Nan « Tout Syèl la Klere », Jonel Juste pwopoze pou imajine lavni
“Tout Syèl la Klere” se yon istwa ki soti nan liv “Anba Syèl Ble a”, yon seri istwa kout powèt ak nouvelis Ayisyen Jonel Juste ekri an Kreyòl an 2025. “Tout Syèl la Klere” voye nou jis nan ane 2050. Li dekri yon monn revolisyon wobotik ak entèlijans atifisyèl fin transfòme, sa ki gen kòm konsekans gwo chomaj ak plis inegalite ekonomik ak sosyal nan peyi devlope tankou Etazini. Van an vire, Ayiti li menm vin tounen yon peyi opòtinite ki atire imigran. Anpil nan nouvo imigran sa yo se blan k ap chèche lavi nenpòt kote yo ka jwenn ni paske lakay yo pa bon. Aleksann, yon doktè Ayisyen, ap retounen nan peyi li pou al travay Wanament, yon vil k ap devlope e ki chaje opòtinite travay. Eske Aleksann ap jwenn sa l ap chèche nan nouvo Ayiti a? Istwa sa a envite lektè yo reflechi sou lavni limanite ak sans pwogrè genyen. Men yon ekstrè.
Jonel Juste
Nou nan ane 2050. Aleksann chita nan saldatant aryopò Boston (Logan International Airport) ap tann dènye avyon pou Ayiti pou jounen an. Aleksann pa pou kont li. Li pami 150 pasaje k ap pran vòl sa a. Pifò ladan yo pa Ayisyen, se blan. Sa fè l sonje peryòd 2010, apre gwo tranblemanntè a, lè avyon ki tapral Ayiti yo te gen plis etranje pase Ayisyen. Anpil nan etranje sa yo te vwayaje Ayiti pou chèche travay apre katastwòf la. Yo tapral jwenn djòb nan ONG ak òganizasyon entènasyonal tankou Lakwa Wouj, UNICEF, Oxfam, elatriye.
Si vous avez déjà créé un compte, connectez-vous GRATUITEMENT pour lire la suite de cet article.
Pas encore de compte ? Inscrivez-vous
0 commentaire
Les échanges courtois et argumentés font la qualité du débat.
Connectez-vous pour commenter. Un compte garantit que votre nom n'est utilisé que par vous.
Se connecter Créer un compte
Aucun commentaire pour l'instant. Soyez la première personne à réagir.