radiotelepacific@gmail.com
Radio Pacific 101.5 fm
Société

Yon kanpay mondyal pou pataje yon mesaj espwa!

Yon kanpay mondyal pou pataje yon mesaj espwa!

HAITI – MAS 2026 — Plis pase 9 milyon Temwen Jewova nan lemonnantye ap envite piblik la nan de evènman espesyal k ap fèt pou ede moun yo konnen pwomès Bib la fè pou gen yon demen miyò.

Nan aswè jedi 2 avril 2026 la, jou y ap selebre Soupe Seyè a ki fèt chak ane, ap gen yon diskou k ap mete aksan sou sa Jezi te anseye konsènan avni limanite.

Men sa Fred Aimé, pòtpawòl Temwen Jewova yo ann Ayiti deklare: “Lavi ak ansèyman Jezi gen anpil enpòtans pou anpil moun nan monn nan. Nou espere evènman sa a, yon selebrasyon kretyen yo rekonèt ki enpòtan depi prèske 2 000 an, ap ede moun ki vin asiste yo wè ki jan l makònen ak yon bèl espwa pou demen.”

Pandan kanpay la, Temwen yo ap envite moun yo tou nan yon diskou espesyal ki gen tit: "Kiyès ki pral repare tè a?" L ap fèt nan fen mwa mas 2026 la nan plis pase 119 000 kongregasyon Temwen Jewova nan monn nan.

Nan diskou sa a k ap dire 30 minit, n ap tande sa Bib la di sou:

·                 Relasyon lòm ak tè a

·                 Fason tè a pral retabli alavni

·                 Fason nou ka benefisye pwomès Bib la fè yo

Sa gen prèske 2 000 an, nan dat 14 Nizan nan kalandriye juif la, nan ane 33 epòk nou an, Jezi te tabli Soupe Seyè a ak apot li yo. Jou swa sa a, Jezi te bay lòd ki parèt nan Lik 22:19 la: "Kontinye fè sa pou nou montre nou sonje m."

Temwen Jewova yo obeyi lòd sa a chak ane nan menm jou a kòm yon rapèl espwa Bib la bay pou tè a repare a vrèman posib. Plis pase 20 milyon moun te asiste Soupe Seyè a ane pase.

Pou w ka aprann plis sou Soupe Seyè a ak diskou espesyal la, e pou w ka asiste nan yon lokal ki toupre w, tanpri vizite jw.org >enfòmasyon sou nou > memoryal. Toude evènman sa yo gratis e nenpòt moun ka asiste yo, jan sa ye pou tout evènman Temwen yo òganize.

 

James Aly

Biwo Relasyon Piblik

Syèj nasyonal Temwen Jewova yo

1 commentaire

Les échanges courtois et argumentés font la qualité du débat.

Connectez-vous pour commenter. Un compte garantit que votre nom n'est utilisé que par vous.

Se connecter Créer un compte

SJ

Rendezvous à ne pas rater

À lire également

Toute la rubrique Société

Alertes du National

Recevez une notification sur votre téléphone ou votre ordinateur dès qu'un article paraît dans les rubriques de votre choix. Gratuit, sans inscription.

Rubriques à suivre