André Fouad salouwe lanmè a

Powèt André Fouad fenk pibliye nan edisyon Freda yon liv ki pote tit «Djoumba pou dlo ble ». Se yon lèt damou pou lanmè, pou fanm. Se yon meditasyon tou sou vwayaj, absans epi silans.

« Djoumba pou dlo » ble se yon pwezi sireyèl ki gen yon ti kras modènite ladan l. Powèt la pran men nou li mennen nou nan zantray lanmè. Lanmè kòm mwayen pou n vwayaje. Kòm mwayen pou n gade enfinite l. Powèt André Fouad ofri yon pwezi emèvèyman. Li desinen pòtrè lanmè ak mo yo.

« Lanmè a tèlman bèl li jouke m
Jiskaske mwen vin pòtre drivayèz
Mwen niche pye vag yo toupatou
Jouk mwen ayik
Foli m make chak kadans li
Epi mwen tanmen ekri pwezi-mizik kòn lanbi
Wòch galèt kache
Agwetawoyo sèl long vi m
Sèl marasa koukouy mwen
San manti cheri lanmè a fout anraje
Kite bèl dèyè tèt li
Li fè m kouri akatpat
Lè l soufle nan tout twou pòt kò m
Timoun o! Timoun o! Men lanmè
Lanmè o! Lanmè o! Men timoun
Fanm o! Fanm o! Men lanmè agwetawoyo
Lanmè o! Lanmè o! Men fanm
N daku ya
N daku ya
N daku ya
Gad jan lavi bèl
Lè fanm pran plas lanmè » paj 7

Liv sila se yon metafò pou di lanmou li, sansibilite l ak lapenn li tou. Nou twouve yon powèt angaje ki itilize pwezi pou di lavi nan tout dimansyon l. Mizikalite, lirism, imaj, metafò se prèske fondman pwezi André Fouad. Se yon powèt tou ki konn rakonte. Pwezi l yo se yon seri istwa kaptivan ki pran men nou mennen nou nan yon rèv. Rèv ki di lavi, lapenn. Powèm « Djoumba pou dlo ble » yo rantre nan yon kad inivèsèl tou. Li itilize anpil dyalèk afriken. Nou twouve yon powèt ki met tab ekriti l nan mitan lanmè. Pou l gade lemonn ak lavi nan je.

« Mwen pèdi kat jewografi m
Nan bri cheve lasirèn labalèn
Boul solèy
Se mezi pannkat tout plimay
Lorizon kache
Pòpye machann dlo
Machann sèl
Ouvè paj koulè klète lanmè »

André Fouad gen yon langaj elastik. Se yon powèt pye poudre tou. Se sa li viv li ekri. Chak liv liv gen prèske yon sèl tematik santral. Nan « Plas Piblik » li te mete tout reyalite nou ak rapò nou genyen ak lari. Nan liv sa André Fouad itilize tèm santral lanmè. Pwezi sila plis ouvri sou lemonn.

« Lanvè lari
Mwen s on powèm dayiva k ap bouske tèt li
Nan nannan djakout lanmè
Mwen poze mil kesyon
Pouki grenn mab mwen kòlboso?
Menm jan ak twa klòch
Pawass legliz sent bènadèt »

Youn nan orijinalite nou twouve nan liy powèm André Fouad yo li gen pwòp lang pa l. Vwa powèt la inik.
Lang li gen amoni. Chak powèm li se yon mizik k ap fredone. Se yon senfoni k ap jwe. Otantite. Densite. Sansibilite. Dekadans. André Fouad se yon powèt ki cheri lang lan. Ki manyen lang lan byen. « Djoumba pou dlo ble » se yon reyisit.

Marc Nicolson Ricot

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES