Sa nou swe konprann sou dwa moun ak òganis dwa moun yo

Tèks sila ekri nan lide pou fè tout moun konprann wòl Òganizasyon dwa moun yo nan peyi a. Paske pawòl kap pale yo jounen jodi a montrem gen yon enkonpreyansyon osnon yon mekonesans de li.

Dabò Òganizasyon Dwa Moun se yon estrikti ki nan sosyete sivil nan yon peyi kelkonk kap founi je gade kouman aparèy leta ap mache.

Li bon pou presize , chak Òganizasyon Dwa Moun ka di tèt li sou ki ang nan domèn nan li gen espètiz epi ap fè pwomosyon ladanl , pwodui rapò ladanl tankou sou (koripsyon, enjistis elatriye, dwa timoun elatriye).

Yon Òganizasyon Dwa Moun se pa yon enstitisyon ki nan leta. Men se pito li la pou monitore leta nan aksyon kap poze nan evite deriv, pou respe dwa moun , pou amelyorasyon kondisyon lavi moun.

Yon Òganizasyon dwa moun pa nan paspouki. Sa vle di, li pa fè diskriminasyon. Kèlkeswa moun li ye, kòm moun, li gen dwa menm jan ak tout moun nan Kèlkeswa sekte li ta ap evre tankou ( dirijan politik, ekonomik, fonksyone leta, ansasen, prezime ansasen elatriye). Se yon Kesyon de prensip ak règ ki tabli nan tout peyi.

Deklarasyon Inivesel Dwa Moun nan di nan 1er li " tout moun egal ego douvan la lwa (...). Kidonk Pesonn Leta pata dwe pasel de teks sila paske lejislasyon peyi dayiti tonbe dako ak li epi enserel nan manman lwa l.

 

Lè nou pale de dwa moun, nou fè referans ak :

⚫dwa pou moun jwenn lamanjay.????

⚫ Dwa pou jwenn bon jan ledikasyon .

⚫Dwa pou jwenn bon jan lojman.

⚫Dwa pou jwenn bon jan espas Lwazi.

⚫Dwa pou jwenn yon Jistis ekitab.

⚫Dwa pou jwenn dlo potab pou bwe ak sevi.

⚫Dwa pou jwenn travay ki reponn ak egzijans lavil elatriye.

 

Dwa moun pa rezime ak Dwa Sivil ak Politik yo selman pou presizyon.

Sa pou n konprann, se leta????️ ki pou degajel kou met janjak pou garanti dwa sila nan pran bon jan mezi ak bon jan disizyon nan sa ki gen awè ak gouvènans nan kad aplikasyon politik piblik epi aji tou sou rekòmandasyon Òganis dwa moun yo.

Men, lè dwa moun yo pa rive respekte osnon garanti, Oganis dwa moun yo gen pou denonse l epi redi zorey dirijan leta????️ pou aji selon Lalwa⚖️. Nan ka gen vyolasyon (Viktim), Òganizasyon dwa moun yo gen pou akonpanye viktim yo douvan tribinal konpetan pou pwononsel sou zafè a.

Li enpotan pou sa klè kou klè wòz nan tèt nou, Òganizasyon dwa moun yo pa Tribinal ni lajistis. Yo la pou akonpanye sosyete a , yo la pou akonpanye leta pou mete kanpe yon sosyete ki jis e ekitap ki chita sou "Etat de Droit".????️⚖️????️

Youn nan pwen ki fondamantal pou tout sitwayen dwe konnen, gen vyolasyon dwa moun si e selman si aksyon molonet la poze pa :

 

♦️Leta

♦️yon Ajan nan Leta

♦️yon Otorite nan Leta

♦️yon ofisyel nan Leta

♦ youn nan pouvwa nan Leta

Nou rann nou kont aksan selman tabli sou leta. Men nan ka gen yon gwoup endividi osnon yon endividi ki gen zam ilegal nan menl kap simen dèy ak Latwoublay. Òganizasyon dwa moun yo gen pou denonse konplisite osnon pasivite leta nan pa pran bon jan mezi pou garanti lòd. Sa vle di se paske Leta pa pran yon ansanm Mezi an amon ak an aval ki pèmèt yon envidi ka rive gen zam ilegal pou twouble lòd piblik.

Yon sosyete dwe chita sou respè ak bon jan konpreyansyon lalwa. 

E se pou sa, nou dwe travay ansanm pou pèmèt chak grenn ayisyen Viv tankou moun kote dwa chak grenn moun rive garanti.

 

Dwa Moun se Leta ki Garanti l.

Pou sa gwo jefò dwe fèt pou aplikasyon lwa yo.

 

Mèt Louimann MACEUS, av.

Sekretè Jeneral ECCREDHH.

Manm Amnesty international.

Spc. Dwa Moun & Dwa Entenasyonal Imanitè (CUHD).

Spc. Politik Piblik Dwa Moun (IPPDH).

ethnojuriste@gmail.com

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES