Écrire à la rédaction
Radio Pacific 101.5 fm
Sport

MJSAC lanse pwojè modènizasyon an: plis pase 300 anplwaye sètifye apre fòmasyon espesyalize

MJSAC lanse pwojè modènizasyon an: plis pase 300 anplwaye sètifye apre fòmasyon espesyalize

Écouter l'article

Nan kad efò pou relanse administrasyon piblik la epi modènize sèvis li yo, Ministè Jenès, Espò ak Aksyon Sivik (MJSAC) fè yon nouvo pa enpòtan. Plis pase 300 anplwaye ministè a, pami yo kad, teknisyen, ajan sekirite ak brigadye te resevwa sètifika fòmasyon apre yon pwogram entansif ki te santre sou jesyon, pwotokòl, sekirite enstitisyonèl ak aksiyon sivik.

Seremoni remiz sètifika yo te fèt lendi 20 oktòb nan otèl Montana, an prezans minis Niola Lynn S. D. Octavius, ki ap kondi pwojè modènizasyon MJSAC la. Direktè jeneral Nathan Laguerre te patisipe tou, ansanm ak yon delegasyon EduPol ki dirije avèk komisè Salvador Étienne. Pami envite ofisyèl yo te genyen Darline Monfort (pwogram UNV – Volontè Nasyonzini), Darline Sauval, pastè Farah Jovial Alexis ak John Michael Alexandre, direktè jeneral Bank Popilè Ayisyen (BPH).

Nan diskou li, minis Octavius fè konnen inisyativ sa a rantre nan vizyon modènizasyon MJSAC ak ranfòsman kapasite resous moun li yo. « Nou vle mete yon enstitisyon solid, kredib ak efikas o sèvis jenès peyi a. Sa mande pwofesyonalis, etik ak konpetans », se sa minis la deklare. Pandan li envite anplwaye yo ki resevwa fòmasyon an pou yo tounen modèl nan sèvis piblik la epi kontribye nan chanje imaj leta a nan je popilasyon an.

Minis Octavius anonse tou fòmasyon yo pap rete nan Pòtoprens sèlman. Dapre li, pwogram nan pral kontinye nan tout direksyon depatmantal yo pandan ane fiskal 2025–2026 la, avèk sipò plizyè patnè nasyonal ak entènasyonal, san bliye wo kad administrasyon piblik peyi a ki akonpaye pwosesis la.

Inisyativ sa a make yon lòt etap nan angajman MJSAC pou reponn pi byen ak bezwen jenès ayisyèn nan, pandan li vize bati yon sèvis piblik ki pi serye ak pi modèn.

 

Gérald Bordes

0 commentaire

Les échanges courtois et argumentés font la qualité du débat.

Connectez-vous pour commenter. Un compte garantit que votre nom n'est utilisé que par vous.

Se connecter Créer un compte

Aucun commentaire pour l'instant. Soyez la première personne à réagir.

À lire également

Toute la rubrique Sport

Alertes du National

Recevez une notification sur votre téléphone ou votre ordinateur dès qu'un article paraît dans les rubriques de votre choix. Gratuit, sans inscription.

Rubriques à suivre