Pou zanmi

Pou zanmi

 ki pandye

nan lantouray kè sere.

 

E se konsa

Gen kanno ki tire

Gen machwè ki babye

Gen kè ki tou rete debwaye

nan mitan sezon an.

 

Gen sezon konsa menm.

Detanzantan

gen yon kalte moun ki pati

sanzatann

san tèt yo pa pati.

 

Toudebou

Gen yon kalte flè ki seche

san bri san van san kont.

Se sezon an menm.

Gen dlo ki pote pafen yo

nan  rèl do yo

jis yo bout sou do

san pèsonn

 pa gentan di way.

 

Se yon move tan

ki bare nou nan wout

Jis n ap degrennen

men nan men

ti kal pa ti kal.

 

Se sezon an menm.

Gen kanno ki tire.

Nou tout pèdi

Grenn kè

Grenn soulye

Grenn tèt

Grenn pawòl

Grenn fòs

pou n ta rele.

 

Sèl grenn rèv nou

Ki  rete pann

Konsa !

Rodolphe Mathurin

15 - 01-2025

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES