INFP ki kreye pa dekrè depi 9 oktòb 1973 te jis yon Enstiti ki te la pou fòme Kad epi Fòmatè pou travay nan Sant fòmasyon yo. Men pou estriktire Fòmasyon Pwofesyonèl ak Teknik peyi a, jou k te 23 oktòb 1984 la sou Prezidan Jean-Claude Duvalier vin gen yon dekrè-lwa ki pral dote INFP de yon premye Lwa-kad. Fòk nou presize, avan kreyasyon INFP, Sant fòmasyon pwofesyonèl yo te dirije dirèkteman pa yon Direksyon Teknik nan Ministè Edikasyon Nasyonal ki te rele ‘’ Direksyon zafè Teknik’’.
14 mas 1985 yon dekrè-lwa pwomilge pou vin plis kadre INFP kote ladan li nou vin jwenn tipoloji Sant yo ki se : Sant piblik, Sant sibvansyone ak Sant prive yo. E an 2018, yon nouvèl lwa vin pwomilge sou Prezidan Jovenel Moïse pou modènize sektè Fòmasyon pwofesyonèl peyi a. Se vre ke INFP òganize ekzamen pou Sant fòmasyon yo, men chak jou ki pase vin gen yon gwo eka ant Enstiti a ak Sant prive yo.
Pou palye ak sitiyasyon sila a, Me Franck Lauture ki se aktyèl Direktè jeneral INFP vle pote yon nouvèl touch pou bouche fose sila a. Nan menm lide sa a, DG a lanse yon kokennchenn resansman pou tout Lekòl pwofesyonèl prive yo nan peyi a, kit se sa yo ki gentan akredite deja nan Enstiti a oubyen tout sitwayen ki gen lekòl pwofesyonèl men ki poko anrejistre kòm sa dwa, yo tout dwe ranpli yon fòmilè resansman ke Responsab yo nan INFP mete disponib soti premye pou bout 30 avril 2026 la, yon pa, nan objektif pou rekeyi enfòmasyon ki konsène lekòl pwofesyonèl prive yo pou nou kapab mete ajou baz done INFP nan zafè akreditasyon Sant yo,. Yon lòt pa, pou wè tou nan Sant fòmasyon pwofesyonèl ki ta renmen jwenn akreditasyon pou yo fonksyone selon lalwa.
Publicité — faites défiler pour poursuivre la lecture
Si vous avez déjà créé un compte, connectez-vous GRATUITEMENT pour lire la suite de cet article.
Pas encore de compte ? Inscrivez-vous
1 commentaire
Les échanges courtois et argumentés font la qualité du débat.
Connectez-vous pour commenter. Un compte garantit que votre nom n'est utilisé que par vous.
Se connecter Créer un compte
Francoeur Dorcéus
Alò, nou swete Direktè a rive ateri nan rèv li jan ou sigjere sa. Pou Mwen, regilarize enstitisyon pwofesyonèl yo nan peyi a AP garanti pi bon imaj pou fòmasyon épi anpeche etidyan fè anpil tan AP swivi kou men ki pa ka jwenn menm yon sètifika fen etid ki valide yo nan sosyetea AK nan milye travay la