« Literati nan konstriksyon moun »: Rodolphe Mathurin explike kisa l ye

Nan okazyon twazyèm edisyon Festival entènasyonal literati kreyòl la, ki te kòmanse premye pou rive 5 desanm, ki t ap fèt nan Pòtoprens ak nan lòt vil ki anviwonnen l yo, plizyè konferans te mete sou pye, pami yo, yon konferans ki te òganize pou elèv yo.

Plizyè aktivite te òganize. Ladan yo nou jwenn  yon konferans pou elèv yo ki te dewoule jedi 2 desanm 2021 nan Collège Marie Jeanne.


Nan okazyon konferans sila, entèvenan an ki se pwofesè, ekriven Rodoph Mathurin, t ap eksplike elèv yo kisa tèm « Literati nan konstriksyon moun » nan vle di.

« Depi w di konstriksyon, ou wè yon bagay ki derape, ki prale, ki ap devlope, li gen yon kòmansmam, yon devlopman e ki ka genyen plizyè fen. Literati se espas ki ranmase ansanm pwodiksyon, eksplikasyon, lide, mo, finalman panse ki fèt nan sousi pou pwodwi belte, sa nou rele ankò estetik. » Se sa ekriven Rodolphe te deklare pou eksplike elèv yo.


Pi lwen nan entèvansyon an, pwofesè Mathurin eksplike ki gwo wòl  literati a jwe nan konstriksyon moun. Li te deklare lè yon moun li yon liv imedyatman gen yon relasyon ki kreye ant otè ak lektè a. Daprè pwofesè a,  relasyon sa pa limite sèlman ak otè men li limite ak istwa otè a kise yon pakèt istwa. Pou li, kit ou konsyan, kit ou pa konsyan  nan echanj ou gen ak yon liv, otè a pèmèt nou dekouvri tèt nou, fè nou pran konsyans ki rapò nou genyen ak limanite.

Pandan 5 jou sa yo, Festival entènasyonal literati kreyòl  (FEL) montre avèk  kokennchenn aktivite yo, kòman li ka ede chak grenn moun kon enpotans lang kreyòl la kise lang manman nou, nan fè konferans pou montre kijan literati kreyòl la itil nan konstriksyon chak moun ki fè rankont ak li epi fè nou aprann valorizel tankou tout lang ki sou latè.

Bethaida Bernadel.


 

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES