Pon ant monn envizib ak monn rasyonèl la, yon dyaspora an Ayiti
Anba yon gwo lalin ki pandje tankou yon gwo lanp koulè ajan k ap klere nan syèl la ki chaje ak zetwal, wout Bwoken yo sanble sòti nan yon monn mistik. Minwi sonnen, lè a djab, lè monn vizib ap fwote ak monn envizib la. Byen lwen nou tande tanbou k ap frape tou piti, tanbou sa yo pote memwa zansèt nou yo ki chita nan nanm pèp ayisyen an.
Nan mitan nwit lannwit sa a, pandan n ap kite anbyans mistik « Lakou Prevan » an pou retounen nan Aken, genyen yon imaj ki t ap toumante lespri m : yon jenn fanm, ki sanble genyen 25 lane, mèg kou kaw, fatige, yo tap mennem nan seremoni an sou yon kad. Jenn fanm sa a, sanble paralize apre yon kriz eklanmsi li fè twa semen apre li fin akouche. Se pa lopital li te chwazi ale pou li jwenn laswenyay, men, se nan yon seremoni vodou. Li espere jwenn gerizon nan men lwa yo yo t ap rele a. Imaj sa a pa sispann toumante m, e te fè m reflechi : Poukisa pa genyen pèsonn nan pami moun ki te nan seremoni an ki te chèche konnen poukisa se pa t swen modèn malerèz ki te kouche sou kad la t al chèhè o lye li vin kouche la a nan yon seremoni ap tann lwa yo fè kichòy pou li ? Poukisa se pa t kay doktè li t ale?
Poukisa jenn fanm sa ak Ayiti sanble pap danse sou menm pye ak rès monn lan ? Yo nan mitan, tradisyon zansèt yo on bò ap rale yo, modènite sou lòt bò a ap rale yo tou. Eske se konsa pou lavi l, listwa l te fini menm oswa èske se pat yon bon okazyon pou nou bati yon pon nan mitan de monn, monn viziv ak monn envizib la ?
Si vous avez déjà créé un compte, connectez-vous GRATUITEMENT pour lire la suite de cet article.
Pas encore de compte ? Inscrivez-vous
0 commentaire
Les échanges courtois et argumentés font la qualité du débat.
Connectez-vous pour commenter. Un compte garantit que votre nom n'est utilisé que par vous.
Se connecter Créer un compte
Aucun commentaire pour l'instant. Soyez la première personne à réagir.