Écrire à la rédaction
Radio Pacific 101.5 fm
Société

Medam, men sa antibiyotik ka fè nou lè n pran li lè nou gen règ!

Medam, men sa antibiyotik ka fè nou lè n pran li lè nou gen règ!

Òdinèman, fi nan laj repwodiksyon, gen règ chak 28 jou, depi yo pa ansent, e depi yo pa nouris. Atò sa pote non règ paske matris la prepare l regilyèman pou gwosès. Si fi a pa arive ansent, matris la jete kouch li te pare pou resevwa gwosès la. Li fè sa dekwa pou chak gwosès ka pran nan yon kouch tou nèf tou fre, san afè enfeksyon pa gen anyen arevwa ak sa.  Kouch la desann ak san paske pwent veso ki t ap nouri kouch la kase pou pèmèt kouch la detache. Kote yo kase a, yo vide san annatandan matris la repare yo nan bati yon nouvo kouch, tou nèf, tou fre. Ki fè, san moun wè nan règ yo se bon san ki sot nan kò yo. Se pa san sal. Se bon jan bon san ki fè pati nòmal de jan kò fi fonksyone.

Anvan tan modèn nan, se tou patou sou Latè moun te konn mal konprann sa règ reprezante epi yo pran yon bagay nòmal, fè l reprezante salte. Se mal konprann sa a menm ki danse nan tèt ekriven Labib fè yo vin pale fi mal pou règ yo genyen kote yo asire chak gwosès fèt nan yon kouch tou nèf tou fre. Sa vin fè nan liv Levitik chapit 15, vèsè 19-20, ekriven Labib deklare:


« Lè yon dam gen règ li, pou l koule san, salte sa a dire 7 jou sou li, epi nenpòt moun ki manyen l pa p pwòp pou jouk li aswè. Pandan règ la sou li, nenpòt kote l kouche pa p pwòp, e nenpòt kote l chita pa pwòp…» 

Kalite mal konprann sa a  sitire medanm ann Ayiti kwè règ yo se yon salte epi san yo bay la se yon move san, pandan se pa vre ditou. Se bon jan bon san nan kò yo ki soti nan règ yo.


Nan pran règ pou salte,  anpil fi ann Ayiti vin kwè kò yo bezwen netwayaj konplè pou retire mikwòb apre règ yo. Se kon sa yon bann fi pran antibiyotik pou 10 jou apre règ yo kòmanse. Ayiti pa pou kont li nan zak sa a. Nan yon etid ki fèt nan peyi Nijerya ann Afrik, se youn sou chak 4 fi nan yon inèvèsite ki admèt yo pran antibiyotik lè yo gen règ yo.


Alèkile, yon pil fi pran règ yo, yon bagay nòmal,  pou maladi, epi yo tonbe trete tèt yo ak antibiyotik.  Deblozay sa a se yon gwo danje pou sante yo, e se yon malè pandye sou limanite. Jan medam yo sèvi ak antibiyotik fè matris la ki te sipoze yon lokal pou kreye lavi, vin tounen yon zam ki menase lavi nou tout.

Lè moun sèvi ak antibiyotik souvan sa ka kreye yon bann pwoblèm sante pou moun nan. Antibiyotik tèlman danjere, se sèlman lè danje sèvi avè l mwens pase danje maladi moun nan genyen an, se sèlman lè sa a pou moun asepte pran antibiyotik. Kòm règ pa maladi, danje pran antibiyotik pou trete règ pa ofri okenn avantaj. Sèl sa li ofri se danje.  
Remake, nan trip nou, nou gen bon mikwòb k ap veye pou anpeche move mikwòb anvanyi kò n. Antibiyotik konn touye mikwòb, san fè distenksyon ant bon mikwòb ak move mikwòb.  Antibiyotik konn touye bon mikwòb, pou kite plas pou move mikwòb anvayi trip nou pou jis yo pèse entesten n, fè n mouri vant anfle. Mwen pa konn konbyen fi an Ayiti ki mal machande lanmò vant anfle sa a, e ki jwenn li pou tèt antibiyotik yo te sèvi pou règ, pandan règ pa maladi.  

Alèkile nou konprann wòl bon mikwòb nan trip nou kòm alye sante nou. Gen pwodui bon mikwòb fè ki pase nan san nou pou al di sèvo n si n manje kont. Gen moun ki konn vin twò gwo paske antibiyotik dejwe bon mikwòb nan trip yo.


Kon sa tou, antibiyotik konn touye mikwòb an ba ti vant fi, pou fè move mikwòb pran pye. La a menm, se nan pran antibiyotik menm, medam sa yo vin devlope enfeksyon. La a ankò, se nan pran antibiyotik anpil fi al mal achte yon pwoblèm yo pa t ap janm genyen.
Tout sa, se kote medam yo chèche pwoblèm bay tèt yo. Men pwoblèm fi pa pou fi sèlman. Pwoblèm fi se pou nou tout. Koze pran antibiyotik pou règ, menase lavi nou tout.

Si vous avez déjà créé un compte, connectez-vous GRATUITEMENT pour lire la suite de cet article.

Connectez-vous

Pas encore de compte ? Inscrivez-vous

0 commentaire

Les échanges courtois et argumentés font la qualité du débat.

Connectez-vous pour commenter. Un compte garantit que votre nom n'est utilisé que par vous.

Se connecter Créer un compte

Aucun commentaire pour l'instant. Soyez la première personne à réagir.

À lire également

Toute la rubrique Société

Alertes du National

Recevez une notification sur votre téléphone ou votre ordinateur dès qu'un article paraît dans les rubriques de votre choix. Gratuit, avec votre compte lecteur.

Rubriques à suivre