Radio Pacific 101.5 fm

Société 12 min de lecture

Adye zegwi, bonjou inovasyon nan pran san moun: Sak pase dòk la?

Adye zegwi, bonjou inovasyon nan pran san moun: Sak pase dòk la?

Nan mwa oktòb 2024 la, 25 lane apre mwen fin pran retrèt mwen kòm doktè, mwen te retounen nan inivèsite mwen te etidye, Universidad Nacional Autónoma nan México (UNAM). Mwen te sezi wè jan ansèyman medsin te chanje nèt. Pandan mwen t’ ap rantre nan youn nan klas modèn yo, mwen te santi m tankou yon nèg mòn ki debake nan yon aparèy ki konn vwayaje nan lespas. Kote Bistouri yo ? Kote kadav yo ? Kote sant fòmol ki te konn toumante m lè m t ap etidye medsin nan ?

Nan epòk mwen an, pou w aprann anatomi, fòk ou te rekase manch ou, pran yon bistouri epi fouye toupatou andedan mò a ti kal pa ti kal. Se konsa tout etidyan nan medsin te inisye.

Jounen jodiya gras ak sa yo rele imaj gwo rezolisyon, ekran nimerik taktil, e menm ak ologram, teknik nou wè  yo itilize nan fim Stars Wars la pou fè prensès Leia parèt, oswa teknoloji Tony Stark itilize nan fim Iron Man nan, se menm teknik sa yo itilize nan ansèyman medsin. Se konsa kounya etidyan nan medsin aprann dekoupe  moun, se ak imaj vityèl, anplis yo pa menm bezwen fòmòl. Menm si m kontinye panse ke esperyans reyèl la ak vityèl pap janm menm bagay, men nou dakò tou, kadav vityèl la pap janm santi, ni sèch, l ap toujou rete an bon eta.

Publicité — faites défiler pour poursuivre la lecture

Si vous avez déjà créé un compte, connectez-vous GRATUITEMENT pour lire la suite de cet article.

Connectez-vous

Pas encore de compte ? Inscrivez-vous

Suivez-nous sur WhatsApp

0 commentaire

Les échanges courtois et argumentés font la qualité du débat.

Connectez-vous pour commenter. Un compte garantit que votre nom n'est utilisé que par vous.

Se connecter Créer un compte

Aucun commentaire pour l'instant. Soyez la première personne à réagir.

À lire également

Toute la rubrique Société

Alertes du National

Recevez une notification sur votre téléphone ou votre ordinateur dès qu'un article paraît dans les rubriques de votre choix. Gratuit, avec votre compte lecteur.

Rubriques à suivre