Mistè, syans, idante : yon beny nan kè vodou ayisyen an, yon diaspora an Ayiti
« Ey dòk kanpe la ! » Se kout rèl sa a Roudy banm mwen ki fè m kanpe sèk. Se te kout rèl yon moun ki kwè li abitye wè oswa panse li konn wè sa nou pa ka wè yo. « Si w gen malè ou rantre dèyè kaskad la nan gwòt la djab la ap manje w tou vivan ! ». Silans ki tonbe apre pawòl sa yo sanble fè kaskad yo gwonde pi fò toujou tankou m ta dou w se pou montre se pa te pawòl tafya ki sot pale a.
Men, pou jan m tripòt ak jan tèt mwen di pawòl sa yo pa ta ka fè m pa rantre nan gwòt la. Mwen fè kòmsi pa wè jan moun yo ki te mennenm yo, abitan nan zòn nan, kèk fanm ki t ap lave arebò dlo a, te kale je yo ap gade m. Mwen pran tan m, m wete tout rad ki sou mwen, m kite sèl kalson m. Nan moman sa doktè a ak on ti zèl slip sou li tounen yon espektak, ki ta pral toke kòn li ak lwa yo, oswa ki ta pral voye vant li.
Chak gout dlo glase ki soti nan so a, o mwen 20 mèt wotè se tankou yon kout fwèt ki tonbe sou po m. Se te yon tès, yon beny pou chase move lè, yon seremoni ou paka pa fè, ki tonbe sou mwen brid sou kou. Andedan gwòt la te preske fè nwa nèt, ou ta di se kòmsi anndan an pa te senp. Men se lè mwen antre gwo defi a kòmanse tout bon vre. Dapre abitan nan zòn yo, gwòt se bitasyon kèk lwa li ye, menm on tchwit ou pa tande andedan an. Se sèl lonbraj mwen, mwen te kapab wè k ap fè lago sou mi yo. Tout san m tresayi, laperèz ak eksitasyon anvayi m. Eske mwen sot fè yon dereskpektan oswa eske mwen tou inisye ?
Si vous avez déjà créé un compte, connectez-vous GRATUITEMENT pour lire la suite de cet article.
Pas encore de compte ? Inscrivez-vous
0 commentaire
Les échanges courtois et argumentés font la qualité du débat.
Connectez-vous pour commenter. Un compte garantit que votre nom n'est utilisé que par vous.
Se connecter Créer un compte
Aucun commentaire pour l'instant. Soyez la première personne à réagir.