lengwis enstriktè self defense nan modalite Hapkido, pwofesè Lang kreyòl ayisyen an.

À lire également

Toute la rubrique Culture

Alertes du National

Recevez une notification sur votre téléphone ou votre ordinateur dès qu'un article paraît dans les rubriques de votre choix. Gratuit, avec votre compte lecteur.

Rubriques à suivre