Lovens Markenley JEAN fèt nan mwa dawout nan vil Janrabèl. Li se yon gwo bout chantè li fè anpil bagay nan lakou etazini se ak kè kontan jodia Le National pase Lakay li.
Le National : Ki moun ou ye, e ki enfliyans Janrabèl te gen sou lavi ou?
Lovens: Mwen se yon adoratè, yon melomàn, yon moun ki renmen literati e ki konn ekri pwezi. Ansyen vis Prezidan kè dadorasyon legliz Batis ini kafou e aktyèl Prezidan Praise team Eglise Évangelique de Jésus ki nan fort Lauderdale. Mwen se mari yon bèl fanm kreyòl ak papa 2 pitit.
Varyasyon rejyonal ak jan moun yo pale pote yon diplis pou mwen nan akouche mo sou bout papye pou m "viga" yon enpirasyon peyi pou pote lapawoli nan kapital peyi a.
Le National : Poukisa paran w te voye w Kafou an 1996, e kisa sa te chanje nan edikasyon ou?
Lovens: ou konnen menm jan avè m, nivo fòmasyon majorite lekòl anpwovens yo pa meyè pase sa nan zòn metwopolitèn nan. Lè paran m konstate diferans ki genyen nan to reyisit ant yon elèv ki fè tout etid li nan kapital la ak sila ki te rete nan vil Janrabèl e pa gen okenn fakilte nan vil la, deplase m ale kafou se te pi bon obsyon an pou yon avni meye ak yon nivo fòmasyon pi bon kalite. E lè m konpare m ak lòt jèn ki te rete nan vil natal mwen, mwen twouve paran m te gen rezon paske majorite nan zanmi m te genyen yo majorite pa fini lekòl e yo fè timoun bonè sa ki te vin fè yon bandonnen lekòl e anpil nan yo pran m kòm modèl pou yo enfliyanse pitit yo a rete lekòl jouk yo pran chimen inivèsite pou chanje kou listwa lavi yo.
Le National : Nan 2003 ou te pami finalis konkou drapo a. Ki eksperyans sa te pote pou ou?
Lovens: konkou sila, fè m te vin kwè plis nan kapasite m te genyen pou ekri e se tèks sa tou ki ta pral fè tout pwofesè, elèv ak pèsonèl nan Juvénat Collège sacré coeur konnen m e kèlkeswa pwogram ki ap fèt anndan kou deyò lekòl la depi gen yon moun ki gen pou reprezante talan lekòl la, se mwen li ap ye. Li vin fè m metrize sèn byen afòs m ap pèfòme m ap grandi plis.
Le National : Kijan ou te kòmanse ekri pwezi ak konpoze mizik depi 2004?
Lovens: Mwen gen yon kouzen ki rele Rodler Noel ki se yon kad nan AAN, msye te konn ap fè akwotich pou menaj li, mwen te twouve fason li te konn ap fè Jedemo yo, mwen mande l kèk detay epi li di m al jwe ak mo yo.
Depi lò m vin damou fè lanmou ak mo nan lespri m pou sikre zòrèy moun k ap tande m yo. Pou konpoze mizik la, se pandan nou te sot fè vakans nan peyanm(kouzen m, kouzin mwen ak kèk zanmi ) epi lè n antre kafou, nou t al chante 56 Mélodies Joyeuses Français tout moun yo renmen jan n te chante l la, nou di tèt nou poukisa n pa fòme yon gwoup. Puiske n vin fòme gwoup la epi n pa ka ap entèprete mizik lòt moun, mwen rele yon kouzin mwen Daphnie Marsainvil Lafleur, mwen di l m gen yon melodi nan tèt mwen vin nou mete pawòl sou li. Lè m fin mete pawòl nan premye kouplè a, li di m : li bon wi kouzen epi ansanm nou fin ajoute pawòl yo.mizik sa titre "BonDye ka delivre w " Lè n fin chante l nan legliz nou te mache Eglise Baptiste Unie de Carrefour, anpil amèn, anpil felisitasyon apre sèvis la. Se konsa chak melodi ki monte nan lespri m, mwen jis ekri tèks la, chante l rechante l pou m fè koreksyon m wè l merite jouk m finalize l.
Le National : Pale nou de videyo “L’ombre de la réalité” an 2007: poukisa ou te fè l?
Lovens: l'ombre de la réalité se yon tèks m te ekri epi fè videyo a ak elèv filo nan pwomosyon m nan pou m te ka dekri divès pwoblèm mwen te wè ki t ap ravaje peyi n nan. Mwen te vle sonnen klòch la pou m atire atansyon dirijan kou sitwayen yo pou yo ta konsyan epi chanje done yo pou yon Ayiti miyò malerezman mesaj mwen te pase tankou yon cv yon moun ki gen doktora nan sou biwo yon OP san fòmasyon ni kalifikasyon nan tèt yon enstitisyon vital pou peyi a epi l jete l nan poubèl.
Le National : Poukisa ou te chwazi etidye Travay Sosyal nan FASCH?
Lovens: Sanblite m pou mas defavorize a ki ap fè fas Kare ak divès pwoblèm sosyal, genyen zouti pou m bay bourad nan gwo batay sila, sa te chifonnen lespri m pou m chwazi opsyon sila.
Le National : Kijan mizik “Jezi ou se a” te fèt an 2015, e ki mesaj li pote?
Lovens: kout gidon Dye fè pou mwen nan divès sitiyasyon kote m wè glwa li manifeste nan chak entèvansyon li, eksperyans pèsonèl mwen ak li e sa m wè li fè pou anpil moun ki kwè nan konstitye yon sous enpirasyon pou mwen. Mizik sila charye kri kè anpil Kretyen e nan videyo a, mwen dekri sitiyasyon anpil imigran ki vini America kote nan kòmansman yon sibi anpil imilisyon ak move lave, Dye leve tèt yo. Yon fason pou m raple tout sila ki ap viv sitiyasyon malouk yo pa dekouraje, kontinye travay yon jou sa gen pou chanje.
Le National : Kijan eksperyans ou ant Ayiti ak Florida enfliyanse ou kòm atis?
Lovens: tou 2 peyi yo pote enspirasyon pa yo e nan obsèvasyon pouse mwen fè, yo pèmèt mwen konbine 2 reyalite yo pou pèfòme selon sosyoloji yo pou pote yon seri mesaj ki gen pou wè ak reyalite moun yo. Nosyon nan komikasyon ki di: "mieux connaitre son public" la dwe mete an liy de kont nan chwa mizik yo.
Le National : Ki pwojè ou genyen pou lavni?
Lovens: mwen gen albòm mwen ki ap prepare e mwen ap travay pou m soti yon rekèy powèm.
Le National : Ki mesaj ou ta voye bay jèn Ayisyen yo jodi a?
Lovens: Tout moun ki se kwayan, m ap di yo se byen pou yo genyen Jezi nan lavi yo e se pi bon chwa a yo fè e sila ki poko aksepte Kris yo mwen envite yo fè sa. Men sa ki pi enpòtan lè yo fin aksepte Kris la se pou yo fè 3 vèb sa yo chwal batay yo pou chanje sitiyasyon sosyal yo: Prier, penser ak Agir paske lapriyè sèlman pa sifi, anpil fwa fòk nou panse pou n akouche fui refleksyon nou yo nan vi n sou tè a e sa ap pèmèt moun wè grandè Dye nou an. Menm jan tit 2e mizik mwen ap gen pou soti nan yon tan ki pa twòp long lan, *Kenbe lafwa.
Godson MOULITE