Nòt pou demanti ak denonse fòmèlman pwopagann difamatwa k ap fèt sou sitwayen militan politik

Fenomèn ensekirite jeneralize pwograme k ap gagrannen nan tout kò peyi a depi yon bon bout tan pa sispann ranfòse e evolye sou diferan fòm pou fini nèt ak egzistans lavi sou bout tè papa Desalin lan. Entansifikasyon kò gang paramilitè k ap simen latèrè nan tout espas estratejik kote resous peyi a plante, zak kriminèl san parèy bandi ap fè chak jou sou moun san defans tribòbabò montre klèman se yon jenosid k ap egzekite sou popilasyon Ayisyen an.

Diferaman ak konstriksyon gang nan zòn metwopolitèn lan, nan kòmansman lane 2023 a gwo zotobre malfra sèvi ak konfli tèren ki egziste depi digdantan ant * Pyat ak Delije* lokalite 1e seksyon kominal Monwi) pou kreye yon kò gang nan papòt rantre sid komin Senmak kote plizyè krim zak malonèt deja komèt.

Sitirasyon malouk sa yo oblije mas popilè a sou tout teritwa a ki li menm ap sibi mepri, ensousyans ak konplisite leta domestik coregroup la fòse reziste jan l kapab anba vyolans sistemik sa; sit-in, bat tenèb, mach pasifik, manifestasyon, bwa kale se diferan fòm ekspresyon ki karakterize mouvmans popilè a nan kad pwotestasyon l.

Anfas pwotestasyon yo; kreye difamasyon pou diskredite ak sal imaj sitwayen ak militan politik, asasinay, enfiltrasyon, fè divèsyon pou detounen atansyon opinyon piblik la se pami mwayen Sanginè yo itilize pou afebli rezistan popilè a an menm tan favorize latèrè gang yo.

Nan kad sa a, nouvo gwoup gang a zam ki enstale tèt yo nan Delije, kote asasen sa yo deja sasinen, brake, plizyè pasajè sou wout nasyonal #1 an, pami yo yon pwofesè avoka Mèt André CHARLEUS, asayan yo pran malen plezi kache dèyè plizyè pwofil “Facebook” kote y ap pibliye fo enfòmasyon k ap sal imaj kèk sitwayen pezib, onèt e kredib nan sosyete a.

N ap souliye tousuit aprè lapolis te fin met lapat sou Pierre Jean Julio youn nan prezime asasen Mèt CHARLEUS yo nan vil Senmak nan dat 25 me 2023 a, bandi a zam te anvayi epi bloke wout nasyonal la nan nivo Delije pou egzije liberasyon akolit yo, yon aksyon ki ranfòse soupson enplikasyon endividi a nan asosyasyon malfektè yo sou zòn lan.

Nan fen jounen 28 me 2023 a, endividi moun pako idantifye ki kache dèyè pwofil facebook ki rele « Chanje Ayiti » pibliye foto plizyè sitwayen li kalifye kòm bandi, alòske tout sosyete a konnen byen moun sa yo etanke sitwayen pezib e onèt ki aktif nan lavi sosyal ak kiltirèl peyi a, pami yo Flore SADRAC (Etidyan nan syans jiridik FDSE, lèt modèn ENS, PDG Ewa Koleksyon manm òganizasyon politik Konbit Tanbou Pale, komedyen Sèk Gramsci ak TKL), Edmond BLANC (PDG Kodak Pam, dirijan òganizasyon politik Konbit Tanbou Pale), Nouvolib AYIBOYO (Travayè Sosyal, Sikoterapet, Katograf, Powèt, Atis Angaje, pwofesè, PDG Sous Lavi dlo, dirijan Twoup Teyat Kòn Lanbi, manm òganizasyon politik LAKAY).

Nou menm ansanm òganizasyon ak pèsonalite ki siyen nòt sa voye yon demanti fòmèl ak pwopagann difamatwa sa endividi mal entansyone ap fè pou sal pèsonalite moun ki malgre moman difisil peyi a twouve la ki rete entèg epi kenbe diyite yo. Nou denonse avèk tout fòs nou mannèv malonèt sa yo ki vize detrui ti kras valè peyi a rete toujou. Tout moun dwe konprann byen difamasyon sa yo enskri nan demach pou detounen vijilans, sa k ap lakòz difikilte pou lajistis triyonfe tout bon.

Nan moman espesyal sansib sa, mòd Pwopagann sa yo fèt tout eksprè pou vrè bandi yo pwoteje tèt yo kont mouvman bwa kale a epi oryante mouvman an yon mannyè pou plis inosan viktim ladan l yon fason pou kreye divèsyon ak kontradiksyon k ap pèmèt pèp la pran retrè sou fason l ap defann tèt li kont gang k ap teworize l, sa k ap rann bandi yo vin pi pisan e kriyèl.

Nou kondane tout mannigans vakabondaj k ap pwofite rezistans popilè a pou fè regleman kont yo. N ap mande pou pèp la rete vijilan pou evite inosan k ap sibi menm kalamite avèk li pa viktim nan plas koupab yo pandan lapolis ak lajistis dwe mobilize tout resous ak ekspètiz nesesè pou kwape ni bandi ak sapat ni bandi ak kravat.

Senmak, 28 Me 2023,

 

FÒK LAJISTIS TRIYONFE POU ENSEKIRITE A KABA!

VIV LIBÈTE AK BYENNÈT POU TOUT MOUN!

 

Pou otantifikasyon:

Marc Cauvin PLAISIR

_cauvinn88@gmail.com

Ekriven

 

Judeson SEULEMENT

_judesonseulement@gmail.com

Pwofesè

 

Rigaud VELUMAT

LAKAY (Latibonit Kanpe pou Ayiti)

 

Ogoukadi TCHOVAMA

KONBIT TANBOU PALE

 

Nelio PETIT-HOMME

MORELIM (Mouvman Revolisyonè pou Liberasyon Mas yo

 

Makandal Rezistan

ASIRE( Asosyasyon Inivèsitè,z Revolisyonè)

 

Donald Ayiti

Powèt-ekriven, manm òganizasyon politik MORELIM

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES