Chèche konprann blokaj batay ouvriye ayisyen yo

Se pa san enterè ke m swete abòde ankò kesyon batay ouvriye ayisyen yo, sitou sila ki nan isìn yo.

 

 Nan sosyete ki chita inikman sou eksplwatasyon, li difisil e menm enposib pou yo trete moun tankou moun. Sistèm ki la a ak batri ideyoloji li pote a di w deja endividi sa yo kwak yo gen san, yo gen rezon, men yo pa moun vre. San yo se gaz pou fè machin richès nou kouri. Rezon se fakilte yo genyen pou anrichi sistém nan. Se pa yon sistèm ki la jodi a, nou kapab di kolon yo te etabli li jis pou pemèt yon ti gwoup viv tankou moun e majorite a viv tankou de senp objè. Yon ti gwoup nan liks rès mas la menm nan povrete, malsite, mizè, imilyasyon…

 

Aprè lendepans, yon ti gwoup piyajè, gwo ponyèt  sou enfliyans koulè ak pouvwa politik yo foure ponyèt yo nan byen peyi a, epi di tout pou nou. Yo etabli kò yo, yo fòme yon klas sosyal yo rele Gwozouzoun osinon si w vle pi alamòd, ou ka di tou Bouzwazi awousa,tikoulout peze souse. Se sa ki esplike depi lontan yon gwoup majorite ap goumen jis pou yo rive jis jwenn dekwa pou yo rete an vi, men tou goumen pou fè sosyete a rekonèt yo kòm moun, pou yo gen akse pou yo viv tankou moun. Vre, se yon batay ki pa t fasil, ki pa fasil, ki pa p janm fasil. Se pou sa li mande yon konsantrasyonyon san pran souf, san konsansis, san trèv. Lè nan yon sosyete kote leta ak boujwazi fè yon sèl, e se menm enstans sa yo k ap fikse pri  lavi /jounen travay  yon ti jèn k ap soti Gresye chak maten pou vin travay twa men. ; sa se jis yon ti egzanp. Men gen yon milyon lòt ki pi vivan.

 

Jodi a, ouvriye yo fè anpil mobilizasyon, anpil batay. Finalite batay sa yo se 50 santim, 10 goud, 25 goud yo jis ajoute sou salè mizerab yo te konn bayo. Men sa ki pi enpòtan pou note yon kote, mobilizasyon sa yo pou anpil fwa pa pote fri se akoz menm ouvri sa yo. Gen anpil ki konpote yo an konze, tanbou 2 bouda. Genyen menm ki panse se yo kolon  an. Yo vann, negosye mouvman ouvriye yo, yo nan tout reyinyon sekrè ak patwon, jwi tout privilèg,e se yo ki dakò sipòte salé pwatrinen  sa yo. Yon lòt kote, sendikalis kale tankou pinèz, sa kite dwe ka itil  batay la; men non se pito de sendika bidon, sendika gang k ap defann pòch ak vant. Yo menm tou , yo nan revoke sila yo ki oze gade yo nan zye, gade patwon an, yo asele epi vyole moun jan yo vle. Mòd fonksyonnman moun sa yo pou anpil pi bèt ke anpil patwon, paske yo trete moun nenpòt jan, yo fè w nenpòt bagay e si zye w twò louvri yo jis ranvwaye w.

 

Bò kote patwon yo, yo rive mobilize tout aparèy systèm kapitalis aktyèl la. Chak jou mizik evanjelik byen seleksyone ap woule nan espas travay yo. Anpil fwa se tankou w nan yon legliz, djak, pastè, sèvant ap fe gwo kout lapriyè. Se yon moman ideyal pou fè mesaj kolon an pase. Pou preche mesaj rezinyasyon e soumisyon. Yo rive itilize tout apwòch silkolojik manipilatwa sistèm nan pou rive motive ouvriye yo pou yo ka travay odela de fòs yo. Tanto se yon towo,yon wobisto…kòm prim pou travay yo fè anplis. Kondisyon travay sa yo se tankou yon lanfè men moun yo oblije aksèpte, paske anpil moun di w pito w ap monte desann olye w pa p fè anyen.

