Écrire à la rédaction
Radio Pacific 101.5 fm
Société

Kennedy, Biden: kisa Trump a pral konstui fwa sa nan lespri pèp ayisyen an ?

Kennedy, Biden: kisa Trump a pral konstui fwa sa nan lespri pèp ayisyen an ?

Depi pratikman de lane (5 janvye 2023-2025), non prezidan Biden ta pral okipe yon plas espesyal nan imajinasyon popilè, kominikasyon sou rezo sosyo ak sitou aktyalite politik, ekonomik, profesyonèl, familyal, zanmitay ak anmourez nan peyi Dayiti, tankou twa lòt peyi, tankou Kiba, Nikaragwa ak Venezyela, ki ta pral benefisye pwogram imatè pou fanmi ak pwòch nan Etazini ka pèmèt fanmi ak zanmi yo kap viv nan youn nan peyi sa yo, rantre Etazini vini jwen yo gras ak pwogram "Humanitarian Parole". 

Depi pwogram sa te koumanse aplike, anpil nan anvi, rèv, pwojè, pwomès mele ak  vyolans, strès nan peyi Dayiti, bezwen pi bon kondisyon anviwonman, etid ak travay, ou byen pou rejwen kèk ti boubout ta pral vini yon reyalite. Gras ak pil ak pakèt santèn ak plizyè milye moun dosye ta pral jwen repons pozitif. 

De jenou atè, priye maten midi wa, de men ap louwe, anpil kout louwanj mele ak Ayibobo, ou byen mèsi prezidan Biden ta pral tonbe nan tout kouch sosyal nan peyi Dayiti. Tout moun jwen, Katolik, Vodouyizan, Protestan mele ak tout sektè relijye ou byen aktivite ekonomik peyi a, ta pral asiste ak deplasman ou byen absans anpil nan moun nou te konen, ki ta pral gen chans pati al Etazini nan pwogram Biden nan. 

Si vous avez déjà créé un compte, connectez-vous GRATUITEMENT pour lire la suite de cet article.

Connectez-vous

Pas encore de compte ? Inscrivez-vous

0 commentaire

Les échanges courtois et argumentés font la qualité du débat.

Connectez-vous pour commenter. Un compte garantit que votre nom n'est utilisé que par vous.

Se connecter Créer un compte

Aucun commentaire pour l'instant. Soyez la première personne à réagir.

À lire également

Toute la rubrique Société

Alertes du National

Recevez une notification sur votre téléphone ou votre ordinateur dès qu'un article paraît dans les rubriques de votre choix. Gratuit, avec votre compte lecteur.

Rubriques à suivre