Rodolphe Mathurin, ekriven ansenyan epi gran defansè lang kreyòl, te boukante lide ak pwofèsè epi editoryalis nan jounal Le National, Roody Edmé, sou evolisyon lang kreyòl la nan literati nan peyi d Ayiti. Antretyen:
Roody Edmé (RE): Ki dapre ou pi gran moman nan koze ekri an kreyól depi 86. Ki liv pwezi ou woman ou panse ki se yon tounan?
Rodolphe Mathurin (RM): Moman ki pi make yon tan desizif nan koze ekri an kreyòl apre 86, tonbe daplon ak moman eklatman lit revandikatif nan peryòd [rache manyòk la]. Sa vle di tranch ane 87-90, peryòd lit kont diktati militè yo. Se peryòd sa a, alaverite, anpil jèn pral kwaze ak pwezi yon seri moun ki pi gran pase yo tankou Georges Castera pa egzanp, epi yo pral devlope konfyans nan tèt yo ak nan posibilite pou yo menm tou yo ekri. Moman sa a rich anpil nan eklatman inisyativ kilitirèl. Se yon lòt prèv ki montre kijan dinamik kiltirèl la li mache ak lit pèp yo ap Mennen. E pou mwen sa konfime yo bagay : Literati devlope plis vre nan batay pou lavi; nan konba pou Rezistans.
Liv ki peze vre e ki ta ka make yon tounan, enbe yo anpil. Alò kòm gen anpil, m te konnen depi anvan, li ka difisil pou m tranche. Kanmenm, nan koze woman, nou ka di Bèbè Bèlgota de Pierre Michel Chery se youn nan premye liv ki make yon tounan, apre 86. Epi gen Kraze Vè ( pwezi), yon liv pwezi Rodolphe Mathurin ekri, ki se yon moso espesyal : se premye fwa nan literati ayisyen an nou pral gen yon liv ki ekri nan totalite l sou tematik gwòg (tafya). Tèm alkòl la nan chak paj liv la. Pantko gen sa a ki fèt nan literati ayiseyen an ni ak kreyòl ni an fransè. Te gen kèk ekstrè de Carl Brouard ; te gen Zenglen de Roudolph Muller. Men pa te ko gen Kraze Vè. Ou te ka menm panse konpare rekèy Kaze Vè a ak alcools de Guillaume Apollinaire. Men li gen idantite pa l.
RE: Ou se yon aktè e ou temwen aktif peryod la. Ki ekriven ki pi make ou?
RM: San okenn ezitasyon se Georges Castera. Pou yon rezon m ka eksprime konsa : Castra, pou mwen, se pwezi a nan tout fasèt li, nan tout mannyè, nan tou sa ki ka reprezante sansibilte, foli, ak santiman moun. Castra reponn kesyon moun nan tan an, Tout kesyon.
RE:Kouman ou sitye travay de ekriven tankou Trouillot ak Chachou depi piblikasyon " Depale" nan kontribisyon sou koze prodiksyon an kreyól?
RM:Pou mwen, travay 2 mesye sa yo se pami premye eleman an Ayiti ki vin sètifye yon bagay : Koze ekri an kreyòl se yon aktivite serye. Zafè ekri an kreyòl la se yon koze ki mande anpil egzijans ak konesans e kidonk, ki mande travay. Se pa ditou yon ‘’ tout voum se do’’. Kanta Lionel Trouillot sitou l ap jwe yon gwo wòl enpòtan nan fen ane 90 yo : li pral pote pwezi a nan peyi a, nan diferan kote. Li pa t poukont li, se vre. Men lefèt li nan fè emisyon sou koze literati a e anplis, pi gwo manman penba a, li louvri espas pou moun vin tande pwezi, pou moun vin eseye fè pwezi tou, patikilyèman ak envestisman nan ‘’ Vendredis littéraires’’yo, li vin kreye yon brèch enpòtan ki pral ede literati kreyòl la fè y opa. Gen anpil bon ekriven , se anba tonèl ‘’ Vendredis littéraire’’ yo fè premye pik yo. Se la a tou anpil ekriven, tout gwo tèt yo pase, menmsi y ap fè yon tan kout an Ayiti. Menmsi se mouri yo pral mouri. Se kòmsi espas‘’ Vendredi littéraires ‘’ a te kreye pou yo te vin di yo dènye a Ayiti, Anfèt a jenès ki ta pral pran larelèv la.
