Radio Pacific 101.5 fm

Société 2 min de lecture

MOJEPA salye viktwa Université Lumière nan konkou GENTECH la

MOJEPA salye viktwa Université Lumière nan konkou GENTECH la

Mouvman Jenès Pwogresis Ayisyen (MOJEPA) salye gwo fanmi Inivèsite Limyè, pandan l ap koumanse nan Dekana pase nan kò Pwofesora ak ansyen epi nouvo etidyan yo pou rive nan pèsonèl soutyen yo, pou kokennchenn konkou UNESCO te òganize nan tèt kole ak Ministè Travo Piblik ak Kominikasyon (MTPTC), eke branch Inivèsite Limyè nan Okay ranpòte viktwa sou lòt Inivèsite ki te patisipe yo, tankou : Inivèsite Piblik Grandans dezyèm epi Inivèsite GOC twazyèm.

An fèt, se premye edisyon konkou an ki reyini yon ventèn Inivèsite nan 5 depatman (Lwès, Sid, Grandans, Nò ak Latibonit), a rezon de 4 Inivèsite pa depatman. Nan sans sa a, patisipan (Etidyan) yo montre volonte yo pou kontribiye nan devlòpman dirab, inovasyon, prezèvasyon patrimwàn ak refleksyon sou anje teknolojik yo epi anviwònmantal. Nan menm lide sa a, MOJEPA di : Felisitasyon a 3 etidyan ki tal reprezantew FSTA/Inivèsite Limyè, n ap pale de : Brisius Ernso, Cazeau Stherlaugh ak Thanis Duel. Fòk nou note ke tout sa rive posib gras ak lidèchip Responsab yo.

Nou konnen byen ke Inivèsite Limyè konnen anpil difikilte pa rapò ak sitiyasyon ensekirite peyi a konnen, sa fè anviwon 10 ane kote Responsab yo oblije kite lokal yo nan Ri O, zòn Tijo pou al etabli yo nan lòt zòn, se sak fè Fakilte Syans ak Teknoloji Aplike (FSTA), branch Lwès la oblije kanpe, sa vle di sispann kou li yo. Men bòn nouvèl la, se ke Responsab yo koumanse ap fè pwomosyon pou relouvri Fakilte sila apati ane eskolè 2026-2027 la.

Publicité — faites défiler pour poursuivre la lecture

Si vous avez déjà créé un compte, connectez-vous GRATUITEMENT pour lire la suite de cet article.

Connectez-vous

Pas encore de compte ? Inscrivez-vous

Suivez-nous sur WhatsApp

0 commentaire

Les échanges courtois et argumentés font la qualité du débat.

Connectez-vous pour commenter. Un compte garantit que votre nom n'est utilisé que par vous.

Se connecter Créer un compte

Aucun commentaire pour l'instant. Soyez la première personne à réagir.

À lire également

Toute la rubrique Société

Alertes du National

Recevez une notification sur votre téléphone ou votre ordinateur dès qu'un article paraît dans les rubriques de votre choix. Gratuit, avec votre compte lecteur.

Rubriques à suivre