Écrire à la rédaction
Radio Pacific 101.5 fm
Sport

OMNISPORT

Minis Dumas konfime detèminasyon li pou ranfòse politik espò piblik la an akò ak vizyon Premye Minis Fils-Aimé pou jèn yo

Minis Dumas konfime detèminasyon li pou ranfòse politik espò piblik la an akò ak vizyon Premye Minis Fils-Aimé pou jèn yo

Écouter l'article

Nan kad yon apwòch pwoksimite, Minis Jenès, Espò ak Aksyon Sivik la, Pythagore Dumas, te fè yon vizit enspeksyon nan sant espòtif Sainte-Thérèse ak Thomassin, nan objektif pou evalye eta fonksyònman enfrastrikti sa yo, idantifye difikilte yo rankontre, epi pwopoze solisyon pou modènize yo, yon fason pou jèn yo ka jwenn espas ki apwopriye pou pratike espò.

Nan yon echanj ak responsab sant yo, Minis Dumas te fè konnen vizit sa a antre nan kad vizyon Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé, ki bay jèn yo ak espò yon plas enpòtan nan plan devlopman nasyonal la.

Titilè Ministè Jenès, Espò ak Aksyon Sivik (MJSAC) la te deklare ke youn nan misyon prensipal li se fè espò vin tounen yon vrè motè koyezyon sosyal ak devlopman. Li fè konnen tou li gen entansyon ankouraje yon nouvo apwòch nan jesyon ak devlopman enfrastrikti espòtif yo.

Pandan echanj yo ak minis la, direktè sant yo te pwofite souliye bezwen yo genyen an tèm sipò pou kapab satisfè atant jèn k ap itilize espas sa yo. Yo te reyafime angajman yo pou kolabore ak Minis Dumas nan kad yon patenarya ki vize devlopman espò nan peyi a.

Li enpòtan pou note ke Minis Pythagore Dumas te pwofite okazyon an pou li rankontre ak jèn lekòl foutbòl FC Toro yo ki t ap antrene sou plas. Jèn yo pa t kache satisfaksyon yo, pandan yo eksprime espwa yo pou wè sant yo benefisye plis mwayen pou amelyore kondisyon yo.

Nap raple Minis Pythagore Dumas te akonpaye pa chèf kabinè li, Joseph Innocent, kèk manm nan kabinè li, ansanm ak kowòdonatè sant espòtif ak pak yo, Jean Roland Dartiguenave.

Gérald Bordes

 

 

 

 

 

0 commentaire

Les échanges courtois et argumentés font la qualité du débat.

Connectez-vous pour commenter. Un compte garantit que votre nom n'est utilisé que par vous.

Se connecter Créer un compte

Aucun commentaire pour l'instant. Soyez la première personne à réagir.

À lire également

Toute la rubrique Sport

Alertes du National

Recevez une notification sur votre téléphone ou votre ordinateur dès qu'un article paraît dans les rubriques de votre choix. Gratuit, avec votre compte lecteur.

Rubriques à suivre