Lasous: yon pwojè sous dlo nan Lasous

0
631

Lasous (2012), non orijinal La Source, se yon fim ki an kreyòl ak angle. Inivèsite Duke te prezante li vandredi 18 novanm nan Haitian Film Series 2022 a. Se yon dokimantè ki rakonte istwa Josué Lajeunesse. Josué viv nan Princeton, NJ, li gen de travay: li gadyen nan inivèsite Princeton epi li chofè taksi tou. Josué fèt Lasous, Ayiti, yon vilaj ki, iwonikman, gen pwoblèm dlo. Frè li viv la toujou. Yo tou de reve chanje pwoblèm sa a nan mennen dlo nan vilaj la pou moun yo pa bezwen mache pannan anpil tan, epi tou evite wout danjere chak fwa yo bezwen dlo pwòp. Istwa lavi moun Lasous sanble ak yon woman Jacques Roumain te ekri ki rele Gouverneurs de la rosée. Fim sa a montre ki jan Josué ak lòt moun nan Princeton te

kolèkte lajan pou pwojè ki t apral mennen dlo a soti nan sous la rive Lasous. Josué te resevwa pri Martin Luther King Jr. nan Princeton pou pwojè li. Nan fim sa a, Lasous, anpil etidyan Princeton pale sou ki jan yo te fè konesans ak Josué e pou ki sa yo te motive pou ede li.

Men se pa sèlman Josué, frè li ak moun Princeton ki te travay di pou reyisi mennen dlo nan vilaj la. Se moun Lasous ki fè travay ki pi rèd nan pwojè a: yo travay tè a, yo konstwi, yo pote anpil materyèl, yo fè tout travay ki nesesè pou konstwi sous la. Yo fè plis pase sa enjenyè yo te mande yo fè : si enjenyè yo mande yo pou fouye yon twou 5 mèt, moun Lasous fouye yon twou 7 mèt, yo pa pè travay paske yo bezwen dlo pou bwè. Yo konprann dlo se lavi. Lasous fè m sonje Gouverneurs de la rosée, ki gen yon adaptasyon an kreyòl sou tit Chita pa bay. M sonje woman an, pa sèlman paske li pale sou yon vilaj ki pa gen dlo, epi gen yon sous dlo nan mòn nan tou pre vilaj la, men se paske moun Lasous te travay pou fè pwojè Josué a reyisi. Yo pa chita tann moun etranje konstwi pwojè sa a pou kominote yo a. Yo konn se pwojè tout moun nan Lasous, sa vle di tout moun dwe fè yon ti kras jefò pou pwojè sa a vin vre.

Nan fim sa a, nou wè tou istwa tranbleman tè 2012 la ki te detwi yon bon pati nan kapital peyi a. Se apre sa, Josué te vwayaje ann Ayiti ak ekip pwojè li a pou ede vilaj li, pa sèlman ak pwoblèm dlo, men ak lòt pwoblèm tou. Li te pote medikaman ak materyèl li panse moun Lasous bezwen. Fim sa a pèmèt nou wè tout konsekans tranbleman tè a te gen sou Pòtoprens ak anpil zòn ki bò Lasous tou.

Nan fen fim nan, pwojè sa a montre nou jefò moun Lasous ak moun ki nan zòn sa a te fè pou rive jwenn dlo a san fè fas ak danje nan chemen mòn yo. Denyè sèn nan se Josué ak frè li ki inogire tiyo dlo a. Lè dlo a soti, gen timoun ki kouri al bwè li, yo sanble kontan.

Lasous se yon fim tout moun ta dwe gade, nenpòt laj yo gen. Li montre nou sans pwovèb kreyòl sa a Chita pa bay. Fason fim nan fini an pral satisfè atant nou epi fè fè nou kontan. Se yon bèl istwa solidarite ant moun diferan peyi, wi, epi ant de frè tou. Nou ka li senbòl fratènite ant pèp yo tou. Poutan, naratè a gen yon pèspektiv ki twò santre sou Etazini, li montre Ayiti tankou yon peyi ki chaje ak anpil defisi, epi

pòtre moun Etazini tankou ewo. Narasyon li chanje balans pwodui ak istwa de frè ki egal: se Etazini ki bay tout resous yo, se yo ki regle pwoblèm pou Ayisyen yo. Menm si pannan fim sa a, nou ka wè moun Lasous travay rèd, nou ka wè yo kapab chanje sitiyasyon yo, poutan naratè a vle montre yon istwa kote etidyan Princeton se ewo moun Lasous. Se vre, efò moun nan Princeton te santral pou pwojè Josué a ateri, men Josué ak lòt Ayisyen yo te enpòtan tou. Si yo pa te la, menm lè gen lajan, travay la t ap enposib si fi ak gason nan Lasous pa te mete men pou fè gwo konbit sa a. Si ou gade Lasous, pa bliye louvri je ou pou wè enpòtans Ayisyen yo, se yo ki vre pwotagonis fim sa a.

 

Laura Vargas

Laura Vargas se yon etidyan nan Duke University. L ap fè yon dòktora nan literati karayib ki an panyòl, franse epi nan nan lang kreyòl ayisyen an tou.

 Lasous. Dir. Patrick Shen, 2012.

Credit Photo: CNN

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES