Seremoni enstalasyon dis nouvo akademisyen ak yon konseye konsiltatif Akademi kreyòl ayisyen

Seremoni enstalasyon dis nouvo akademisyen ak yon konseye konsiltatif Akademi kreyòl ayisyen an te fèt nan otèl Maryòt Tijo jou ki te jedi 30 jen 2022 a. Divès pèsonalite te pran lapawòl pou salye dis nouvo akademisyen sa yo ki vin n pote kole pou bay lang manman an plis jarèt.

Se an prezans minis Kilti ak Kominikasyon an, Emmelie Prophète Milcé, ak lòt ofisyèl nan Leta a ak akademisyen ayisyen yo, responsab AKA yo rive    enstale dis nouvo akademisyen ak yon konseye konsiltatif. Dis non akademisyen yo se Marie Jeanne Léo Charles, Yvon Amour, Norah Amilcar Jean François, Lyonel Desmarattes, Jean Robert Placide,Sandra Duval, Régine Duroska Murray, Al Dunel Dimanche, Altagrace Payen Auguste, Chantal Hirsch Noël ak konseye konsiltatif la ki se Jean Marie Mondesir.

Akademisyen ak rektè inivèsite leta Ayiti a, Fritz Deshommes, salye prezans dis nouvo akademisyen sa yo avèk lonè avèk respè. Pou akademisyen Deshommes, dis nouvo  akademisyen sa yo ap vin potekole pou pèmèt tout Ayisyen jwi dwa lengwistik yo jan lwa manman peyi a mande li.  Nan non dis nouvo akademisyen yo, Yvon Lamour te pran lapawòl pou felisite kòlèg akademisyen li yo pandan ke li boujonnen lespwa nan kèl pou tout akademisyen yo pataje konesans yo nan yon ekwasyon bay epi pran.

« Se sou plizyè zepòl nou kanpe pou nou kontinye travay la. Nou la pou nou ede chak Ayisyen reflechi nan lang matènèl yo pou yo ka evolye nan milye yap viv la. Fòk nou pouse lang kreyòl la kòm zouti aprantisaj pou laji konesans nou. Nou vini tou pare pou nou ranpli misyon AKA a paske lang kreyòl la soude tout Ayisyen. »  Prezidan AKA a, Rogeda Dorcé Dorcil, te chante tololo paske se fèt nan AKA ki resevwa dis nouvo manm tout nèf. « Se Yon bèl fèt n ap patisipe ak tout fòs nou pou lang sa a kontinye make pwen. Se yon moman enpòtan nan lavi k ap fete uit bouji nan lane 2022. Nouvo manm sila yo ap mete konpetans yo, ekspètiz yo ak eksperyans yo pou yo ede kwape tout prejije k ap fèt sou lang kreyòl la. Mèsi paske nou vle rann pèp la sèvis ki se premye gadyen lang kreyòl la, yon lang nou paka touye. Lang yon pèp se yon zouti espesyal nan idantite l, nan mounitel, nan diyitel. Nan AKA, nou rekonèt nenpòt lang ki egziste san l pa touye lang kreyòl la.»

Minis Kilti ak Kominikasyon an, Emmelie Prophète Milcé, te pran lapawòl tou pou l di peyi a gen anpil rekonesans pou sa AKA fè deja, Pou sa AKA ap kontinye fè pou lang kreyòl la jwenn plas li tout kote nan sosyete a. Minis lan te pwofite rann yon gwo omaj postim ak Georges Castera ki ekri anpil nan lang manman an e ki te reve vin akademisyen. Emmelie Prophète Milcé mande pou gen anpil kontni nan lang kreyòl la pandan li swete yo tradwi nan lang sila a anpil gwo liv ki nan patrimwan literè mondyal.

 

Schultz Laurent Junior

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES