S'identifier Contact Avis
 
27° C
  à Port-au-Prince
Radio Pacific 101.5 fm - En direct
Le Journal Dernière heure Actualité Édito Tribune Société Économie Culture Diaspora Sport rpacific101.5 FM  
× Immobilier Appartements Maisons Locaux commercial Locaux pour Bureau Terrains Véhicules Voitures Camions Tout Terrains Minibus Motos Divers Animaux Articles ménagers Ordinateurs et pièces Équipement électronique Équipement industriel Équipement lourd Diverses études Légal Bijoux et montres Smartphone et tablettes Vêtements Jeux video

Ki pwomès Inisyativ MIT-Ayiti fè peyi a? Yon ti koze ak Michel DeGraff nan dat 1 septanm 2020

Ki pwomès Inisyativ MIT-Ayiti fè peyi a? Yon ti koze ak Michel DeGraff nan dat 1 septanm 2020



Michel DeGraff (MIT, Inisyativ MIT-Ayiti) & Jacques Pierre (Duke University, Haiti Lab)


[Sa se dezyèm pati yon konvèzasyon ki te kòmanse nan mwa d jen 2020. Premye pati a te pibliye nan jounal Le National nan dat 26 jen 2020. Tit la se te: «Ki jan lekòl an kreyòl ka delòk chenn mantal kolonyal k ap toufe peyi a?»]

JP: Ete ane pase a (jen 2019), Inisyativ MIT-Ayiti pibliye yon Gid Fizik MIT-Ayiti an kreyòl, e nou te al patisipe nan Livres en Folie ann Ayiti. Kouman piblik la te akeyi Gid sa a? Ki fidbak nou jwenn apre piblikasyon liv la?

MD: Sa se te yon bèl esperyans wi! Otè yo se: Paul Belony, Glenda Stump ansanm avè m. Pwòf Haynes Miller avè m ekri prefas la. Pwòf Belony ak Pwòf Serge Madhere te ban nou gwo kout men nan tradiksyon liv la. Epi nou te jwenn èd Abdias Augustin, Stevens Azima ak Adler Thomas nan editing lan. Se Stevens Azima ki pwodui endèks liv la nan kole zepòl ak otè yo. Epi tou, nou te gen opòtinite kolabore ak Roosevelt Desronvilles ansanm ak ekip li nan Edisyon JEBCA ki piblye Gid Fizik MIT-Ayiti sa a. Se biwo pou aktivite entènasyonal nan MIT k ap finanse pwojè pou piblikasyon Gid MIT-Ayiti sa yo.

Nannan liv la se chapit Pwòf Belony a kote li entwodui teknik aprantisaj aktif nan ansèyman syans fizik. Pwòf Paul tou montre ki jan anseyan yo ka sèvi ak materyèl ki nan anviwonnman tou lè jou yo pou yo kreye aktivite pou pedagoji entèraktif nan syans fizik. Se pa sèlman teknoloji sou òdinatè ki ka sèvi pou aprantisaj aktif, non. «Teknoloji» pou edikasyon ka gen tout kalte zouti ladan: mab, elastik, wòch, gode, dlo, tout kalte plan enkline nan lanati, e latriye. Ki fè anseyan yo dwe aktive imajinasyon pa yo pou yo kreye plan leson nan syans fizik ki ka kore kiryozite ak kreyativite ti moun yo — sa se objektif prensipal chapit Dòk Paul la.

Chapit Doktè Stump lan dekri avanse syantifik nan syans sèvo ak syans edikasyon ki montre enpòtans metòd aprantisaj aktif pou n ede aprenan yo vin kreyatif nan matyè y ap aprann yo. Epi Pwòf Stump tou pwofite entwodui engredyan fondal natal ki antre nan metòd aprantisaj aktif la. Chapit Pwòf Glenda a ka sèvi kòm gid pou anseyan nan nenpòt ki matyè depi yo vle prepare plan leson ki djanm selon filozofi pedagoji patisipatif la. Se metòd sa yo ki ede etidyan yo kontribye nan bati konesans pa yo pandan yo angaje tèt yo nan aktivite dekouvèt (ki vle di aktivite travay pratik, kesyonnman, brase lide ak rechèch kote aprenan yo fè ankèt oswa esperimantasyon pou yo chache jwenn oswa devlope pwòp esplikasyon, ipotèz ak teyori pa yo sou fenomèn y ap analize yo).

Chapit pa m lan, ki se premye chapit liv la, detaye istorik Inisyativ MIT-Ayiti ansanm ak enpòtans lang kreyòl la nan kreyasyon «yon lekòl tèt an wo», selon rèv Pwòf Yves Dejean ki te premye enspire lansman Inisyativ MIT-Ayiti a. Epi, nan premye chapit la, mwen tou pwofite esplike fondasyon syantifik Inisyativ la. Se fondasyon syantifik sa yo k ap ede n rezoud kalte pwoblèm ke Pwòf Dejean te esplike nan liv li a ki rele «Yon lekòl tèt anba nan yon peyi tèt anba». Nan liv sa a, Papa Iv te tou pwopoze solisyon pou pwoblèm lekòl tèt an ba sa a. Se solisyon sa yo Inisyativ la ap aplike pou n rive mete lekòl yo «tèt an wo» — pou peyi a ka tèt an wo.

Liv la vreman bèl — ni nan kontni li, ni nan prezantasyon li, soti nan kouvèti liv la rive nan fòmataj chapit yo, ilistrasyon, e latriye.

Nan 25èm edisyon Livres en Folie sa a nan dat 20 jen 2019, te gen anpil moun ki te kontan wè ki jan kreyòl la ka pale lasyans nan wo nivo. Nou te fè plizyè entèvyou, nan: Chokarella, Tele Pacific, Radio Télé Caraïbe, Ticket Magazine, e latriye (n ap jwenn entèvyou sa yo sou paj Facebook MIT-Ayiti a: http://facebook.com/mithaiti). An jeneral, reyaksyon gran piblik la te pozitif. Pami moun nou rankontre nan Livres en Folie e nan lòt aktivite nou t ap fè nan kad lansman Gid Fizik MIT-Ayiti a, pifò edikatè, paran, etidyan, jounalis, eksetera, te di nou jan yo byen konprann enpòtans jefò sa a, epi yo te menm swete pou ta gen tout kalte liv an kreyòl nan nivo avanse. Nou te kontan anonse ke Inisyativ la ap travay sou twa lòt Gid: Gid Biyoloji, Gid Chimi epi Gid Matematik. Otè twa nouvo Gid sa yo (Elizabeth Vogel Taylor nan Chimi, Lourdes Alemán, Alison Brauneis ak Ruthly François nan Biyoloji, epi Haynes Miller ak Jerry Orloff nan Matematik) ap travay nan tèt kole ak mwen, Glenda Stump, Paul Belony, Haynes Miller ansanm ak manm Konbit MIT-Ayiti pou liv an kreyòl sa yo ka djanm djanm. N espere n ap ka tounen ann Ayiti ane pwochèn (2021) nan 27èm edisyon Livres en Folie pou n entwodui twa nouvo Gid sa yo.

Men, tou, fòk mwen di w nou te jwenn kèk kesyon ak kèk remak ki toujou montre prejije plim e ank nou yo kont lang kreyòl la. Pa egzanp: toujou gen moun ki panse kreyòl la pa ka gen mo pou l pale lasyans, ki fè lè w di yon mo syantifik an kreyòl (tankou: «optik», «lantiy», «divèjan», eksetera), se pa fouti yon mo ki «bon kreyòl», fòk se ta yon «kreyòl fransize» oswa yon «franse ki kache an ba fonetik kreyòl». E poutan lè menm moun sa yo ap pale franse, yo pa janm kalkile ki jan anpil nan mo franse sa yo soti dirèk dirèk nan laten. Èske yo janm plenyen ke y ap pale yon franse ki «latinize» oswa yon laten ki «kache an ba fonetik franse»? Non! Ki donk pou ki sa, lè kreyòl la sèvi ak mo teknik ki soti nan franse ki se pitit laten, se lè sa a y ap plenyen kont yon kreyòl ki ta swadizan «fransize»? Alòs ke se pifò mo kreyòl ki deja soti nan franse. Pawòl «kreyòl fransize» sa a konsènan vokabilè syantifik lang kreyòl la, se rezilta prejije anti kreyòl ki vle fè n kwè kreyòl se pa yon lang menm jan ak tout lang, kòm si se pa yon lang ki ka pran mo nan fwote ak lòt lang oswa se pa yon lang ki pra pran mo nan eritaj lengwistik («etimoloji») pa li.

Epi tou, gen plim e ank ki ta vle fè moun kwè fòk MIT-Ayiti ta tann yon «amenajman lengwistik» anvan pou n ta kreye materyèl syantifik an kreyòl. Plim e ank sa yo panse nou ta dwe rete tann diksyonè syantifik an kreyòl anvan pou n fè lasyans an kreyòl. Sa se yon gwo erè rezonnman paske se pa diksyonè ki kreye vokabilè. Wòl diksyonè se kataloge mo ki deja ap sèvi nan divès domenn nan sosyete a. Travay MIT-Ayiti a se pa kreyasyon diksyonè. Youn nan objektif travay pa nou nan MIT-Ayiti se bay lang kreyòl la jèvrin ki nesesè pou lang lan ka pale lasyans san grate tèt. Travay pa nou, kòm lengwis ak syantifik k ap kreye nouvo resous ak vokabilè pou n fè lasyans an kreyòl, se yon travay ANN AMON alòs ke travay moun k ap ekri diksyonè se yon travay ANN AVAL kote leksikograf yo ap ranmase epi kataloge vokabilè ki deja egziste oswa ki vin inove nan divès pwofesyon ak lòt sektè sosyete a. Se travay n ap fè a, an kolaborasyon ak anseyan ki pale kreyòl fen e byen, k ap kreye vokabilè syantifik ki pral antre nan nouvo diksyonè k ap gen pou fèt pou lang kreyòl la nan Ayiti nou vle a.

An tou ka, si w gade Gid Fizik MIT-Ayiti a byen, w ap wè jan lang kreyòl la ka devlope vokabilè l alèz pou n pale lasyans an kreyòl. Epi tou, Pwòf Paul Belony ansanm ak plizyè patisipan nan atelye MIT-Ayiti yo (plis pase 250 anseyan ki pale kreyòl kòm lang natif natal yo) byen montre ki jan nou ka devlope nouvo vokabilè an kreyòl ki byen mache ak konsèp syantifik yo.

Gen de lè vokabilè syantifik an kreyòl ka menm pi djanm pase vokabilè syantifik an franse paske konn gen mo franse ki egziste byen lontan anvan syantifik yo te rive konprann sèten fenomèn. Nan syans fizik, Pwòf Paul Belony renmen bay egzanp yon inovasyon lengwistik kote bòs elektwonik ayisyen konn sèvi ak mo kreyòl «kapasitò» ki soti nan mo angle «capacitor» nan kontèks kote n ap etidye vòltaj nan syans fizik (pati elektrisite a). Nan analiz Pwòf Belony, mo «kapasitò» sa a, nan kontèks sikui elektwonik, pi kòrèk, sou plan syantifik, pase mo «kondansatè» ki soti nan mo franse «condensateur» ki sèvi nan liv fizik an franse.