 

Nan lane 2013 te gen anpil batay sou salè minimòm nan, menm jan ak anpil lòt ane pase. Men mwen retni 2013 la paske gen anpil bagay kite make m nan batay sa a. Anpil goumen pou yo te rive mete salè bazik la 225 goud alòske se te 300 goud lite dwe ye, anpil gwo patwon di si yon desizyon konsa pase yo ap oblije fèmen. Lè sa a, mwen sonje anpil palmantè te di yo apiye batay la, ministè afè sosyal peryòd la te di l pran revandikasyon sa a  a kè. Ofinal se 25 goud yo te mete sou li. Ki pat reflete nòm yo. Nou sonje lè sa a Clifford Apaid te di nan mwa desanm 2013, si memwa nou bon : se gwo bout tonton sakrifis l ap fè pou l rive mete 25  goud la. Yon lòt figi ki tré enpòtan Charles Henry Baker te estomake nan epòk sa yo. Baker te rive trete malere sa yo de teyoris. Pou anpil moun ki gen lisidite mesye a t ap tou bay sektè sou tretans vag nan peryòd sa a. Men gran sipriz, nan debi janvye 2014, ak souri sou lèv li, se tankou se yon chanson bon lane ak refren byen vini li t ap chante pou l akeyi  ouvriye yo nan lakou antrepriz li. Mèt sa yo konnen trè byen valè fòs travay yon ouvriye, sa ouvriye a li menm li neglije anpil fwa. Yo konnen byen machin sistèm nan se ouvriye a, se sou do li tout sistèm nan repoze. Se pou sa pa gen jwèt mèt dam ki twò difisil pou yo jwe.  Pou yo, chak santím ki soti pou travèse kote ouvriye a dwe gen yon gwo kalkil ki pou fè l rentounen ak benefis nan menm pyès la.

 

Depi m gen ti konesans, malgre laj mwen, mwen pa janmen rive wè yon sistèm magouyè konsa. Tank l ap souse w se tank li anvi souse w. Se tankou sila ki gen pye l sou pedal la santi l pi alèz lè lòt yo ap rele sekou m, pa kapab ankò. Se pou sa anpil fwa refleksyon yo fèt nan sans sa a, pouki sa n oblije ap pyese sistèm nan, dekore l olye n chanje l ? Mwen raple atik sa a pwofesè Jean POINCY te ekri nan jounal lenouveliste nan mwa janvye 2014, sou tèm : «  Le dilemme du salaire minimum » Se yon atik kè m gen anpil entewògasyon sou li, sitou jan pwofesé a abòde kesyon an. Men gen yon kote iwonikman m dako ak li, se yon iwoni rasyonèl ! Se kote l montre ke yon sale minimòm leve paka fè anyen vre pou yon salarye, li pa p rive amelyore kondisyon lavi li vre, li kwe ke batay la ta dwe gen pou finalite yon akonpanyeman sosyal pou tout moun ki depann de ouvriye a. Gen de moun ki ri, men sa lojik nan sans ke vre ogmantasyon pa chanje kondisyon lavi salarye senp tankou sa ta parèt la. Men mwen t ap di pito ouvriye yo dwe goumen jouk mayi yo mi pou mete do systèm sa a atè. Pa gen kenn kondisyon pou yon moun nan klas sa a reziste vre nan yon systèm ki aprann ou ou pa moun, ou vann tèt ou, tan w, tout ou menm ak yon moun k ap egzije w plis chak jou e ki pa prè pou l ofri w anyen an retou ki ka pèmèt ou rete djougan e djanm. Ti kalkil senp pou n fe chak fwa n anvi twonpe n, Jodi a si n di depi fevriye sale minimòm nan 685 goud konsa, aprè anpil batay, imilyasyon. Konpare l ak 225 goud nou t ap pale talè a. Pran 2 moman sa yo ak pri pwodwi yo, ou kapab wè rapidman nan ki sans ou pwogrese osinon regrese. Di tèt ou si w te gen 35 ane nan 2013, jodi ou nan 42 zan konsa pou plis. Sa jis vle di valè machann ou ap diminye.Nan kèk ane ankò yo pa p bezwen w, pou m parafraze malerezman Voltaire se tankou w t ap manje yon zoranj, ou fin bwè ji a ou jete fatra a. Ou pa gen menm pri a pou sistèm nan jodi a. Kounye a gade kisa w reyalize aprè 5 a 10 ane w genyen andedan an epi gade koman bòs ou evolye malgre jan l ap plenyen.  Objektif moun k ap dirije tèks la swivan jan reyalite mande l la, se pa dekouraje w travay di. Okontrè..

 

Jodi a kèlke swa ran w ta ye, plas ou ta okipe nan sosyete a, nou dwe dakò, si n se moun avan tout ; sosyete a gen twòp fòs kote ladan l. Lajan ap fèt nan nenpòt kondisyon sou mizè lòt. Nou egzile twòp sèvo peyi ki oblije ale pran mizè a yon lòt kote. Leta a dwe jwe wòl abit la san pasyalite, san ekip. Li pa dwe mare nan pye tab pèson. Moun ki di tèt yo yo se patwon dwe konpote yok kòm moun. Epi, ouvriye yo dwe ini yo ansanm ,mete tout enèji posib e imajinab ansanm pou mete fen ak systèm peze souse a e enprime yon lòt ki mize sou moun.

 

 

Garenert JOSEPH

 m.jgarenert@gmail.com

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES