Rasin Vodou a fon, men ki laj li?
Malgre mwen di zanmi an mwen pa ka bay laj Vodou, misye takine m, pou m fè efò a.
Pou mank dokiman ekri nou pa ka date laj Vodou klè. Men nou ka di pi ansyen dokiman ki gen mo Vodou a pibliye an 1658. San dout kwayans la egziste anvan moun te ekri non l sou papye. Kòm kwayans gen tandans kreye varyasyon rejyonal, varyasyon rejyonal sou Laplas Ginen pa fouti pi gran pase dat moun te vin peplè zòn Ginen an. Sa gen apeprè 130 mil ane depi moun peplè diferan pati Afrik Ginen e yo te vin abite zòn sa yo ak tout kwayans yo nan tèt yo, paske yo pa t mache tèt vid .
Apeprè 60, 000 ane apre sa, moun sot ann Afrik y al peplè Ewòp. Pi devan, y al peple lòt kote toujou. Anvan yo te rive lòt kote sa yo, yo te deja gen kwayans relijye nan tèt yo depi lè yo te abite ann Afrik. Sa ka youn nan rezon ki fè tout kwayans relijye sou Latè gen anpil pwen an komen. Pwen komen sa yo pèmèt ou pa ka parèt devan nenpòt relijyon pou rekonèt li kòm kwayans.
Tout sa pa vle di nou konn laj Vodou, men nou ka gen bon ide sou laj diferan aspè kwayans nan Vodou. Ak sa, n a konsole. Gen evidans akiyolojik pou kolye vèvè ki date 70,000 ane. Gen evidans antèman kòm sèvis relijye ki gen apeprè 40,000 ane. Kon sa tou gen evidans sou remèd fèy ki date 40,000 ane.
Gen yon estati koulèv nan Sid Afrik ki gen 70,000 ane. Estati koulèv sa a enpòtan nan istwa relijyon zòn nan paske li gen yon tinèl anba l k al leve byen lwen. Gen chèchè ki pwopoze se lan tinèl la Gangan an te konn pase pou al tonbe an sekrè bò koulèv la san moun pa ka detekte prezans li.
Etid lenguistik klase lang Nijè Kongo yo, kòm lang Bantou, kòm lang Dahomen, kom lang zòn Kap Lawou. Sa gen 5000 ane depi lang sa yo pran pye. Sa ta lese konprann mo Vodou a kòm yon mo ki soti nan kategori lang Nijè-Kongo, ta yon mo ki gen 5000 ane kon sa. Nou pa ka fin asire n sou sa paske mo a ka pi ansyen toujou paske fòk kanmèm gen mo Nijè- Kongo ki soti nan lang zansèt moun Nijè-Kongo depi anvan yo te vin peple zòn nan.
Ankò nou pa ka konn laj Vodou klè, men nou ka konn depi ki lè l ap sèvi ak ason ak tanbou, ak flit. Pa egzanp, fòk kanmèm ason fèt apre epòk Afriken fin kwaze diferan kalbas pou kreye plant ki pèmèt nou fè ason an. Nan sans sa a istwa ason an fon, trè senbolik e se yon lòt sijè.
Nan eseye date laj diferan aspè Vodou toujou, nou ka sèvi ak dat sèten Lwa nou konnen ki te Ansyen moun pou n date epòk sèvis yo kòmanse.
Gen anpil diferan kwayans sou Laplas Ginen. Rive ann Ayiti, vin gen plizyè diferan mo pou Relijyon Tradisyonèl Afriken yo. Non yo te varye suivan diferan gwoup etnik Afriken ki te sou teritwa a. Alalong, gradyèlman, mo Vodou a vin egal ak tout kwayans ann Ayiti ki gen gran enfilyans Kwayans Tradisyonèl Afriken ladan n kèlkeswa kote kwayans la soti sou Laplas Ginen.
Kon sa tou, nou ka date depi ki lè moun sou Laplas Ginen kwè nan egzistans yon Granmèt ki pini moun. Alèkile anpil save kalkile Kwayans sa a pran byen lè sosyete moun te vin depase 200 moun nan Nanchon an. Granmèt la vin sèvi kòm lapolis pou veye moun k ap kache lè gwoup la nan batay. Epi annapre yo pretann yo te patisipe pandan yo pa t janm riske lavi yo vre. Se paske sèvo moun pa fasil kontwole plis pase 200 kontak ki fè menm lè moun gen 4000 kontak Facebook, yo pa vrèman gen lapawòl ak plis pase 200 kon sa.
Teyori sa a enteresan paske li lese konprann moun modèn pi kwè nan yon Granmèt pinisan pase Ansyen Ansyen moun. Tank nou viv nan sosyete ki laj, e tank gen plis ensekirite sosyal nan lavi n, se tank nou gen tandans kwè nan Granmèt kòm yon polisye ki mache ak baton pinisyon pou move konpòtman n. Ki fè, wòl Bon Dye nan lavi n ka reflete gwosè sosyete kote Kwayans nan Granmèt sa a te pran pye.
Kwak tout sa, mwen pa reponn kesyon laj Vodou a, men youn nan gran enpòtans sa nou konnen se jan sa ede n abòde sa nou pa konnen.
Si vous avez déjà créé un compte, connectez-vous GRATUITEMENT pour lire la suite de cet article.
Pas encore de compte ? Inscrivez-vous
0 commentaire
Les échanges courtois et argumentés font la qualité du débat.
Connectez-vous pour commenter. Un compte garantit que votre nom n'est utilisé que par vous.
Se connecter Créer un compte
Aucun commentaire pour l'instant. Soyez la première personne à réagir.