En Route vers la Technique 11e edisyon, yon sware omaj byen merite

Se anba tèm : « Sekirize teritwa yon peyi, se bay lavi ak tout pitit tè-a » ke responsab yo òganize onzyèm sware omaj lonè ak Merit asosiyason ETECH la, kote yo rive dekore 10 pèsonalite:

1- Dr Vézel Philistin, Pastè & Profesè Inivèsite. 2- Madam Giselene Louis, Jesyonè. 3- Me Frantz Poteau, PDG CERED & Komisè nan Kou Dapèl Pòtoprens. 4-Madam Scania L. Sanon, Koutiryè profesyonèl & Espesyalis nan dekorasyon. 5- Mesye Noclès Débréus, Jounalis & Sekretè redaksyon Jounal Le National. 6- Mesye Antoine Joachim, Enspektè divizyonè DCPR/ PNH. 7- Madam Judette Siffrin, Espesyalis Koup konfeksyon ak Kontwolè kalite nan izin soutretans. 8- Pastè Pierre Saint-Louis, PDG prodwi Savon Nòmal. 9- Mesye Wilner Saintizaire, Kòdonye profesyonèl & Fòmatè CASM/ INFP. 10- Majistra Wando Saint-Villier, Dwayen Tribinal Premye enstans Hinche, Profesè Inivèsite.

Nan diskou sikonstans li, Me Ruben Sanon kise Prezidan, Fondatè asosiyasyon ETECH, aprè salitasyon li fè yon rale konsènan istorik asosiyasyon-an depi lane 2007 pou rive jouk jounen jodi-a pandan ke’l raple asosiyason ETECH gentan onore deja plis pase 120 sitwayen konsekan nan peyi-a.. Mesye Sanon pale tou sou byen fonde aktivite sa yo apre 16 lane ekzistans En Route vers la Technique, pandamke li t ap di mèsi ak tout moun ki met men ansanm pou reyalize onzyèm nan, espesyalman: Alberna Josil, Archange Pierre-Noel, Elioude Sanon, Amos Sanon, Olguesse Michel, Daphnée Louis, Morin Jean-Louis ak Luccès Toussaint.

Epi li profite pou l voye yon mesaj kle bay responsab yo nan peyi-a sou zafè fenomèn ensekirite-a e tèm ki chwazi ane-a klè : « Sekirize teritwa yon peyi, se bay lavi ak tout pitit tè-a ». lòt bagay, Prezidan Sanon felisite  tout resipyandè yo pou kouray ak detèminasyon yo nan peyi-a malgre jan sitiyasyon an ap degrade yo kontinye bay tout yo menm. Pou fini, Me Sanon, mande nan nouvo konstitisyon an ke responsab yo pral dote peyi-a pou gen yon sèl lang ofisyèl ki se kreyòl konsa ansèyman va fèt nan lang manman’n ak papa’n, elèv yo va pi byen konprann konsèp yo e lè sa nou va pale de jeni ayitien, paske jenn nou yo pral prodwi tout bon vre. Depi kounye-a, ekip ETECH la ap koumanse travay sou douzyèm edisyon-an k’ap fèt nan lane 2024 si Dye vle.

Bò kote pa l, Mesye Noclès Débréus nan non lòt resipyandè yo pa manke pa remèsye asosiyasyon ETECH pou bon travay sa-a. epi li ajoute ke nan peyi Ayiti li trè difisil pou yon moun oubyen yon group moun panse ak prochen li anbyen. Men Ekip ETECH la se youn nan asosiyasyon ki fè ladiferans. E antanke yon ansyen profesè kreyòl nan klas segondè, li kontan anpil paske ekip ETECH la pran inisyativ apati de ane sa-a pou yo fè tout aktivite yo nan lang manman  ak papa n ki se kreyòl.

Pou n fini, nou wè apre tout ane sa yoasosiyasyon En Route vers la Technique (ETECH) ap travay nan fason pal pou avansman peyi-a pandan ke l’ap ankouraje, onore anpil moun nan sosyete-a k’ap fè bon travay tandiske responsab yo pa ba yo valè.

ETECH tou profite remèsye : Rev. Josué Mathieu Pastè Première Église Baptiste Port-au-Prince, Mesye : Housson Jean Francois Globo Sign Multi-service,  Jean Rénald Jeune, Profesè Wadestrant Jean-Baptiste Dwayen STEP, Pastè Edzel Auguste, Madam Rosana Jean, Madam Marina Gourgue, M. Odines Paulimé ak Agro Lucson Dervilus de la Fondation Go Haïti, Mme Mona E. T. Robert, Pastè Jean Bilda Robert PDG Centre Universitaire et Professionnel de Saintard (CUPS), Madam Judith Bellegarde de INPROJUBEL, Près pale, ekri, televize epi an liy. San nou pa bliye : Lig Biblik Entènasyonal Ak tout ekip Cabinet Sanon, Firme d’Avocats (CASFA).

 

Auny Saint-Louis

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES