FÈT A KWAF : ANT SYANS, MISTIK AK MITOLOJI
Gen mistè ki travèse tan san yo pa pèdi pwa yo nan kwayans pèp yo. Pami mistè sa yo, fèt a kwaf la se youn nan pi ansyen e pi entrigan. Se pa sèlman yon fenomèn medikal ki rive lè yon timoun fèt ak yon pati oswa tout sak amnyotik la toujou sou li, men li se tou yon siy mistik ki depase syans e ki plonje rasin li nan mitoloji, relijyon ak kwayans ezoterik.
Nan plizyè kilti, timoun ki fèt a kwaf yo pa janm konsidere kòm òdinè. Yo di yo pote chans, yo gen kapasite pou wè sa lòt moun pa wè, e pafwa yo menm pase pou mesaje ki genyen yon lyen ak mond envizib la. Se konsa, Ayiti, menm jan ak lòt kote, fabrike pwòp entèpretasyon l sou sa. Annou fouye pi fon, pandan n ap mete syans ak mitoloji fasafas pou nou konprann tout dimansyon mistik timoun sa yo.
Sou plan syantifik, fèt a kwaf la rive lè yon timoun fèt san sak amnyotik li pa kase pandan travay akouchman an. Sak sa a, ki nòmalman pete pou kite bebe a sòti, rete entak nan ka sa a, sa ki fè li parèt vlope nan yon vwal limyè, pafwa transparan, pafwa kouvri ak yon krèm blanch ke syantifik yo rele "vernix caseosa."
Si vous avez déjà créé un compte, connectez-vous GRATUITEMENT pour lire la suite de cet article.
Pas encore de compte ? Inscrivez-vous
0 commentaire
Les échanges courtois et argumentés font la qualité du débat.
Connectez-vous pour commenter. Un compte garantit que votre nom n'est utilisé que par vous.
Se connecter Créer un compte
Aucun commentaire pour l'instant. Soyez la première personne à réagir.