Foubòl eliminatwa koup di mond: Pou Ayiti, se yon wikenn 3×8

Si w wè 3 fwa 8 sa nan tit lan, men vle w konnen ke se pa yon zafè de miltiplikasyon matematik ki ap regle. Men, se pito 3 jou youn dèyè lòt yon seri match konpetisyon foutbòl entènasyonal ki planifye a 8 tè nan aswè  pou grenadye ak grenadyè nou yo jwe. 

E pou fè li pi klè, an nou eseye gade kalandriye ak lè match yo ansanb pou n kab konprann zafè 3x8 lan pi byen.  Konsa, nou ap k ab konpran n definitivman kote ide an sòti.

Jedi swa ki te 16 fevriye, li te 8 tè nan aswè lè, nan kad dènye match de gwoup pou eliminatwa koup di mond U 17, ekip antrenè Angelo Jean-Baptiste lan te rankontre advèsè yo Ondiras nan peyi Guatemala.

Aprè ke grenadye yo te domine yon bon pati nan premye mitan match la, te rete 2 minit yo konsa pou ekip lan te rantre nan vestyè, swit ak yon erè katastwofik sou bò goch lan ant mitan teren an ak defansè santral lan, jwè Ondiras lan te rive gen boul lan  e make premye ak inik gòl nan match lan kont Ayiti. 

Lè seleksyon an sòti nan vestyè nan dezyèm peryòd match la ti grenadye yo te vrèman ogmante presyon sou ekip Ondiras lan. Men yo pat rive jwenn egalizasyon nan match la. Yo rate anpil okazyon pou yo egalize e menm rive bat Ondiras.  E se youn nan feblès antrenè Angelo Jean-Baptiste ta dwe travay anpil ak ekip sitou atakan yo.  Nan sans sa, ti grenadye yo vrèman manke tranchan. 

Anatandan antrenè a rezoud pwoblèm nan liy atak la, avèk defèt sa kont advèsè yo jedi swa, ekip Ondiras la premye. Salvadò dezyèm. Epi Ayiti twazyèm nan gwoup la. Selon aranjman pwotokòl chanpyona an, menm avèk yon twazyèm plas, grenadye yo rive jwenn kalifikasyon yo pou 16e final la k ap kòmanse nan wikenn lan. 

Pandan ti mesye yo ap rete tann yo pou jwe kont ekip Kanada demen samdi swa k ap 18, men toujou a 8 tè nan aswè, jodi an, gwo ekip medam grenadyè yo ap gen, nan kad match baraj eliminatwa pou pwochen koup di mond ki ap gen pou jwe nan dat 20 jiyè pou rive 20 out 2023 nan peyi Ostrali ak Nouvèl Zeland, pou yo afwonte ekip medam Senegal yo aswè an a 8 tè.

An pasan, an jiye ane dènyè, aprè yon gwo defèt 4 a 0 anfas yon puisant ekip amerikèn, anpil moun te panse ke grenadyè yo ta pral konnen menm imilyasyon an tou kont yon gwo moso ki rele Meksik.  Se byen konte, mal kalkile.  Kòm gwo batay nan Lakrèt a Pyero, grenadyè yo te lanse anpil gwo boulèt kont kan medam Meksik yo.  Match ke yo te rive genyen 3 a 0.  Avèk yon bèl viktwa kont gwo ekip Amerik di Nò sa, nan dènye match e gwoup la kont ekip Jamayik la, Ayiti te sèlman yon fè yon nil pou li te avanse pou semi final, ki an menm tan te ap pèmèt li kalifye otomatikman pou koup di mond la. Malerezman koekipye Nérilia Mondésir ak  Melchie Dumornay yo te kite chans lan pase paske yo pèdi match lan 4 a 0 kont yon ekip Jamayik ki te fizikman te pi byen prepare.  E se sa ki fè ki yo ap jwe match  baraj jodi an kont ekip Senegal la. 

Donk, yon rapèl pou nou fini. Yè jedi 16 la a 8 tè nan aswè se te ekip U17 Ayiti an kont Ondiras nan peyi Guatemala. Vandredi 17 toujou a 8 tè nan aswè, se ap ekip medam Ayiti yo kont Senegal nan North Harbour Stadium ki nan Aucklan Nouvèl Zeland.  E finalman demen samdi 18, ankò a 8 tè nan aswè, nan faz sèzyèm final, se ti mesye grenadye yo anfas ekip Kanada.  Tankou lòt la ta di nan emisyon espò li yo: Wi fout, gade yon bèl wikenn boul pou Ayiti.

Si w fè 3×8, ki bay 24, sa vle di nan espas 24 trè de tan, pandan 3 jou youn dèyè lòt, nan kad dènye faz eliminatwa koup di mond, ekip foutbòl Ayiti yo, gwo fanm kou ti gason, ap nan batay. Yon batay pou fyète. Yon  batay pou diyite. Yon batay pou lonè ak respè yon peyi ki, kwak enemi li yo vle chak jou fòse mete l ajenou, men ki, kòm an 1804, refize mete tèt li atè devan oken moun.  

Rezistans, rezilyans, se sa ki defini Ayisyen. E se Ayisyen grenadye ak grenadyè ki nan ekip foutbòl yo. Donk grenadye alaso.

 

Esau Jean-Baptiste 

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES