Yon nouvo branch Sosyete Koukouy Dèlma

Sosyete Koukouy ap pouse boujon toupatou. Tanzantan, fanmi an ap grandi. Konsa, mèkredi 15 fevriye 2023 a, nan Bazilik 33, Dèlma 33, yon gwoup jenn fanm ak jenn gason ayisyen, (operatè kiltirèl, ekriven, powèt), manm Sosyete Koukouy, lanse branch Sosyete Koukouy Dèlma.

Jounalis, ekriven, chantè, dizè… pou nou site sa yo sèlman te reponn prezan nan gran jou sila. Koprezidan branch Sosyete Koukouy Dèlma, Iléus Papillon ak Anivince Jean Baptiste te kontan anpil pou lansman sila. Responsab yo te pwofite okazyon an pou yo te prezante istwa, misyon ak objektif Sosyete Koukouy.

Pou rapèl, pi ansyen òganizasyon literè ak kiltirèl ayisyen an aktivite a, Mouvman kreyòl / Sosyete Koukouy ap layite kò li jounen jodi a toupatou nan lemond: Etazini, Kanada, Kiba... Men se an Ayiti mouvman sila te pran nesans nan dat 18 desanm 1965 avèk doktè Ernst Mirville (Pyè Banbou), Henry Claude Daniel (Jan Tanbou), Jean Marie Willer Denis (Jan Mapou), pou nou site sèlman non sa yo. Sosyete Koukouy ap travay san relach nan kore devlòpman lang, literati ak kilti kreyòl ayisyen an depi plis pase senkant (50) ane. Se menm rezilta travay sila yo ki vin debouche sou djougans anpil jenn gason ak jenn fanm genyen nan sosyete nou an pou ekri nan lang kreyòl ayisyen an san vye konplèks ak prejije. Pami yo, nou ka site jèn tankou: Iléus Papillon, Anivince Jean Baptiste, Orso Antonio Dorelus, Frantzley Valbrun, Douglas Zamor, Hugline Louis, Jocelyne Pierre, Sagesse Messerne oubyen ankò James Francisque…

Pandan inogirasyon nouvo branch Sosyete Koukouy Dèlma, Prezidan Biwo santral Sosyete Koukouy, Pascale Milien Faustin, ansyen Prezidan ak Fondatè Mouvman Kreyòl Ayisyen / Sosyete Koukouy, Jean-Marie Denis “Jean Mapou”, Michel-Ange Hyppolite, Kiki Wainwright, Manno Ejèn, Yvon Lamour, Jean Robert Placide pou site non sa yo sèlman te prezan pou viv moman sila sou Zoom. Prezidan Biwo Santral la, Pascale Milien Faustin ak ansyen prezidan Jean Mapou te pran lapawòl pou renmèt kle pòt branch Sosyete Koukouy Dèlma.

Plizyè lòt jenn te pwofite rejwenn epi patisipe Sosyete Koukouy Dèlma: Carloline Louis, Widly Catpentier, Myrlène Deshommes, Alexandra Rica Jean Louis, Nohémie Zamor, Madeleine Mondestin, Gabriel Sephora Jean Louis…

Misyon ak aktivite branch Sosyete Koukouy Dèlma

Prensipal misyon Sosyete Koukouy Dèlma enskri li nan filozofi Mouvman Kreyòl Ayisyen an: klere nan fènwa. Goumen pou pèmèt Ayisyen renmen lang yo, kilti yo, literati yo. Pèmèt Ayisyen viv san vye konplèks enferyorite nan zafè kilti ak tradisyon yo.

Branch Sosyete Koukouy Dèlma pwopoze reyalize divès aktivite: atelye ekriti literè, atelye penti, atelye mizik, atelye teyat, elatriye. Sosyete Koukouy Dèlma ap kontan resevwa ou nan aktivite li yo. Tout moun ka antre an kontak ak yo atravè:

Imel: sosyetekoukouydelmaayiti@gmail.com

Tel.+509 3350 28 34; 4730 07 14

 

Hugline Louis

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

1 COMMENTAIRES