Vanessa Jeudi se yon Samba, kote konpozisyon mizikal li pran sous nan espirityalite ak rezistans batay moun nwa yo kont sistèm kolokent lan. Piske l se moun k ap pratike mistik anpi li se sikològ, mizik li vin sanse fè sentèz konesans sa yo pou ede lòm nan konba kotidyen li. Nan menm demach sa a, li soti yon mizik ki rele « Limyè », se yon konpozisyon ki anchouke li nan yon demach devosyonèl ak politik.
Nanpwen kreyasyon san limyè. Se sa nou aprann nan kosmogoni jideyo-kretyen yo ak lòt kosmogoni. Dayè solèy la kòm responsab galaksi nou an, se yon boul dife anpi ki pèmèt lavi posib. Se pou sa nu jwenn anpil moun ki adore limyè -nou ka sonje Akenaton oubyen sivilizasyon Maya yo-. Kidonk, suivan diferan kosmogoni yo, se avèk limyè lavi boujonnen. Limyè se sous enèji ki pèmèt legzistans kenbe ekilib li. Dimansyon senbolik limyè a pral rantre nan vivasyon lòm pou l pran divès entèpretasyon oubyen glisman semantik. Sila ki gen konesans, gen limyè. Sila ki bezwen adrese l ak sa n pa wè yo, bezwen limyè, sila k ap fè byen nan limyè, nou te kapab pran anpil lòt egzanp…
Vwalatilpa, sa ki enterese n la a, se limyè Vanessa Jeudi a. Mizik « Limyè » a se yon lomeyans pou limyè, yon im, yon priyè. Pa bliye nou te di Vanessa Jeudi se moun k ap pratike espirityalite oubyen mistik, li jwe sou senboliz limyè a pou l konstri yon langaj ki pou pèmèt li jwe sou alafwa teren mistik la ak sosyal la. Se pou sa li chante « Limyè a pale/ Se sèl vwa ou ki ka chant on w Melodi pou nou/ Sèl ou ki ka klere chimen n lò n pèdi wout/ Lò je n plen dout/ Lò chay twò lou/ Lò demen n twoub. » Sa vle di, li pwize nan tradisyon vodou a pou l jwenn yon eleman ki evoke byenfè pou l eseye aplike l nan monn pwofan nan. Dayè, -sila ki genyen kwayans vodou, lè yo santi yo kontrarye, yo di yo pral fè yon limyè. Yo pral lakay yon sèvitè ki pou ede yo wè sa yo pa wè-. Vanessa Jeudi santi jan sosyete ayisyen an ap tatonnen an, ap bat lakilbit la, li bezwen limyè. Nou kapab gade nan videyo ki akonpanye mizik la, samba Vanessa Jeudi abiye an blan, devan li, yon lotèl ki gen bouji k ap limen. Nou kapab prezise tou, se pa san rezon nan videyo a Vanessa Jeudi ap danse, tankou s on moun ki an trans. Sa fè pati mizik eksperimantal li bay tèt li misyon an, kote se yon mizik ki pran ankont kò, vwa ak son.
« Lanmè seche vizaj mouye/ Tounen neye je san koule/ Pa gen fanfa nanpwen kata/ Lavi bwete bann chikata/ Pousyè leve lari vegle/ Souri n pati gwo van bwote/ Zòtèy kase wout yo bouche/ Zetwal nou lwen nou andanje . » Menm si aprè tout pwomès limyè peyi a toujou nan blakawout, se pa limyè sa a Vanessa Jeudi ap mande pou sosyete a. S on limyè transandantal, sa vle di ki ka pèmèt ayisyen distenge sa ki bon ak sa k pa bon. S on limyè ki kapab pèmèt yo koupe fache ak tout move pratik ki la pou demounize nou. Nan prezantasyon mizik la ki sou platfòm Yootube, nou kapab li : « Limyè se yon ti moso lespwa pou nou kontinye vanse sou yon wout ki anvayi ak fènwè; ann kontinye reziste paske tout chimen nou pran se chimen Limyè.» Kòmkidire peyi a g on gwo nyaj pwès ki plonje sou li kote vanpi, chòche, fòs mal ap taye banda. Se sa nou kapab viv nan ekspresyon vizaj pèsonaj yo ki nan videyo a. Yon flonn tristès ki pran vizaj yo an otaj. Men ak lespwa, piske yo gen lafwa nan limyè a, yon jou y ap rive kanmenm. Si mal peye, byen peye tou menm si pafwa li pran tan.
Publicité — faites défiler pour poursuivre la lecture
Si vous avez déjà créé un compte, connectez-vous GRATUITEMENT pour lire la suite de cet article.
Pas encore de compte ? Inscrivez-vous
1 commentaire
Les échanges courtois et argumentés font la qualité du débat.
Connectez-vous pour commenter. Un compte garantit que votre nom n'est utilisé que par vous.
Se connecter Créer un compte
Tamara
Nou bezwen konnen limyè a la poun wè klè.