Foutbòt feminen: Mèsi Danielle Etienne

Nan zafè foutbòl an Ayiti, nou konnen anpil fanmi, ke se kòm dirijan, ou kòm jwè nan klèb tankou nan seleksyon, ki fè anpil pou jwèt sa avanse nan peyi a.

Guy Saint Vil ak ti frè li Roger ansyen jwè Racing ak seleksyon nasyonal, se youn nan egzanp sa n ap pale a. Se efò 2 frè sa yo te fè nan chanpyona Konkakaf ki te fèt an Ayiti an 1973, ki te pèmèt Ayiti te rive klase pou koupdimond 1974 ki te fèt an Almay.

Fanmi Vorbe lan menm, se yon faktori ki toujou ap pwodui bon jwè  kalite. Lè yo di Vyolèt Foubòl Klèb, yo wè fanmi Vorbe. E lè yo di Fanmi Vorbe, yo wè Vyolèt.

Nan zafè seleksyon nasyonal, fanmi sa bay jwè nan tout epòk, ak nan tout kategori. Philippe, Charles, Edouard, Sebastien etserera, se jwè sa yo ke fanmi bay ekip foutbòl peyi Dayiti.

Sòti nan drapo nwa e wouj, pou rive nan bikolò ble ak wouj, ansanb ak anpil lòt bon jwè nan peyi an tankou nan dyaspora, mesye sa yo toujou ede drapo peyi an monte byen wo nan peyi etranje. 

Pa dim nou pa sonje ou byen pa janm wè pas sou mezi sa Philippe Vorbe te bay Manno nan match Ayiti kont Itali nan koupdimond 1974 ki te fèt an Almay lan. Tankou ansyen kronikè espòtif Patrice Dumond ta di: Wi fout, gad yon pas. 

Definitivman, mwen gen anpil bagay pozitif nan zafè foutbòl m te kab di sou fanmi sa ak anpil lòt fanmi ki kontribiye pou fè espò sa rive kote li ye an. Men, mwen ap kanpe la pou m di ayibobo pou medam seleksyon feminen yo. Se de yo  anpil moun ap pale jodi an. Donk an nou pale de grenadyè sa yo.

Mèsi ak Kapitèn Nerilia e ak tout lòt koyekipye li yo tankou Melchie, Roselord, Shirley etsetera ki te bay tout yo menm nan 2 dènye match kont peyi Senegal ak Chili pou te rive bay peyi an kalifikasyon an. Yon mèsi ak tout dirijan tankou ak tout estaf teknik ki te fè anpil efò pou bay rezilta sa.

Men, tèks sa ekri pou di yon mèsi ak Danielle Etienne. Danielle, ayibobo pou ou. Danielle se ti sè grenadye Derick Etienne ki ap jwe kounye an pou seleksyon nasyonal gwo ekip gason an. Danielle gen lontan li ap jwe pou ekip medam yo. Li te la ak seleksyon an nan faz final konpetisyon koup dimond U 20 ki te fèt an 2018 lan.

Pa gen dout nan sa, yon grenadyè rete yon grenadyè. E kèlkeswa nan sikonstans ou nan moman an. Danielle se manman yon ti pitit gason ki gen selman 2 mwa. Nan lang kreyòl, nou t ap di ke Danielle se yon ti nouris ki pat di non lè antrenè an te fè apèl ak li. 

Mèsi ak fanmi Etienne. Mèsi ak Derick. Yon gwo mèsi ak Danielle pou gwo aksyon patriyotik sa ou fè nan moman ke peyi an te bzwen sèvis ou. Mwen rete kwè ke peyi an pran nòt de gwo sakrifis sa.

Grenadyè, pandan  nou ap ankouraje w pou w kontinye pran swen tèt ou, pitit gason w, ak tout lòt manb fanmi w, nou swete wè w trè byento ak koulè seleksyon ansanb ak tout lòt koyekipye yo nan dènye faz final koupdimond ki ap gen pou fèt nan dat 20 jiyè pou rive 20 out nan peyi Ostrali ak Nouvèl Zeland.

 

Grenadye alaso.

 

Esau Jean-Baptiste 

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES