Écrire à la rédaction
Radio Pacific 101.5 fm
Société

An Ayiti, ki laswenyay e pou ki malad mantal ?

An Ayiti, ki laswenyay e pou ki malad mantal ?

Atik sa a ekri nan lide pou sansiblize epi atire atansyon popilasyon ayisyen an an patikilye, ak popilasyon mondyal la an jeneral, sou kèk pwen nou jije ki vrèman enpòtan nan zafè sante mantal. Enspirasyon pou n ekri atik sa a soti nan yon estaj obsèvasyon nou te fè, soti mwa me pou rive mwa jiyè 2022, nan Sant Ospitalye Inivèsitè Newosikyatrik Mars & Kline, ki chita kò l nan ri Oswald Durand, tou pre lopital jeneral nan Pòtoprens.

An Ayiti, pou anpil moun, maladi mantal pa natirèl ditou. Pou kèk lòt, menmsi maladi mantal yo ta natirèl, lasyans pa sifi pou esplike ni trete yo, paske yo panse maladi sa yo gen yon rapò sere sere ak monn mistik la. Sa fè, malad mantal yo souvan sibi anpil enkonpreyansyon. Malgre anpil jefò ki fèt sou plan entènasyonal pou rive konprann epi trete anpil nan maladi mantal yo (tankou atravè yon pwogram aksyon OMS te mete sou pye nan lane 2008 ki te rele “Mental Health GAP Action Programme”), popilasyon ayisyen an pa sispann estigmatize yo. Pa bò isit, anpil fwa yo blame malad mantal yo, yo meprize yo, yo konsidere yo kòm iresponsab, parese, san janm panse sa ka rive malad yo pa responsab sitiyasyon yo ladan l lan. Anplis de tray malad mantal yo ap pase, dwa sante mantal yo pa sispann pase anba pye. E sa ap pase anba je desidè politik lasante yo. Poutan, se pa menm bagay nan yon seri lòt peyi tankou : Lasyèd, Almay, Finland, Lafrans… kote anpil jefò ap fèt pou dwa sante mantal moun respekte. Gouvènman peyi sa yo rive konprann, swen sante mantal jwe yon wol enpòtan nan nivo byennèt popilasyon yo. Se sa ki fè yo envèsti anpil nan zafè swen sante mantal. Pami peyi sa yo, rechèch fè nou konnen se Lafrans ki envèsti plis kòb nan swen sante mantal.

Move kondisyon lavi k ap chifonnen malad mantal yo nan peyi Dayiti pa yon sijè nouvo. Poutan, tout moun pa konprann reyalite sa nan menm nivo.  Jiyè 2022 a, reyalite sa kontinye ap mete tristès nan kè anpil moun. E jouk jounen jodya, sitiyasyon sa ap taye banda nan sant Mars & Kline la, yon lopital Leta ki espesyalize nan swen sante mantal.

 

Si vous avez déjà créé un compte, connectez-vous GRATUITEMENT pour lire la suite de cet article.

Connectez-vous

Pas encore de compte ? Inscrivez-vous

9 commentaires

Les échanges courtois et argumentés font la qualité du débat.

Connectez-vous pour commenter. Un compte garantit que votre nom n'est utilisé que par vous.

Se connecter Créer un compte

Castel Nolexta S.

Mèsi Himprévil, teks sila aprann mwen anpil sou maladi sila. Mwen jwenn konesans, map travay poum devlope konpotman. Chak fwa ou rakonte yonn nan istwa yo mwen santi mwen tris poum wè jan gen soufrans pa bo isit epi se komsi ou poko ka jwenn yon chanjman vre. Kontinye travay konsa, ou ouvri je nou sou anpil bagay.

1 réponse

Frantz HIMPREVIL

Mèsi anpil, Castel. Nou gen lespawa bagay yo ap chanje.

JEAN-BAPTISTE Valtshy

Mèsi pou sijè sa Mesye HiMPREVIL, ou louvri zye nou sou yon bann bagay ke nou te ignore enpòtans yo.Felisitasyon

1 réponse

Frantz HIMPREVIL

Mèsi anpil zanmi m, Valtshy !

Holdykens lainé

Mesi Mr Himprevil pou enfomasyon byn estriktire sa , li pemet nou pran swen sante mantal nou pi byn e konn kijan pou fe fas avel paskel li inevitab

Idenet CINÉ

Felisitasyon Himprévil.

Djeunie JOSEPH

M ap bese tèt mwen byen ba pou m remèsye HIMPREVIL pou atik sila. Atik sa pèmèt mwen pi konprann koze sante mantal la e konnen fason pou nou viv ak yo, san fè yo mechanste. E li sèvi yon gid k ap pèmèt mwen konseye lòt moun sou bon konpòtman ke yo dwe genyen anvè yon malad mantal.

Salina DANIEL

Atik sa trè edikatif, mwen felisite ou M. HIMPREVIL pou enfòmasyon sa yo ou mete disponib pou nou, konsa n ap konnen kijan pou nou trete, aji ak yon malad mantal, mèsi.

Max Stenfild

Bèl Travay M. HIMPREVIL. Enfòmasyon sa yo vrèman entèresan. Sa ap pèmèt nou konnen ki pi bon konpòtman n dwe genyen fas ak yon pwòch ki malad. Mèsi anpil.

À lire également

Toute la rubrique Société

Alertes du National

Recevez une notification sur votre téléphone ou votre ordinateur dès qu'un article paraît dans les rubriques de votre choix. Gratuit, avec votre compte lecteur.

Rubriques à suivre