Omnisport
Minis Octavius rann omaj ak Grenadye yo !
Écouter l'article
An jen 2024, pandan seremoni envestiti li, Minis Niola Lynn S. D. Octavius te lanse yon apèl bay tout sosyete a pou yo mobilize dèyè seleksyon nasyonal la, avèk objektif pou refè listwa epi patisipe yon dezyèm fwa nan Koup di Mond lan.
Epi, 18 novanm 2025, apèl sa a te vin tounen yon reyalite lè Grenadye yo te jwenn kalifikasyon yo pou faz final Koup di Mond 2026 apre yon viktwa istorik 2–0 sou Nikaragwa, nan menm jou a peyi a te selebre 222yèm anivèsè Batay Vètyè a.
Yon pawòl rete yon pawòl, deklarasyon Minis la te rive tounen yon angajman reyalize.
Apre kalifikasyon an, Minis Niola Lynn S. D. Octavius te adrese felisitasyon li bay Grenadye yo pou kokenn chenn eksplwa sa yo. Li salye espesyalman efò Monique André, prezidan Komite Nòmalizasyon FHF la, ansanm ak tout staff teknik seleksyon an, pou travay solid yo ki pèmèt ekip la rive nan nivo sa.
Li pwofite renouvle apèl li a tout sektè nan sosyete a pou mete tèt ansanm epi garanti ekip la tout kondisyon preparasyon ak ankadreman pou reprezante peyi a avèk diyite nan faz final la, ki pral dewoule Ozetazini, an Meksik ak Kanada, soti 11 jen pou rive 19 jiyè 2026.
Minis la souliye ke viktwa istorik Grenadye yo 18 novanm lan montre klèman kapasite jenès peyi a pou fè fas ak defi yo. Daprè li, bèl kalifikasyon sa a dwe sèvi kòm yon sous lape, rekonsilyasyon ak espo, pou Haïti kapab retounen kanpe sou de pye l.
Li swete lespri Vètyè ki anime ekip la kontinye enspire yo epi gide yo pou yo reyalize pi gwo pèfòmans pou fyète pèp la ak glwa nasyon an.
Gérald Bordes
0 commentaire
Les échanges courtois et argumentés font la qualité du débat.
Connectez-vous pour commenter. Un compte garantit que votre nom n'est utilisé que par vous.
Se connecter Créer un compte
Aucun commentaire pour l'instant. Soyez la première personne à réagir.