M ap sonje se nan yon vandredi literè mwen wè yon Faubert Bolivar k ap monte ; e se nan youn nan ‘’ Vendredis littéraires’’ yo , m kwaze pou lapremye fwa e ladènyè fwa Davertige. Imaj li rete nan tèt mwen : Tèt li tou kale, li abiye an krèm, e je li yo byen lwen, pi lwen pase je nou chak nan fon kè anbyans la.
RE: Ki jan wè tou Wól gwo poèt yo rele GCastera nan jan li pral make ekriven tankou Sonson ak Inema Jeudi ak kèk lot ke ou lib pou site.
RM: Pou mwen Georges se papa pwezi kreyòl ayisyen an. Nan dansite ak nan kalite. Men tou nan rapò pwezi Georges la ak lavi. Se esansyèlman yon pwezi k ap pran pozisyon. Se yon pwezi ak referans. Yon pwezi pozisyon, e ki klèman asime yon vizyon , yon filozofi. E se la a menm yon moun tankou Sonson rankontre e ranmase Georges la. Presizeman nan egzijans kalite nan pawòl ak nan nesesite pawòl sa a asime poziyon l nan reyalite sosyal la. Kidonk nan dimansyon konba ki tanpe pwezi a.
RE: Ki moun nan jenerasyon aktyèl la ki atire atansyon ou pou kisa?
RM:Gen kèk bon powèt nan jenerasyon sa ki kanpe m. Yo trè bon. M p ap kapab site tout, men m ap sonje youn tankou Jean Molière Bernard, timoun Grandans ki gen yon souf vreman apa. Jis li ka rive di : nan yon tèks ki rele KLEKOU
Lalin nan chita
sou tèt nou
ak pye l plen zepon
li chita
nan limit
on repiblik bèl pis,
pwèl pis
RE: Ki kout je kritik ou sou sa k ap fèt jou sa yo nan kesyon literati kreyòl? Ou mét lage lang aw.
RM:Kout je kritik la anfèt la, li konsène 2 aspè. Youn, peyi a, sitou nan Pòtoprens, literati a anchennen. Moun pa ka kwaze pou pale l, pou demare l, pou pete l nan van, pou kouri ak li nan tout sans. Malgre gen kèk espas k ap reziste, ki vle rete vivan tankou ANBA ZANMANN KAY SONSON MATHURIN oswa dòt tonèl, literati kreyòl la rete prizonye menm jan lavi moun rete mare anba fatra, anba desespsyon, anba bal.. Dezyèm gwo frap n ap pran se efè negatif itilizasyon rezo entènèt yo. Jèn nou yo prèske tounen zonbi nèt, tout moun tèt anba nan yon telefòn, yo pèdi nanm, yo pèdi je, yo prèske fin pèdi tèt yo nan chèche sa yo pa konn si yo bezwen. Literati a pa jwenn yo pou yo travay li. E se nanm peyi a k ap detache ak peyi a ; se nanm peyi a k ap mouri nan moun yo k ap mouri tou debou. Evidamman lòt gran mank sitiyasyon sa a vin ankouraje se yon tandans pou fè sa ki pi fasil nan literati a, kidonk retounen enstale ‘’ Tout voum pou Do’’. Alòske literati a bezwen doulè, travay, travay ankò ak sakrifis pou l tounen bèlte pou kè nou, fòs pou lespri nou.