Analiz Dòk Paul la enteresan anpil, wi, pou plizyè rezon. An patan, an n konsidere dimansyon lengwistik deskriptif la — yon apwòch ki pi syantifik pase apwòch preskriptif k ap pwone amenajman lengwistik nan biwo. Nan esperyans Pwòf Belony sou teren, mo «kapasitò» sa a genlè se li nou plis tande an ba bouch bòs ki konn ranje radyo ak televizyon ann Ayiti. Ki donk, li deja ap sèvi nan vokabilè teknik moun ki pale kreyòl. Epi tou, sou plan syantifik, mo «condensateur» la pa kòrèk pou aparèy sa a ke n rele «kapasitò» an kreyòl paske pa gen «kondansasyon» k ap fèt nan yon «kapasitò». Ki fè mo «kapasitò» a pi kòrèk sitou lè n konsidere ke nan syans fizik se yon aparèy ki gen yon «kapasite» — kote «kapasite» gen relasyon dirèk dirèk ak kantite chaj ke aparèy la ka estoke. Sa tou montre nou ki jan inovasyon sa yo nan vokabilè kreyòl la ka ede etidyan yo vin pi maton nan sa y ap aprann lan.

JP: Pale nou de «Platfòm MIT-Ayiti» ki fèk lanse a?

MD: Nan dat 18 mas 2019, Pwòf Haynes Miller avè m jwenn finansman nan men Jameel World Education Lab nan MIT pou n lanse yon sit entènèt ki rele «Platfòm MIT-Ayiti pou yon lekòl tèt an wo», http://MIT-Ayiti.NET, nan kad Inisyativ MIT-Ayiti. Se nan mwa d me 2019 nou kòmanse devlope sit wèb la an kolaborasyon ak de (2) potorik edikatè ki maton nan teknoloji: Becky Ecung ansanm ak Sorrah Edwards-Thro. Epi, an septanm 2019, nou lanse Platfòm lan. Premye dokiman nou pataje sou Platfòm lan se kourikoulòm Ministè Edikasyon Nasyonal — paske youn nan objektif fondamantal Platfòm lan se ede nan devlòpman epi kolekte materyèl an kreyòl ki ka kore kourikoulòm lekòl klasik yo. Nan mwa d jen 2020, nou vin jwenn kat (4) nouvo Grenadye ak Grenadyèz ki vin antre nan ekip k ap kore Platfòm lan: Pwòf Paul Belony ak 2 etidyan li nan Kean University (Micilene Laissa Moïse ak Jemima Morinvil ki nan dènye pwogram lisans nan biyoloji) ansanm ak Ezra Emer ki fèk diplome ane sa a (2020) nan pwogram kominikasyon University of Miami.

Enspirasyon nou nan lansman Platfòm sa a se yon kokenn chenn mouvman mondyal pou edikasyon san baryè ke MIT te premye lanse an 1999. Lidèchip MIT te envite pwofesè yo depoze materyèl didaktik pa yo sou yon platfòm k ap pataje materyèl sa yo ak anseyan epi aprenan tou patou sou latè beni. Platfòm MIT sa a rele MIT OpenCourseWare: http://ocw.mit.edu. Si w al sou sit MIT OCW sa a, w ap jwenn yon bann ak yon pakèt materyèl pwofesè MIT ki disponib gratis ti cheri. Ou pa bezwen okenn enskripsyon fòmèl pou w telechaje materyèl sa yo. Jounen jodi a, gen bon jan materyèl pou plis pase 2 500 kou ki disponib sou http://ocw.mit.edu epi gen dè milyon itilizatè k ap telechaje materyèl sa yo chak ane. W ap jwenn materyèl pa m tou pou kou mwen fè sou lang kreyòl nan zòn Karayib la e sou zafè moun nwa (ale sou Google epi chache «Creole languages & Caribbean identities» ak «Black Matters»). Nan materyèl pou kou sou lang kreyòl yo, w ap jwenn kèk videyo mwen te fè an kreyòl pou m pataje ak kolèg edikatè nou yo ann Ayiti.

