En Route vers la Technique (ETECH) jou vandredi 20 jen 2025 la òganize yon sware lonè ak merit nan pwofi 7 Pèsonalite ak 5 Enstitisyon
Écouter l'article
Se sou tèm «Ann valorize konpetans nou you pou n ede peyi a vanse» , ekip ETECH òganize 12e edisyon Lonè ak merit En Route vers la Technique (ETECH) jou vandredi 20 jen 2025 la, nan Oditoryòm Collège Excelsior. Anfèt, ETECH ki mette l toutbon vre o sèvis popilasyon Ayitien an, depi Dizwit (18) ane, kote l ap fè pwomosyon pou pwofesyon yo, an jeneral ak metye manyèl yo, an patikilye. Nan sans sa a, pou fè plis enpak, ETECH prezante emisyon En Route vers la Technique soti 2007 pou rive 2018. Et de fason paralèl, menm Asosiyasyon sila a òganize deja onz (edisyon) Lonè ak Merit kote l onore plis pase 120 pèsonalite nan tout kouch sosyal peyi a. Nan objektif pou Responsab ETECH yo prezante bay sosyete ayitien an yon seri de modèl pou yo swiv kèlkeswa sektè pèsonaj sila a ap evolye. Pami resipyanndè déjà Onore yo nou ka site : Pastè Dr Jean Bilda Robert, M. Rénald Jeune, Me Joël Turenne, Dr Vezel Philistin, Madame Muriele Leconte, Madam Karine Sanon, Madam Marina Gourgue, Pwofesè Pierre Josué Agénor Cadet, Enjenyè Daniel Dupiton, Doyen Wadestrant Jean-Baptiste, M. Frantz Gouraige, defen Enjenyè Emmanuel Sanon, pou n site non sila yo sèlman..,
Note ke nan sware sila a ETECH onore 12 resipyanndè (7 pèsonalite ak 5 Enstitisyon):
Lis resipyandè pou 12e edisyon-an, pou pèsonalite yo:
M. Michel SOUKAR, M. Jean-Robert ARGANT, M. Stanley DERISTIL, M. Raymond HYGIN, M. Joël LALOI, M. Ernest CAMILLE ak M. Romanès Samedi.
Pou Enstitisyon yo :
Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA), Séminaire de Théologie Évangélique de Port-au-Prince (STEP), Forces Armées d’Haïti (FAd’H), JL Fine Shoes S.A. ak Go On New English Institute.
Nan diskou sikonstans la, Me Ruben Sanon ki se Prezidan Fondatè Asosiyasyon En Route vers la Technique (ETECH) fè yon miz an kontèks seremoni 12e nan pandan li fè istorisite ETECH pou di : Si Leta peyi m, ak sektè zafè peyi a dakò pou valorize konpetans nou yo lavi ka reboujounen nan peyi a.
Valorize konpetans vle di : premyèman sekirize peyi a pou teknisyen yo ganye lavi yo lib elibè pou pran swen non sèlman tèt yo men tou fanmi ak zanmi yo.
Dezyèmman valorize konpetans vle di bay teknisyen nou yo yon chans pou al enplemante kèk lòt teknoloji nan kèlkeswa domèn nan avèk lòtbò dlo jis pou yo ka retounen vin konstwi lakay.
Nan diskou pa l nan non lòt resipyanndè yo, Mesye Jean-Robert Argant remèsye tout ekip ETECH la non sèlman paske yo onore l men tou pou pote diskou sikonstans nan non tout lòt resipyanndè yo. Epi di ke tout pri sila montre nou tout Resipyanndè yo ke tout ti travay ke n ap fè, chak angajman ke n ap pran pa pase inapèsi. Distenksyon jodi a ke Asosiyasyon ETECH ofri ak chak moun epi Enstitisyon ki gen angajman ki konvèje nan yon sèl objektif pou fè Ayiti mache pi byen.
Zanmi lektè yo, 12e edisyon ETECH se te yon gran reyisit, lè n konsidere Sitiyasyon peyi nou, lè n gade kouman Ayitien pa bay Ayitien parèy yo valè, Asosiyasyon En Route vers la Technique (ETECH) ap fè yon travay ki merite anpil ankourajman. Se poutèt sa Responsab ETECH yo remèsye w.
Nan sans sa a ETECH remèsye ankò : Madam Karine Sanon ki se PDG Collège Excelsior, Me Joël Turenne ki se DG Ministère des Cultes, M. Jean Rénald Jeune ki se Prezidan SAFOPTEC, Pastè Edzel Auguste ki se Prezidan Fondasyon Go Haiti, ak Pastè Jean Bilda Robert ki se PDG CUPS ak Reprezantan Ligue Biblique Ayiti.
ETECH ap pwofite remèsye kèk lòt zanmi pou sipò yo, tankou: Dr Vezel Philistin, M. Odines Paulimé, Madam Judith Bellegarde, Direktris Rosana Jean, Agwonòm Lucson Dervilus, Nocles Debréus, M. Housson Jean François, Pastè Phony Peranstin, Madam Murielle Jeanty, Kòdonatèw Près ETECH la M. Dieumaitre Dessources ak tout konfrè Laprès pale, ekri, televize ak anliy yo, san l pa bliye manm pwotokòl yo (Olguesse Michel, Elioude Sanon, Dukens Dacius, Philomise Brutus, Eli-Shama ak Daphney) ansanm ak Mèt seremoni a ki se Ralf Jn Mary epi Komisyon 12e nan kite travay sou chwa resipyanndè yo.
Selon Responsab yo depi kounye a ekip ETECH la deja mete kap sou 13e edisyon an. Konsa, yon Enstitisyon ou yon enterese k ap kontakte Asosiyasyon an nan: enrouteverslatechnique2007@gmail.com oubyen pa watsap : 509 3846-7208.
Donk, definitivman Asosiyasyon En Route vers la Technique ap fè yon bon travay nan peyi a nan sans sa a nou panse ke li enpòtan e mande pou Leta Ayitien ansanm ak sektè prive peyi a ta ankadre ETECH.
Auny Saint-Louis
0 commentaire
Les échanges courtois et argumentés font la qualité du débat.
Connectez-vous pour commenter. Un compte garantit que votre nom n'est utilisé que par vous.
Se connecter Créer un compte
Aucun commentaire pour l'instant. Soyez la première personne à réagir.