(Premye pati)
Nan travay sa, kòm kreyolis, nou enterese gade rapò gwoup yo, mizisyen yo devlope ak lang kreyòl la, sitou nan jan yo bay gwoup mizikal yo non. Pou reyalize atik sa, nou kòmanse ak gwoup ki egziste depi nan ane 1980 yo rive 2025. Menm si, nou dwe rekonèt, daprè enfòmasyon powèt ak mizisyen Hérold PIERRE pataje ak nou, gen yon gwoup rasin ki pote non "Sa" ki te egziste depi avan 1980 yo.
Done yo montre aklè, pi fò fòmasyon mizikal ayisyen gen non kreyòl. Sa ki montre atachman mizisyen yo ak idantite yo. Yonn nan eleman ki plis atire atansyon nou se gwoup Vayb. Se vre mizisyen yo p ap viv an Ayiti, malgre yo Etazini, yo chwazi rele gwoup yo Vayb. Mete an kreyòl mo "Vibe" pou batize yon gwoup, se yon jès patriyotik fò. Mete sou sa, anpil Ayisyen te deja konn itilize mo sa pou esprime yo: W ap vyab papa, w ap byen pase, w ap bwè kòb ou, w ap mennen, w ap endjòy ou.
Li enpòtan pou nou siyale, nan tèks sila, n ap mete menm gwoup ki pa egziste ankò pou nou gade kijan tandans lan evolye soti ane 1980 yo rive 2025:
1. Zèklè
2. Zenglen
3. Djakout #1
4. Zen (Zin)
5. Lakòl
6. Zafèm
7. Enposib (pase)
8. Fasil (Pase)
9. Mizik mizik
10. Klass (Klas?)
11. Kreyòl la
12. Krezi mizik (pase)
13. Konpa kreyòl (pase)
14. K-dans (Kadans)
15. Kazak (Pase)
16. Disip
17. Vayb
18. Ayizan
19. Boukman Eksperyans
20. Boukan Ginen
21. Rèv
22. Rèv la
23. Lakòl dAyiti(pase)
24. Ekip
25. Barikad Crew (moso kreyòl, moso anglè)
26. Tono (pase, zansèt Zenglen)
27. Tokay
28. Lakòl de New York (moso kreyòl, moso fransè)
29. Zatrap
30. Mass Konpa
31. Koudjay
32. RAM
33. Bòbèch bitasyon
34. Sinik mizik
35. Raram no limit (moso kreyòl, moso anglè)
36. ZILE
37. Chandèl
38. Krezi mizik(pase)
39. Rasin Mapou
40. Chalè
41. Foula
42. Bèl plezi
43. Swav (Suav)
44. "Sa" (premye gwoup rasin avan1980)
45. Samba Lele
46. Yabonmbe
47. Sanba yo
48. Tètidyòb
49. Loray
50. Zenpi
51. Frèfrè
52. Mabouya (CCR)
53. Pin ginen
54. Zobop
54. Bòzò
Emisyon N AP LI, Observatoire Patrimoine, Salon du Livre et des Arts du Grand Nord d'Haïti felisite efò gwoup tankou Zeklè, Zenglen ki pran nesans nan ane 1980 yo. Non sèlman non yo an kreyòl, men majorije mizik ak tit chante yo fèt nan lang pèp ayisyen an. Pwodwi nan lang ayisyen, se yon jès patriyotik ak respè pou popilasyon an.
Kenbe la.
Iléus PAPILLON