Esperyans MIT OpenCourseWare sa a vin fè lidèchip ansanm ak pwofesè MIT yo reyalize pou k sa mouvman «Open Education» sa a (egal: «Edikasyon san baryè») se yon bon metòd pou n kreye epi pataje konesans lajman laj — pou konesans sa yo ka vin ede dè milya etidyan, pou yon demen miyò nan pi plis kominote. Prensip fondal natal ki chapante mouvman «Edikasyon san baryè» sa a chita sou obsèvasyon sa a: pi plis MIT ap pataje konesans ak pi plis moun, se pi plis konesans sa yo ap ogmante e y ap vin pi djanm. Enben, se kon sa tou Platfòm MIT-Ayiti envite tout anseyan ayisyen, sitou sila yo ki kwè nan lang kreyòl la, pou yo vin antre nan kole zepòl pou n kreye epi pataje bon jan materyèl ki ka ede anseyan ak aprenan ki pale kreyòl — kèlkeswa kote yo ye ann Ayiti oswa nenpòt ki lòt kote nan rès monn lan. N espere tout edikatè ayisyen alawonnbadè ap ka vin patisipe. Tanpri, gade envitasyon sa a: http://MIT-Ayiti.NET/apel-pou-kontribite.

An tou ka, sa fè kèk tan depi patisipan nan atelye MIT-Ayiti yo t ap mande n pou MIT-Ayiti ofri pi plis materyèl an kreyòl nan pi plis domèn (pa sèlman matyè S.T.En.M. yo) nan tout nivo, soti nan preskolè rive nan ansèyman siperyè. Doktè Glenda Stump (MIT Open Learning) avè m dokimante demann sa a nan 2 atik syantifik — youn ann angle «Kreyòl, pedagogy, and technology for opening up quality education in Haiti: Changes in teachers’ metalinguistic attitudes as first steps in a paradigm shift» nan jounal Language: Journal of the Linguistics Society of America, epi yon lòt atik an kreyòl «An n bati lekòl tèt an wo: Lang manman, pedagoji ak teknoloji kòm engredyan fondal natal pou yon chanjman radikal» nan Journal of Haitian Studies. Nan analiz plizyè patisipan nan atelye MIT-Ayiti yo, pou Inisyativ la rive ateri selon filozofi «twa wòch dife» a, fòk gen bon jan materyèl an kreyòl ki disponib gratis ti cheri pou edikatè k ap anseye tou patou nan peyi a. Se kon sa nou vin kalkile pwopozisyon sa a: sèl fason pou Inisyativ MIT-Ayiti rive reponn demann sa a, se pou n lanse yon mouvman Grenadye ak Grenadyèz ki pou feraye ansanm nan yon bèl konbit kote tout anseyan ka met men nan pwodiksyon ak pataj lajman laj bèl materyèl an kreyòl.

Enben, depi nou lanse Platfòm lan an septanm 2019, nou vin gen chans konekte ak plizyè anseyan ki te deja ap pwodui materyèl an kreyòl e ki, kounye a, vin antre nan konbit la. Nou pa t menm konnen egzistans òganizasyon sa yo ki t ap travay byen trankil sou bò pa yo.

Konsènan materyèl k ap monte sou Platfòm lan, travay pa nou nan ekip MIT-Ayiti a se bay fidbak lè n resevwa materyèl yo epi nou travay ak otè materyèl sa yo sizanka gen revizyon ki dwe fèt pou materyèl la vin djanm sou plan lengwistik, sou plan pedagoji e sou plan syantifik (si se materyèl nan syans oswa matematik). Sou plan pedagoji, nou chache kreye materyèl ki pou ede anseyan ak aprenan lage abitid «pa kè jako repèt» pou yo adopte pratik aprantisaj aktif / patisipatif. Se kon sa nou fè gwo jefò pou kontribisyon sou Platfòm lan toujou entegre aktivite ki ankouraje patisipasyon aprenan yo nan fabrikasyon pwòp konesans pa yo. Epi tou, sa ankouraje n anpil lè n wè kontribitè sou Platfòm lan rive fè bèl travay pou kontribisyon pa yo entegre bon jan pratik aprantisaj aktif. Sa se youn nan rezon ki fè n rele kontribitè sa yo «Grenadye» ak «Grenadyèz».

Pifò nan revizyon sou materyèl nou resevwa pou Platfòm lan fèt anvan materyèl yo monte sou Platfòm lan pou gran piblik la ka jwenn yo. Revizyon sa yo mande bon valè travay paske nou vle pou chak materyèl ki monte sou Platfòm lan sèvi kòm modèl ekselans pou anseyan ak aprenan — ekselans nan tou lè twa dimansyon Inisyativ la: pedagoji patisipatif pou kore kreyativite aprenan yo, itilizasyon teknoloji kòm zouti pou aprantisaj aktif, entegrasyon lang kreyòl la kòm zouti pou patisipasyon san fòs kote. Ki fè Platfòm MIT-Ayiti tou tounen yon espas kote n ap aprann nan tèt ansanm, an kreyòl gras a zouti teknoloji. Sa se yon lòt aplikasyon modèl «twa wòch dife» a ki vin nan baz konbit nimerik sa a kote youn ap aprann nan brase lide ak lòt sou materyèl ki pral sèvi tout pitit peyi a.

An final, objektif Platfòm MIT-Ayiti a se tabli fondasyon pou yon kokenn chenn bibliyotèk nimerik ki pou sèvi kòm referans pou tout Ayisyen ak Ayisyèn ki vle kontribye nan anrichi patrimwàn entelektyèl e akademik lang kreyòl la — pou yon lekòl tèt an wo, pou yon peyi tèt an wo.

Men anpil, chay pa lou!

http://MIT-Ayiti.NET/apel-pou-kontribite

N ap jwenn pi plis piblikasyon ansanm ak detay sou filozofi, metòd ak objektif Inisyati MIT-Ayiti yo nan paj sa yo. Tanpri, suiv nou sou medya sosyal yo tou:

http://mit.edu/degraff
https://linguistics.mit.edu/linguistics_haiti/
http://MIT-Ayiti.NET
http://Haiti.MIT.edu
http://facebook.com/MITHaiti
htttp://instagram.com/MITHaiti
http://twitter.com/MITHaiti

Epi tou, n ap jwenn pi plis enfòmasyon si n chache tit sa yo sou Google:

«An n bati lekòl tèt an wo: Lang manman, pedagoji ak teknoloji kòm engredyan fondal natal pou yon chanjman radikal»

«Diskriminasyon lengwistik ann Ayiti se yon mepri pou dwa timoun epi sa frennen devlopman peyi a»

«Inisyativ MIT-Ayiti ap chache lengwis, tèminològ ak tout kalte edikatè ak syantifik ki gen jèvrin e ki kwè nan pouvwa lang kreyòl la pou n bati lekòl tèt an wo»

«Kreyòl, pedagogy, and technology for opening up quality education in Haiti: Changes in teachers’ metalinguistic attitudes as first steps in a paradigm shift»

«La langue maternelle comme fondement du savoir. L’Initiative MIT-Haïti: Vers une éducation en créole efficace et inclusive»
«Students Gain Experience Through Virtual Internships – Kean University»

http://MIT-Ayiti.NET

«YouTube – Pou ki sa tout edikatè ta dwe kore Platfòm MIT-Ayiti»

Michel DeGraff
MIT Linguistics http://mit.edu/degraff
Inisyativ MIT-Ayiti http://MIT-Ayiti.NET

&
Jacques Pierre
Duke University https://romancestudies.duke.edu/people/profile/jacques-pierre
Haiti Lab https://youtu.be/WpU4L88809I https://youtu.be/BTX_2DqOOZ0




Articles connexes


Afficher plus [4009]