Kreyòl se lang nou

Se sou tèm sa a Kolèj Roger Anglade te akeyi twazyèm edisyon Festival entènasyonal literati kreyòl k ap selebre ane sa a anba tèm « Literati nan Konstriksyon Moun ».

Depi byen bonè nan maten vandredi 3 septanm 2021 an, dekò a te gentan plante. Tout chèz yo te gentan enstale, tab pou resevwa espozisyon diferan edisyon tankou : «  Communication Plus », « Kopivit L’Action Sociale » pou n site sa yo sèlman. Bò 8è30 banè yo te plake sou mi yo avèk lide fèt la pral kòmanse. A 8è50 klòch lekòl la  te sonnen. Elèv yo te gentan ap defile sou lakou a avèk direktè, pwofesè ak tout lòt moun ki te envite yo.

Defile elèv yo sèlman te gentan montre kontantman, satisfaksyon, angouman bèl moman sa a pote pou yo. Se kòmsi se te yon jou yo t ap tann avèk anpil enpasyans nan lekòl la. Edisyon yo te gen anpil demann. Anpil elèv t ap chwazi otè pa  yo, liv pa yo, tit liv ki plis kapte lespri yo.

Pandan tout alevini sa a yo ap fèt sou lakou a, Direktè pedagojik lekòl la, Patrice Dalencourt nan yon ti koze an prive fè konnen se yon jounen istorik li ye pou lekòl la paske se pou premye fwa lekòl la resevwa yon aktivite ki konsakre sèlman avèk literati nan lang nasyonal peyi a. Li raple tou aktivite sa a gen yon enpòtans kapital paske l ap pèmèt timoun yo gen yon ouvèti pi bonè sou pwodiksyon literè nan lang kreyòl la.

Pandan yon gwoup elèv ap chèche tit liv yo pi renmen, nan yon lòt bò yon lòt gwoup gentan pran plas nan sal konferans lan  y ap tann Lyonel Trouillot envite donè a yo te anonse ki te gentan nan wout. Aprè tout elèv fin pran plas yo, mèt seremoni an Illéus Papillon demare fèt la  pandan l t ap di  elèv yo objektif avèk enpòtans  Festival Entènasyonal Literati Kreyòl la genyen pou pèp ki pale kreyòl yo espesyalman nan kominote karayib la. 

Bò 10è30 yo, se avèk yon tonè aplodisman elèv  yo akeyi Lyonel Trouillot nan okazyon sa a ki te si espesyal pou yo. Pandan ekriven an chita, li te pwofite reviv yon bèl moman, yon resital pwezi ki te genyen anpil tèks kreyòl li te ekri. Soti nan deklamasyon, tonbe nan chante avèk chansonye Ayisyen Wooly Saint Louis Jean, anbyans lan te bèl, dekò a te byen pare pou resevwa pawòl donè envite donè a.

Se direktè lekòl la, Manoël Anglade ki te ouvri seyans konferans lan pandan l te montre l kontan pou lekòl la  genyen prezans Lyonel Trouillot kòm ekriven pou li pataje konesans, esperyans epi travay li reyalize nan literati kreyòl Ayisyen  an. 

Lyonel Trouillot te  kòmanse ak temwayaj sou lavi li epi di elèv yo rezon ki fè li te chwazi vin ekriven. Youn nan moman fò nan konferans sa a se lè ekriven an  te lanse elèv yo pawòl sa a: « Si w gen yon pasyon, yon misyon suiv li, yon jou tan an ap ba w rezon. Se pou w rete  fidèl avèk misyon w lan ». Li raple asistans lan, literati , zèv da yo, se bagay ki pèmèt ou konnen moun ou ye a. Se youn nan mwayen pou ou aprann konnen moun ou ye a. Otè Ragagann nan pwofite raple tou,   se mouvman politik ak kiltirèl ane 60 yo ki mennen l nan ekri nan lang kreyòl la. Nan menm sans lan tou, li fè konnen se avèk kolaborasyon lòt ekriven  li fè travay li yo. Li ankouraje elèv yo pou yo li lòt ekriven san yo pa devlope okenn  prejije sou  lang kreyòl la. Li te tou pwofite fè yon pledwaye pou genyen yon « bilenguis ekilibre » nan peyi a. yon politik lengwistik k ap bay avantaj  ni avèk  ekriven k ap ekri an kreyòl  yo ni ak sa  k ap ekri an fransè yo. Nan dènye faz konferans lan, li  te ankouraje elèv  yo pou yo pran tan yo pou yo travay, pou yo li. Pou yo pa kouri pibliye nenpòt liv epitou pou yo konnen istwa ak teyori literè yo si yo vle vin yon ekriven majè nan monn nan.

Jounen kiltirèl sa a te fini avèk yon resital pwezi, yon moman griyen dan ki fè elèv yo deja ap panse avèk 4yèm edisyon festival la sou pwomès madan Aurélie Anglade, pitit fi direktè a te fè elèv yo.

Jonathan THERMIDOR

Pwofesè lang ak kilti kreyòl

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

2 COMMENTAIRES