N ap fè l an kreyòl

Sa gen kèk lane, yon jenn powèt, ki te gen plis lanvi pase zouti pou l ekri nan lang kreyòl, te pran abitid al pase dè mikwo nan Vandredi literè Inivisèsite Karayib pou l pataje travay li ak yon piblik enterese. Rankont sa yo te konn fèt san awogans malgre, anpil pi gran te konn la pou transmèt eksperyans ak konesans yo pandan y ap ankouraje pi piti yo konsidere rigè ak bon sans kòm baz travay yo.

 

Yon sware, jenn powèt la fin li tèks li, ak yon ti tranbleman. Men li te kwè l te ka konsakre lavi l nan defann yon kòz ki enpòtan anpil pou rive tabli yon ekilib « lenguistik » nan peyi l, sa ki nesesè pou tabli yon fòm jistis sosyal an Ayiti. Toudenkou, yon mesye byen serye, fanatik literati, ansyen minis Edikasyon nasyonal, monte pran mikwo a san yo pa anonse l. Gwo chabrak la voye ti powèt la anlè san l pa atrap li. Dapre minis la : « tout jenn Ayisyen k ap ekri an kreyòl se parese, se kreten. Yo fè l konsa paske ekri an franse twò difisil ».  Lè sa fin rive, se Lyonel Trouillot ki te jwenn bon mo yo pou eksplike mesye a nan ki pwen l ap fè sosyete a pè. Moman sa a te chanje lavi yon pakèt jenn powèt kreyòl ki vin konprann yo pa pou kont yo. Yo pa lage nan batay san soutyen.

 

Se vre, tout moun te met men. Politisyen vin aprann pale ak pèp la an kreyòl san fè tankou. Antreprenè kòmanse voye nan medya piblisite an kreyòl. Sistèm edikatif la poze aksyon pa l. Inivèsitè niche kreyon yo pou eksplike enpòtans lang nan epi soulinye règ yo. Legliz preche nan lang pèp la. Epi sa w tande a, manm Sosyete Koukouy yo ak latriye ekriven vin konnen batay yo a pa yon pozisyon teyoris, moun sòt, egri ak sanwont.

 

Nan Jounal Le National, nou kontan paske mouvman an ap konsolide. Se poutèt sa nou salye epi remèsye tout jenn fi ak jenn gason k ap fè jefò pou kenbe Festival entènasyonal literati kreyòl la tankou Anivince Jean-Baptiste ak kolaboratè nou Iléus Papillon. Sa pra l fè twazyèm sòti festival sa a ki pèmèt Ayisyen ak lòt pèp kreyolofòn sou latè selebre yon zouti ki ini yo. Chwa Lyonel Trouillot, kòm envite donè, se yon rekonpans pou tout pigran yo ki sakrifye konplèks yo ki donnen nan milye kote yo soti pou bay batay sa a jarèt. Nou panse ak Claude Pierre, Frankétienne, Manno Ejèn, Louis Philipe Dalembert ak anpil lòt.

 

Anpil nan nou, ak rezon, konsidere batay ki angaje depi lontan pou defann lang kreyòl la epi valorize travay ki fèt sou li epi pou li, pote anpil chanjman nan sosyete a. Antouka nou gen prèv ak konsyans batay sa a pa t mennen pou granmesi. Nou ka menm pran lit sa, ansanm ak tout estrateji ki karakterize l, kòm youn nan pi bon egzanp detèminasyon yon pèp pou fè respekte dwa l. 

 

Gen anpil lòt goumen ki dwe mennen. Nou gen modèl. Nou konn gou laviktwa.

 

Semèn sa a se Festival entènasyonal literati kreyòl. N ap gen envite k ap vin wè nou. N ap fè l an kreyòl.

 

Jean-Euphèle Milcé

LAISSEZ UN COMMENTAIRE