Foutbòl lan pa sèlman konpetisyon entènasyonal, li lokal tou

Yo fè, yo fè, yo voye ba nou, an nou fè voye ba yo tou. 

Mwen kòmanse ak pawòl nan mizik sa pou m di ak tout fanatik yo, ke foutbòl lan pa fèt sèlman de match entènasyonal tankou Ajantin, Brezil elatriye.

Anpil ayisyen fou lè gen gwo konpetisye entènasyonal yo. Yo konnen tout gwo klèb ak non tout gwo jwè ki ap jwe nan gwo chanpyona yo. Se yon mès relijye. Yo pap rate match Barcelone, Real Madrid, Athlético de Madrid, Paris Saint Germain (PSG) etsetera.

Nan kesyon fanatik yo, mounn sa yo konn rive gen mayo, kepi ak tout lòt bagay ke yo kab genyen pou montre lanmou yo pou tèl ou tè l lòt ekip. Ankò se trè byen. Paske yo di: gou ak koulè se pa yon bagay ou vrèman k ab diskite. 

Definitivman, pa gen anyen movè nan sa. Men gen yon epòk tout gwo jwè sa yo te konn ap jwe chanpyona lokal U 17 ak entènasyonal nan menm kategori an tou. Gwo save yo di tou: Pa gen jenerasyon espontane. 

Mwen p ap aprann oken mounn anyen. Kiyès mwen ye pou m ta ap fè sa. Men, nou pa k ab plis royalis ke wa an. Menm jan tou, nou p ap k ab plis Katolik ke Pap lan tou. Kesyon pou m di nou p ap janm plis Brezilyen ou Ajantin ke mounn ki fèt e ki ap viv nan peyi sa yo. Anvan tou, nou se Ayisyen.  Wi Ayisyen natif, natal.

Se vre nou gen plis ke 2 zan nou pa gen chanpyona an Ayiti. Se vre ke gen lontan, se lakay vwazen ke nou reyini jwè nou yo pou nou prepare konpetisyon entènasyonal yo. 

Se vre tou lè nou ap jwe match ale ak retou, se teren lakay vwazen ke nou itilize pou nou resevwa advèsè nou yo. Men, se pa yon rezon pou mounn ki abitwe fè anpil bwui nan rezo yo ignore ti grenadye nou yo nan dènye faz final eliminatwa konkakaf pou koup di mond U 17 ki ap jwe nan moman an nan peyi Guatemala.

Mwen ap raple ke yè dimanch ki te 12 fevriye an, li te 5 kè nan aprè midi lè ekip antrenè Angelo Jean-Baptiste lan te rankontre ekip U 17 Salvadò lan. Yo te fè premye gòl nan premye mitan match lan. Men malerezman ti grenadye nou yo te pwal pèdi premye match yo nan konpetisyon an kont ti mesye Salvadò yo sou yon eskò de 3 gòl a 1.

Lè m te ap grandi, mwen te konn toujou tande mounn yo te konn ap di: premye so pa so. Donk, se vre avèk match ke yo pèdi an, ti mesye yo te mal kòmanse konpetisyon an. Men, yo ankò gen chans yo pou avanse nan sèzyèm de final, epi kalifye pou pwochen koup di mond nan kategori U 17.  

Yo ap jwe pwochen match yo demen madi ki ap 14 fevriye an a 5 kè kont ekip Surinam.  Se vre ke yè dimanch lan Ayisyen nan dyaspowa yo te okipe nan zafè Sipèbòl. Men, pou match demen an ki se jou fèt mounn ki renmen, an nou bay ti grenadye nou yo anpil lanmou.  Menm jan nou abitwe fèl pou Duckens Nazon, Frantzy Pierrot, Nerilia Mondésir ak Melchie Dumornay lè yo ap jwe.  An nou ankouraje ti grenadyo nou yo pou yo ale dèyè kalifikasyon pou mondyal lan.  Paske pou kounye an, so sèl vrè Anbasadè peyi an. 

 

Esau Jean-Baptiste 

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES