Écrire à la rédaction
Radio Pacific 101.5 fm
Sport

Omnisports

Lansman Je Nasyonal Inivèsitè Lajènès : Minis Octavius lanse yon apèl pou inite ak rekonsilyasyon

Lansman Je Nasyonal Inivèsitè Lajènès : Minis Octavius lanse yon apèl pou inite ak rekonsilyasyon

Écouter l'article

Dimanch 21 septanm ki sot pase a, nan pak Sainte-Thérèse, Ministè Jenès, Espò ak Aksyon Sivik (MJSAC), an kolaborasyon ak UNESCO, MENFP, ansanm ak lòt patnè tankou FEHSU, FHB, PNH, te òganize lansman ofisyèl Je Nasyonal Inivèsitè Lajènès. Aktivite a te fèt an prezans plizyè santèn jèn, reprezantan òganizasyon entènasyonal, pèsonalite nasyonal, ansanm ak manm kominote inivèsite yo.

Nan entèvansyon li, Minis Niola Lynn S. D. Octavius souliye ke espò se yon zouti ki gen anpil fòs nan lavi sosyal ak nasyonal la. Li raple espò se pa sèlman yon aktivite lwazi, men li sèvi kòm yon enstriman edikasyon, sante piblik, enklizyon sosyal ak sitwayènte, ki kapab ranfòse lyen ant inivèsite, enstitisyon leta, òganizasyon entènasyonal, ansanm ak sektè prive yo. Tout sa, dapre Minis la, se pou mete ansanm pou konstwi yon sosyete pi jis, pi solid e pi ekilibre.

Minis Octavius te pwofite okazyon an pou reyafime angajman fèm Gouvènman an pou soutni devlopman espò ak akonpaye lajenès la. Pandan li te ap pale de eritaj istorik Papa nasyon an, Minis lan lanse yon apèl pou inite nasyonal, rekonsilyasyon sitwayèn, ak mobilizasyon tout fòs viv peyi a pou fè pwomosyon lapè ak mete Ayiti sou wout rekonstriksyon sosyal ak politik.

Reprezantan entènasyonal yo, tankou N. Beauvais (Mè Petyonvil), Eric Voli Bi (UNESCO) ak Ariel Pino (Sistèm Nasyonzini), te salye inisyativ sa a. Yo fè konnen evènman an se yon egzanp ki montre kijan espò kapab sèvi kòm vektè enklizyon, koyezyon sosyal ak lapè dirab. Yo ensiste pou di konpetisyon sa yo ofri jenès inivèsite yo yon opòtinite inik pou fè prèv ekselans, solidarite ak responsabilite sitwayèn.

Yon defile inivèsite te make lansman sa a, kote òganizatè yo te lage kat pijon blan kòm senbòl lapè ak rekonsilyasyon. Sa te pote yon mesaj espwa pou yon Ayiti ki pasifye, ini, e ki fikse je l sou avni.

Nap raple ke konpetisyon yo ap dewoule nan foutbòl ak baskètbòl, epi yo pral rive nan bout yo nan dat 18 novanm 2025.

 

Gérald Bordes

0 commentaire

Les échanges courtois et argumentés font la qualité du débat.

Connectez-vous pour commenter. Un compte garantit que votre nom n'est utilisé que par vous.

Se connecter Créer un compte

Aucun commentaire pour l'instant. Soyez la première personne à réagir.

À lire également

Toute la rubrique Sport

Alertes du National

Recevez une notification sur votre téléphone ou votre ordinateur dès qu'un article paraît dans les rubriques de votre choix. Gratuit, avec votre compte lecteur.

Rubriques à suivre