Sou koze dat fondasyon pawas Sen Jozèf, tout moun gen tandans rale dat ki fè yo plezi. Genyen ki chwazi rale 1821, gen sa ki di 1876 e menm gen lòt ki pito di se an 1923. Yo tout ka gen rezon paske tout dat sa yo gen plas yo nan listwa pawas la lè nou fouye nan liv ki ekri sou sa. Ann gade kisa ki koz pwoblèm nan tèt moun yo.
Alèkle, nou te ka di pa gen yon dat ki egzat lè n'ap pale nan ki lane pawas Sen Jozèf Pestèl fonde. Nan rechèch nou fè nou jwenn de (2) dat ki mete konfizyon nan tèt anpil moun. Premye dat la se ane 1821. Lè nou voye je nan Le télégraphe (Gazette officielle 2 décembre 1821, nou li ke Pestèl Pawas nan lane 1821 lè prezidan epòk la Jan Pyè Bwaye te sòti yon arete ki t ap pral défini yon nouvèl divizyon tèritwa. Dapre otè Linstant A., Linstant Pradeline, Emmanuel Édouard ki sòti "recueil des lois et des actes du gouvernement d'Haïti 1809-1821" Se lwa 6-17 oktob 1821 ki mete Pestèl pawas. Nan liv Du gouvernement civil en Haïti (1905) doktè Lwi Jozèf Janvye a, nou li atik 6 lwa 17 oktòb 1821 la, Pawas la se yon vil ki te gen yon legliz. Menm nan liv sa, nou li ke mo pawas sou ang administratif, gen yon sans Sivil, relijyèz ak militè. Mo pawas la egziste anndan konstitisyon 1806 la nan atik 32 a. Se an pawas yo te divize tout teritwa a. Sa vle di mo Komin lan pat poko itilize.
Swivan konpreyansyon nou, Pestèl pawas depi lane 1821; se prezidan Jan Pyè Beaye ki t ap pral fè vin pawas. Se paske te gentan pawas ki fè nan tòm istwa Toma Madiou (1827-1843) a, Madiou ekri fraz sa «En récompense du patriotisme des habitants de Pestel et des services qu'ils ont rendus à la cause populaire , leur paroisse est élevé au rang de commune ».
Publicité — faites défiler pour poursuivre la lecture
Si vous avez déjà créé un compte, connectez-vous GRATUITEMENT pour lire la suite de cet article.
Pas encore de compte ? Inscrivez-vous
0 commentaire
Les échanges courtois et argumentés font la qualité du débat.
Connectez-vous pour commenter. Un compte garantit que votre nom n'est utilisé que par vous.
Se connecter Créer un compte
Aucun commentaire pour l'instant. Soyez la première personne à réagir.